Aprann respekte règ ekriti lang kreyòl ayisyen
Yon tèks Hugues Saint-Fort Deplizanpli Ayisyen ap ekri an kreyòl sou entènèt. Se yon bon desizyon paske nou dwe pran abitid ekri an kreyòl. Men, nou dwe konnen ke lang kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl depi fen janvye 1980. Sa vle di nou pa dwe ekri lang kreyòl nenpòt kòman. Anpil pami konpatriyòt mwen
