SÈK GRÉGORY SAINT-HILAIRE, salye laprès yon fason jeneral , wete chapo l byen ba douvan Popilasyon Ayisyen an k ap pase tray nan yon kalfou kat nan listwa l, kote l dwe pran desizyon istorik pou soti, nou salye memwa tout moun ki tonbe nan peyi a, yon mo solidarite pou tout moun ki toujou ap batay pou yon sosyeyte san fòs kote ak Libète Byennèt la.
Sèk Grégory Saint-Hilaire, pwofite moman sa pou salye memwa ( Dadou) Andre Pasquet, yon Mapou nan inivè mizik la ki kite nou , yon moun ki konn fè kè moun danse nan mond la, yon mo solidarite bay fanmi ak zanmi l ;yon koudyay chay lakontantman ak kout tanbou pou salye gwo viktwa seleksyon Nasyonal la senkant lane aprè, Si 18 novanb 1803 a make ripti ak sistèm kraze zo kolon yo , dènye batay zansèt yo pou te akouche ak lendepandans peyi a, 18 novanb 2025 lan kontinite pwogrè espòtif, yon lòt paj listwa louvri ki chanje imaj peyi a , sa montre nesesite pou leta gen yon politik piblik sou espò ki kapab pèmèt li transfòme sosyete a , Yon lòt fwa Ayiti refè listwa. Nan yon kontèks kote espò a okipe yon plas enpòtan nan sosyete yo, nan sans sa a foutbòl kapab jwe yon wòl enpòtan nan ranfòse lyen sosyal yo ak rekonekte katye yo , patisipe nan konbat vyolans nan sosyete a, enpi leta dwe mete bidjè pou espò nan peyi a, fè pwomosyon pou espò pratik(foutbòl,baskèt,volebòl/jwèt refleksyon,jwèt lespri ak jwèt lojik).
Sèk Grégory Saint-Hilaire, konstate sitiyasyon peyi a vi n pi malouk kote lavi popilasyon an ap degrade chak jou ki jou, anpil moun ap viv nan malsite aprè yo fi n kouri anba vyolans zam Kò Gwoup ak Bini ki enstrimantalize ak militarize yon bann jènn nan peyi a ki ta dwe lekòl, inivèsite oubyen lekòl pwofesyonèl.
Pandan anseyan ak sendika yo lanse yon grèv depi janvye 2024,Ministè Ledikasyon pa janm pran okenn desizyon pou rezoud pwoblèm yo nan sistèm edikatif la. Anplis, sitiyasyon ekonomik peyi a vi n pi difisil kote pri pwodwi premyè nesesite yo monte tèt nèg, machann nan plizyè komin nan peyi a pa kapab pote pwodwi yo nan kapital la paske pwoblèm ensekirite a ap vale teren. Yon fenomèn ki pa sispann bay pwoblèm nan sosyete ayisyen an kote jiskaprezan moun pa kapab sikile jan l dwe ye nan peyi a, wout pou ale nan gran Sid ak gran Nò bloke anba kontwòl, gang yo poutan CPT(made in USA) a ak gouvènman defakto a pa montre volonte yo pou pote solisyon ak pwoblèm k ap koukouman popilasyon an, enpi kòripsyon ap vale teren, se enterè yon ti minorite zwit ak enterè entènasyonal la k ap pase..
Sèk Grégory Saint-Hilaire ,denonse Fèydewout OEA a ki ranfòse dominasyon letranje sou peyi a avèk anpil desisyon ak aksyon gwo ponyèt ki kontinye ranfòse dominasyon an. Pandan mak fabrik dominasyon an se yon bann masak , krim òganize , kote koze mèsenè a vin yon règ nan peyi a, gang ak sapat ak gang ak kòl tout plimay ap taye banda nan ti Tèt peyi a. Nou pap janm bilye premye lokipasyon peyi a nan lane 1915 ak vòl rezèv lò nan bank santral 17 desanb 1914 kote peyi Etazini lage pichon sou peyi a, pase nan okipasyon lane 1994 pou tonbe nan lane 2011, rive nan ane 2024 la lokipasyon an pran chè . Denyè kou pou touye koukou a, se fòs lokipasyon an ki ranfòse avèk misyon MMS la, ki gen nan tèt li peyi Kenya. Dominasyon an pral ranfòse pi plis, avèk rezolisyon Nasyonzini an 2793 mwa oktòb 2025 la ki bay otorizasyon yon lòt fòs miltinayonal nan peyi a, nou denonse avèk anpil fòs zak awogans ak menas chaje afè Peyi Etazini an, Henry T.Wooster fè sou yon manb nan pouvwa leta a ki se imaj peyi a ak trayizon chèf gouvènman an kont peyi a , menm lè nou konnen CPT sa se anbasad meriken, anbasad Kanada, anbasad Lafrans ak Karikòm ki te mete yo, se pa yon rezon pou pyetine souverennte ak diyite Pèp Ayisyen an, yon lòt fwa ankò Ayiti make listwa nan mond lan, Ayiti kontribye nan pwogrè emansipasyon moun, dwa ak sitwayènnte mondyal, Pèp ayisyen an se referans diyite, Jistis ak Libète nan mond pou tout moun viv tankou moun nan Libète ak Byennèt.
Sèk Gregory Saint-Hilaire, egzije pou :
-tout fòs viv peyi a, sektè pwogresis la, òganizasyon konsekan ak pati ki kanpe nan Kan Pèp la pou mache kontre, pran desiszyon nesesè pou ranmase eskanp figi peyi a nan lawont eskanmotè entènasyonal ak lepandyè lokal yo lagel peyi a, epi pwopoze yon fèy dewout nasyonal ki kadre ak dwa Grandèt Majè peyi , enterè popilasyon an san dikte,
-manb KPT yo, si yo pa konze, yo dwe bay yon repons istorik ak chèf gouvènman an ak chaje afè peyi meriken pou derespektan sa a, pi lwen si kodonatè CPT a kanpe nan kan Anbasad yo. chache jwenn yon konsansis ak tout aktè nan sosyete a, pou monte yon gouvènman ak moun ki vrèman responsab k ap poze ak aji sou pwoblèm ensekirite a . Se pou rès manb CPT yo pran mezi responsab kont li oubyen pou 7 fevriye a taboula raza pou yon veritab altènativ popilè. Se enterè nasyonal la avan tout lòt enterè, pou rezoud pwoblèm sosyal ak ekonomik yo prese prese,
-Minis Ledikasyon Nasyonal la respekte akò mwa janvye ki siyen nan mitan aktè yo nan kriz ledikasyon an, prensipal revandikasyon yo se nome tout pwofesè kalifye, peye tout pwofesè nan sal k ap travay depi kèk tan ak profesè laj yo depase men k ap travay depi lontan, regilarize asirans lan, kat debi a dwe kat debi tout bon , kreye kondisyon pou lekòl yo fonksyone nan bon kondisyon,
-ankouraje tout inisyativ tankou petisyon fèy dewout , konferans pou laprès, konferans deba, atelye refleksyon, sansibilisasyon ak konsyantizasyon sou tout fòm pou prepare yon Leve Kanpe istorik kont enjerans ak okipasyon/dominasyon sou tout fòm nan peyi a pou yon fèy dewout ak yon pwojè nasyonal, pou reprann dwa Grandèt Majè ak Diyite peyi a, nou kapab refè l ankò,
-ranfòse solidarite nasyonal la pou rekonekte peyi a ak solidarite entènasyonal la ak tout bonjan zanmi Aiyiti yo , pote men fò bay tout peyi k ap sibi dominasyon pisans enperyalis yo tankou peyi Venezyela, peyi Kiba ak lòt ankò nan rejyon an, epi swiv wout solidarite entènasyonal la Lanperè Jan Jak Desalin ak Prezidan Petyon te kite pou nou an.
SE RA SE TA,
AIYITI PA PITIMI SAN GADÒ!
VIV SOUVERÈNNTE AK DWA OTODETÈMINASYON PÈP AIYISYEN AN!
VIV SOLIDARITE NASYONAL AK ENTÈNASYONAL !
JISTIS POU TOUT VIKTIM!
ABA LOKIPASYON !
Pou siyati :
Péguy NOËL Jean Ronald OLYCÉ

