27 mars 2026
Ayiti 1986-2026 : 40 lane batay pou chanjman
Actualités Kreyòl Société

Ayiti 1986-2026 : 40 lane batay pou chanjman

Sa fè plis pase 40 lane depi pèp ayisyen an dechouke rejim sanginè Divalye yo. Peyi a twouve li lan yon kriz pèmanan. Tout jefò, tout batay, tout revandikasyon ki fèt pandan tout lane sa yo, pa rive pote yon chanjman lan kondisyon lavi mas popilè yo. Se vre gen kèk viktwa ki rive rache kankou libète lapawòl, lit pou dwa fanm, elatriye. Men kondisyon materyèl pèp la pa chanje. Okontrè, bagay yo vin pi mal de jou an jou. Jounen jodi a, sosyete a fin dekonstonbre, majorite moun ap soufri grangou, gang blayi laterè, anpil moun pèdi lavi yo, yon pakèt lòt lan kouri.

Poutan depi 1986, pèp aysyen ap batay pou mande yon lòt Leta, yon lòt sistèm. Depi epòk sa a, revandikasyon yo te klè : refòm agrè, ogmantasyon salè minimòm, banjan lojman, demokrasi, jistis, transparans, yon lòt edikasyon, plas lang kreyòl, rekonesans vodou, valorizasyon kilti ak mizik popilè, elatriye. Jounen jodi a, keksyon an se eseye konprann poukisa pifò lan revandikasyon sa yo pa rive pran pye toutbon.

Pou nou reponn keksyon sa yo, li enpòtan pou nou analize ki gwoup, ki aktè sou teren an ki te anpeche e k ap kontinye bloke tout chanjman pèp la ap mande yo.   

Men anvan menm nou gade aktè ak gwoup sosyal ki sou teren an k ap bloke tout pwogrè pou peyi a, ann gade ki eritaj rejim Divalier yo kite.

Rejim sa a te mete sou pye yon sistèm represyon grenn kraze ki te demantle tout òganizasyon kankou sendika, peyizan, travayè, etidyan, jounalis pandan prèske 30 lane li fè sou pouvwa a. Kidonk, an 1986, tout òganizasyon sa yo ki tap batay pou amelyore kondisyon mas yo pat prèske egziste ankò.

Rejim sa a te gangrennen tout enstisyon Leta yo ak koripsyon, piyay sou kès Leta tap fèt aklè. Kidonk, rive 1986, pratik sa a te kontinye kankou yon bagay nòmal.

Pandan tout prèske 30 lane sa yo, degradasyon anviwonman, volò tè tipeyizan ak represyon sou yo, te monte disèt wotè. Anpil peyizan te oblije al pran refij lan kapital la. Se konsa bidonvil ak katyè popilè ogmante anpil. 

Se lan menm epòk sa a, rejim Duvalier a lan vin louvri peyi a pou faktori soutretans enstale anndan peyi a. Boujwazi soutretans lan pwofite eksplwate pèp la san pran souf ak yon salè pwatrinè. Yo te pwofite anpil paske yo konnen epòk sa a revandikasyon, ak òganizasyon sendikal te entèdi. Yo te mize sou rejim makout lan pou fèmen tout bouch moun ki t ap revandike. 

Rejim lan te egzile anpil kad (pwofesè, medsen, enjenyè, atizan, elatriye) ki te ka sèvi lan yon pwogram devlopman peyi a. 

Tout bagay sa yo, se eritaj rejim Duvalier yo. Yon eritaj ki te veritableman yon blokaj estriktirèl pou chanje Leta, lit pou konstwi yon lòt Leta, yon blokaj pou devlopman ak pwogrè.

Apre chit rejim Divalye yo, baboukèt la vin tonbe. Anpil revandikasyon reparèt sou teren an. Men pou fè revandikasyon sa yo tounen reyalite tout bon, sa te mande bon jan òganizasyon djanm, òganizasyon popilè, sendikal, peyizan ki pote lit la lan yon lòt nivo, sètadi lan yon nivo lit politik pou chanje Leta a. Depi epòk sa a, klas dominan yo, ak yon sektè lan tiboujwazi a kòmanse òganize yo pou okenn chanjman tout bon vre pa rive fèt.

Se lan kad sa a mouvman Lavalas pral devlope. Li pral gen kòm baz tilegliz yo ki t ap denonse represyon kont katye popilè yo, kont peyizan yo. Lè mouvman Lavalas la vin transfòme tèt li an yon pati politik pou eleksyon Aristid an 1990, li pat gen kapasite ni volonte pou li te pote chajman tout bon vre. Li vin tounen yon pouvwa karismatik ki pral pran fòm yon pouvwa popilis opòtinis. Koudeta lame divalyeris la sou lobedyans enperyalis meriken ak oligachi a masakre plizyè milye jèn moun lan katye popilè yo, li kraze plizyè òganizasyon. 

Depi koudeta sa a, ak retou Aristide an 1994, klas dominan yo an kolaborasyon ak enperyalis la, ap fè tout sa yo kapab, pou anpeche chanjman tout bon vre, lan enterè mas polilè yo. Tout gouvènman yo pral mete ann aplikasyon pwogram neyoliberal la, privatize endistri Leta yo, kontinye kraze agrikilti a, kontinye kenbe salè minimòm lan pi ba posib. 

Eliminayson sèvis sosyal yo, rediksyon finansman edikasyon ak lasante, ranplasman sèvis Leta yo pa ONG.

– Blokaj envestisman nan devlopman enfrastrikti yo vin mennen a degradasyon sistematik chapant sosyal yo
– Degradasyon ak afeblisman leta a pral mennen a fraksyonman pouvwa a plis ekspansyon gang yo ki vin tabli yon pouvwa ak yon ekonomi kriminèl
– Politik anti-nasyonal, anti-popilè yo agrave tout dezas yo: tè tranble, siklòn, epidemi kolera, famin, sechrès, debwazman…

Jounen jodi a, se rezilta tout blokaj sa yo ki fè peyi a chavire lan eta sa a. 

Se poutèt tout bagay sa yo, tout blokaj yo, lit la paka rete lan keksyon eleksyon, chanje gouvènman. Li nesesè, li ijan, pou mouvman popilè yo òganize tèt yo, konstwi òganizasyon politik, rantre lan lit pou chanje chapant sosyete a epi konstwi yon nouvo Leta osèvis mas popilè yo.

Viv lit otonòm Kan Pèp la ak travayè kòm potomitan!

Raoul Gérard

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.