14 mars 2026
Kreyòl

Kreyòl

Articles écrits en créole

Actualités Kreyòl Société Sport

Pwoblèm | Moun Pestèl pa ka jwenn dlo : kòman pou n evite yon katastwòf ?

Sou zafè pwoblèm dlo moun Komin Pestèl pa ka jwenn: kòman evite yon katastwòf ?  Dimanch 26 fevriye 2023 ((rezonodwes.com))– Dènye semenm  sa yo, nouvèl meteo   ki sòti nan komin Pestèl ki nan depatman Grandans e ki gen yon popilasyon evalye a 44,659 abitan ak yon sipèfisi 286,8 km² pa bon ditou. Se divès rèl k ap sòti

Read More
Actualités Kreyòl Société

Sòti nan zenglendo pase pran brigad pou rive nan gang, se leta ki mete lwil sou dife ensekirite a

Pou n byen konprann orijin ensekirite a an Ayiti Sòti nan zenglendo pase pran brigad pou rive nan gang, ensekirite a, dapre Olivier Djems ki se sosyològ, sibi anpil transfòmasyon nan fòm ak ekspresyon li anndan katye popilè yo. Pou koulye a kantite gwoup gang yo pa sispans ogmante. Nan lane 2019 , Strateji nasyonal

Read More
Actualités Culture Kreyòl Société

Deklarasyon Jan Mapou pou salouwe KOUKOUY DÈLMA

15 fevriye 2023, se yon dat enpòtan pou tout manm Sosyet Koukouy Dèlma. Se nan dat sa branch Sosyete Koukouy Dèlma jwenn kat batèm li. Seremoni lansman branch sila te fèt nan Bazilik 33, Dèlma. Jean Mapou, sèl grenn Fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen (1965) ki rete vivan, te fè yon deklarasyon pou make okazyon an.

Read More
Actualités Culture Kreyòl Société

Tafa Mi-Soleil pral sòti yon EP nan kèk jou

Ansyen chantèz label EvazyonMizik la Tafa ap sòti yon nouvo pwojè nan yon ti tan ki pa twò long. Se sa jounalis kiltirèl Carel Pèdre fè konnen nan yon pòs li fè sou kont twitter li ayè 21 fevriye a aprè l te fin chita pale ak atis la. « Nan kèk jou ⁦@SoleilTafa pral soti

Read More
Actualités Culture Kreyòl Société

W ap konn Jòj ! kote ekspresyon sa soti…

Se pa jodi a n ap tande Ayisyen k ap lanse gwo menas bay lòt Ayisyen parèy yo nan itilize ekspresyon « W ap konn Jòj ».  Ou ka tande yon Ayisyen di, an ! ou pa p remèt mwen lajan an ! ok ! an ! ou menm ki poze aksyon sa ! ou rete la

Read More
Actualités Culture Kreyòl Musique Société

Etazini : Lajistis mande pou mete 25 lane anplis sou kondanasyon atis R. Kelly

Lajistis meriken mande pou mete 25 lane anplis sou santans atis R. Kelly  Alòs ke li ta dwe pase 30 lane nan prizon, lajistis federal ameriken mande jij ki sou dosye chantè ameriken R. Kelly pou l mete 25 lane anplis sou santans atis la. Ansanm pwokirè yo akize chantè a pou zak pònografi li

Read More
Actualités Culture Kreyòl Société

Yon nouvo branch Sosyete Koukouy tabli nan Dèlma

Sosyete Koukouy ap pouse boujon toupatou. Tanzantan, fanmi an ap grandi. Konsa, mèkredi 15 fevriye 2023 a, nan Bazilik 33, Dèlma 33, yon gwoup jenn fanm ak jenn gason ayisyen, (operatè kiltirèl, ekriven, powèt), manm Sosyete Koukouy, lanse branch Sosyete Koukouy Dèlma. Jounalis, ekriven, chantè, dizè… pou nou site sa yo sèlman te reponn prezan

Read More
Actualités Kreyòl Société

Frakka mande pèp la kontinye mobilize kont leta manfouben, piyajè ak kriminèl

FÒS REFLEKSYON AK AKSYON SOU KOZE KAY AK ALIMANTASYON (FRAKKA) Nòt sou sitiyasyon malouk k ap brase bil peyi a Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA) ap suiv ak anpil enkyetid sitiyasyon malouk k ap brase bil peyi a. Sitiyasyon latèrè gang ak sapat mete ak gang ak kostim yo tabli nan

Read More
Actualités Kreyòl Société

Sou koze dat fondasyon pawas Sen Jozèf Pestèl

Sou koze dat fondasyon pawas Sen Jozèf, tout moun gen tandans rale dat ki fè yo plezi. Genyen ki chwazi rale 1821, gen sa ki di 1866 e menm gen lòt ki pito di se an 1923. Yo tout ka gen rezon paske tout dat sa yo gen plas yo nan listwa pawas la lè

Read More
Actualités Culture Kreyòl Société

Sosyete Koukouy ap lanse yon branch tou nèf nan Delmas jodi mèkredi a

LANSMAN BRANCH SOSYETE KOUKOUY DÈLMA Yon gwoup jenn fanm ak jenn gason ayisyen, (operatè kiltirèl, ekriven, powèt), bay randevou nan Restoran Bazilik 33 (menm kote ak Palais de l’Art, toupre Lopital Lapè, Dèlma 33) mèkredi 15 fevriye 2023, 10 zè nan maten pou lanse branch Sosyete Koukouy Dèlma, Pi  ansyen  òganizasyon  literè  ak  kiltirèl  ayisyen 

Read More