Zanj Vodrèy
Wout Vodrèy m kwaze bab pou bab yon zanj Sou latè pou pechè latè Lesyèl pou zanj vòltije Me sou wout Vodrèy m kwaze bab pou bab yon zanj Trèz lane anvan M te wè w nan rèv Anyen pa chanje Rèv la tèt koupe je klè Grandi w grandi w ase Matirite w debòde
