Yon tèks Hugues Saint-Fort
Deplizanpli Ayisyen ap ekri an kreyòl sou entènèt. Se yon bon desizyon paske nou dwe pran abitid ekri an kreyòl. Men, nou dwe konnen ke lang kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl depi fen janvye 1980.
Sa vle di nou pa dwe ekri lang kreyòl nenpòt kòman. Anpil pami konpatriyòt mwen yo, pa respekte òtograf ofisyèl lang kreyòl la. Yo fè fot ki pi malouk yo lè y ap ekri an kreyòl. Ki pwogrè ki fèt lè nou kontinye ekri kreyòl nenpòt kòman, san respekte règ ekriti lang lan ?
Nou tout ki te aprann ekri lang franse ak lang angle konnen pou nou respekte òtograf 2 lang sa yo. Pou ki rezon konpatriyòt sa yo pa bay lang kreyòl la menm respè sa a ? Genyen yon istwa rechèch serye, solid, syantifik ki dèyè òtograf ofisyèl kreyòl ayisyen an.
Mwen te ekri mwa pase a yon istwa òtograf kreyòl ayisyen ki detaye ki jan rechèch pou etabli yon òtograf sistematik lang kreyòl ayisyen te kòmanse, ki moun ki te kòmanse travay sa a, ki jan li te evolye, ki pwoblèm li te jwenn…Se pa yon òtograf ki te jis parèt kon sa nan kominote ayisyen an.
Òtograf ofisyèl nou genyen jodi a se rezilta rechèch lengwis ak edikatè ki rive tabli li, apre anpil batay epi mete li jan nou wè li kounyè a. Epi, gen Leta ayisyen ki te kore li avèk yon dekrè ofisyèl. Jounen jodi a, se yon òtograf ki pi regilye, epi ki pi koyeran pase òtograf franse.
Se yon òtograf ki otonòm parapò ak òtograf franse. Donk, nou dwe ba li tout respè li merite. Nou dwe aprann ki jan li fonksyone, aprann ki jan pou nou ekri li. Si nou pa aprann li, nou p ap janm ka ekri li kòrèkteman.
Hugues Saint-Fort

