Petisyon : yon pil ak pakèt ekriven ayisyen di yo pa nan »Livres en folie » si jal Pwosper Avril alonè
Pòtoprens ,Ayiti, Nan jou mèkredi 12 Avril Nan lane 2023 NON, pa Prosper Avril Noumenm, ekriven, atis ,chèchè, moun ki nan koze lakilti, lektè, lektris tout kalte, nou pran desizyon fèm pou nou pa patisipe, nan okenn fòm, ni kòm achtè ni kòm pwodiktè, nan okenn aktivite ki konsène evènman« Livres en folie », ane sa a.
