12 mai 2026
Noël 2018 : Message du président de la République d’Haïti, Jovenel Moïse
Actualités Culture

Noël 2018 : Message du président de la République d’Haïti, Jovenel Moïse

Mesaj Prezidan Repiblik la Ekselans Jovenel Moïse nan okazyon fèt fen dane yo

Pèp Ayisyen, Frè m ak sè m yo,
Nou rive nan finisman lane 2018 la. Yon lane ki te difisil pou anpil nan nou. A koz pwoblem sosyal, ekonomik ak politik peyi nou ap andire.
Gras ak jefò gouvènman an gen pwogrè ki fèt tankou nan konstwiksyon wout, pwodiksyon enèji, irige plis tè, akonpaye moun ki nan domèn agrikilki, pou m site sa yo sèlman. Men nou tout dakò ke travay sa yo pa sifi.

N ap bezwen fè plis jefò pou nou ka amelyore jan chak ayisyen ap viv.
Pou nou rive leve gwo defi k ap tann nou se pou fèt nwèl ak fèt fen ane yo jwenn nou ini e fyè de sa nouye:yon pèp diy, yon pèp ki konn travay, yon pèp ki gen anpil fyète. Pou ane 2019 la, se pou nou travay ak plis fòs, pou ka gen plis jistis ak egalite nan peyi a.

Se pou nou travay pou tabli lapè nan dyalòg, respè ak anpil konsiderasyon yonn pou lòt. Se pou nou antann nou pou oganize eleksyon san fòs kote, ak patisipasyon tout moun. Nou se yon pèp ki gen detèminasyon.Se ak menm detèminasyon sa ke nou pran yon wout san fè bak pou n rive nan pwosperite.

Pwosperite ki vle di diyite pou tout moun nan peyi a. Pou chak fanmi an Ayiti ka benefisye bonjan enfrastrikti tankou wout, dlo ak kouran. Pou chak Ayisyen ka deplase nan yon peyi pi byen konekte. Avèk wout ki nan bon eta ki fè nou pi pre youn lòt. Pou sa ki pi fèb yo jwenn tout atansyon yo merite pou yo koute yo e pou yo respekte yo.

Se pousa nou ranfòse pwogram sosyal yo.

Nou komanse ak yon pwosesis rebwazman serye nan peyi a. Nou vle kite yon Ayiti pi bon, pou nou ka viv pi byen. Se moman pou nou met fòs nou ansanm poun ka vanse pou pi devan. Annou kase chèn divizyon ak ipokrizi pou nou pèmèt deviz nou ki se, “l’union fait la force”, pran plas li.

Mwen konvenki, e mwen kwè si nou mete kè nou, nanm nou ak tèt nou ansanm, nap rive kraze tout baryè ki anpeche peyi nou pran wout devlopman nou tout reve a. Mwen menm ansanm ak Premye Dam nan, ap swete w pase yon bòn fèt ranpli ak lapè ak anpil benediksyon, an konpayi moun ou pi renmen yo: Fanmi w ak zanmi w. JWAYE NWEL 2018BON ANE 2019

2 Comments

  • Kakajepalinet 24 décembre 2018

    Mo ekselans, saa, se youn mo ki pase mòd lan zafè prezidan e ki itilize pou rele reprezantan rèn Angletè nan peyi komonwelf yo. Mo ekselans ki di lan ve sa yo, se pawòl tisousou ki ekri nòt la kap radote fè sopuflantchou. Pa rayè, jovnel, ti malandren kap vòlè tout pèp la, epi kap vin swete joye nowel, se rans. Si jovenel paka di men kob Petrocaribe, li se ennmi tout pèp la, alel laba ak swè ipokrit li yo.

    • Paola 26 décembre 2018

      Ca prendra 2000 ans pour que ces soussou/souflantchou realisent qu’il s’agit d’un terme moyenageux. Tant quils pourront obtenir des miettes et des os ils n’arreteront pas.
      Pour Petro Caribe le peuple haitien est le seul responsable de ce dossier. Le peuple sait tout ce qu’il faut savoir et connait de nom tous les accuses. Si ce dossier n’avance pas, cest que ce peuple merite d’etre cambriole.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.