LE GCG DÉNONCE LE CPT ET EXIGE UNE TRANSITION DE RUPTURE
Le mouvement Génération du Changement Global (GCG) a affirmé vendredi que les élections prévues en Haïti ne peuvent être organisées sous l’actuel Conseil présidentiel de transition (CPT), qualifié de « criminel, allié des gangs et des marchands de la patrie ».
Dans un communiqué transmis à la presse à l’occasion de la commémoration de Charlemagne Masséna Péralte, héros national assassiné le 31 octobre 1919, le GCG accuse les autorités de complicité avec les bandes armées et décrit un pays « sous un terrorisme d’État cartographié ». L’organisation évoque une situation où « plus de 60 % du territoire » serait dominé par les gangs, notamment dans le Plateau central, où des centaines de déplacés survivent à Hinche, Mibalè et Sodo.
Le GCG réclame que l’État central prenne des mesures de sécurité urgentes, en coordination avec la Police nationale d’Haïti (PNH), la BSAP et l’armée, afin de permettre le retour des déplacés et de rétablir la dignité du peuple. L’organisation reproche aussi au CPT son « silence honteux » sur la question constitutionnelle et rejette tout projet d’élections improvisées ou de prolongation du mandat transitoire.
« Pas de rallonge, pas de prolongation », insiste le mouvement, pour qui le mandat du CPT prendra fin le 7 février 2026, conformément à l’accord du 3 avril 2024. Le GCG appelle à une « véritable transition de rupture », menée par des forces patriotiques et souverainistes.
Nòt – GCG
ENCH, Jou ki 31 Oktòb 2025
GCG : Génération du Changement Global
Nót pou laprès, pale, ekri ak nimerik
GCG salye patriyotikman tout pèp ayisyen an alawonnbadè ki kontinye ap viv sou lagraba, nan grangou, anba ensekirite sila yo ki nan leta a menm planifye ak gang a sapat yo, se sa nou menm nan GCG nou rele “yon tèworis leta katografye”.
Jounen jodi an, nan dat komemorasyon zak sasina blan Je vè nan konplisite ak konze nasyonal yo te fè sou gason vanyan, patriyòt, nasyonalis Charlemagne Masséna Péralte, vandredi 31 oktòb 1919 lan, GCG ap konstate sitiyasyon malouk pèp ayisyen an kote pitit yo poko ka retounen al resevwa pen lenstriksyon sou ban lekòl ; kote plis pase 60 pou san teritwa peyi a ap dirije pa gang k ap fè ak defè ; kote gang kriminèl viv ansanm yo ap mache a gran pa pou yo ansèkle depatman sant peyi a nèt anba zye konplis sila yo ki se swa dizan dirijan peyi Dayiti.
GCG konstate sitiyasyon mizè moun Mibalè, Sodo, elatriye, ap viv nan kan fòtyn yo nan wo Plato Santral, an patikilye vil Ench. GCG ap mande leta santral la pou pran moun sila yo, deplase sila yo, an konsiderasyon, reponn ak bezwen yo pito olye pou yo kontinye ap taye bavèt ak asosye yo ak gang pou touye pèp ayisyen an, detwi peyi a nan sans enterè yo ak pouvwa enperyalis kriminèl yo.
GCG mande sila yo ki nan leta, k ap touche kòb taks popilasyon an, pou yo pran bon jan mezi sekirite nan tèt kole ak Lapolis Nasyonal Dayiti, BSAP ak Lame Dayiti pou repouse gang yo, e sa ap pèmèt deplase yo retounen viv lakay yo ak diyite.
GCG konstate tou bèk atè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon lakou peyi Dayiti fè sou koze nouvo konstitisyon an. GCG ak lòt òganizasyon politik, sosyopolitik, regwoupman politik ak sosyopwofesyonèl ap kontinye batay pou fè KPT an fè bak sou koze eleksyon de grengòch, malatchong, pike kole pou bay pouvwa a ak menm antinasyono, apatrit, machann peyi menm jan ak yo.
GCG di : “Non !” Eleksyon pa posib jounen jodi an andedan peyi Dayiti ak yon KPT kriminèl, alye gang, machann peyi, antinasyonal ak dechèpiyè.
GCG ap fini pou di : nan dat 7 fevriye 2026 k ap vin la a, manda akò 3 avril 2024 lan te bay KPT an ap rive nan bout li. Nan sans sa a, GCG mande pou KPT an ale prese prese pou peyi a ka gen yon vrè tranzisyon koupe fache pèp ayisyen an bezwen an.
Pa gen ralonj pou KPT an ! Pa gen pwolongasyon pou KPT an !
Okontrè, se pou yo ta ale avan 7 fevriye 2026 lan, k ap fè pèp ayisyen pi byen toujou.
Viv Ayiti ! Viv la souverènte ! Viv yon leta nòmalize nan yon peyi ki granmoun tèt li !
Pèp k ap goumen pa konn pèdi batay.
Pou siyati :
- Me Kenson Fénélon, avoka, sosyo-antropològ, dokotran nan syans politik, kowòdonatè depatmantal, pòt pawòl
- Robenson Saint-Fleur, sekretè depatmantal
- Marjorie Metellus, trezoryè
- Maccy Joachim, juris, delege

