21 octobre 2025
Diskou prezidan AKA, akademisyèn Rosilia François Corneille pou mwa kreyòl 2025 lan
Actualités Culture

Diskou prezidan AKA, akademisyèn Rosilia François Corneille pou mwa kreyòl 2025 lan

Soti Pòtoprens kote Akademi Kreyòl Ayisyen te lanse ofisyèlman mwa kreyòl 2025 lan lendi 6 oktòb, vire nan Depatman Nò ak Nòdès nan kad yon toune espesyal (13 rive 16 oktòb), prezidan AKA a, akademisyèn Rosilia François Corneille pote yon pawòl fò: “Lang Kreyòl, zouti devlòpman tout repiblik la”. Pawòl sila a ki se egalman tèm mwa kreyòl ane a vini ak fòs pou raple n  » Peyi nou pa kapab fè wonnpòt si nou pa mete lang kreyòl la nan wonn sant lan ».

Depi enstalasyon Akademi Kreyòl Ayisyen, nan lane 2014, chak ane, depi mwa oktòb rive, enstitisyon an pa janm rate okazyon pou li devlope epi kore tout kalite aktivite ki enskri nan dinamik kore devlòpman lang kreyòl la.

Pou ane 2025 la, se sou tèm « Lang Kreyòl: zouti devlòpman nan tout Repiblik la » Akademi Kreyòl Ayisyen ap selebre Mwa lang ak kilti kreyòl la. Plis pase yon rapèl, chwa tèm sa se yon entèpelasyon, yon obligasyon istorik pou fè tout sitwayen ayisyen, tout enstitisyon k ap fonksyone sou tè Ayiti konnen, lalwa fè yo egzijans pou yo itilize lang kreyòl nan tout sèvis yo ap bay pèp ayisyen an.

Lang kreyòl se yonn nan gwo enstriman ki kapab ede nou konstwi yon peyi tounèf. Yon sosyete ki ap mache selon aspirasyon li, vizyon li, rèv li. Lang kreyòl la kapab ede nou bati yon sosyete djanm, san fòskote. Yon sosyete ki makònen ak sa li genyen kòm idantite, kòm kilti, kòm filozofi, kòm kosmogoni…

Esperyans lavi chak jou a mete sou leson istwa nou ba nou kòm pèp pwouve nou sa: *Peyi nou pa kapab fè wonnpòt si nou pa mete lang kreyòl la nan wonn sant la* Poudayè, nou fè anpil eksperyans deja nan sosyete nou an. Nou rive konprann fasil lè pou nou pale ak popilasyon an, si nou vle li byen konprann nou, nou konnen ki lang pou nou pale: Kreyòl. Se pa pou granmesi, kandida, atis, biznisman k ap bay fè piblisite pou antrepriz yo, tout aktè nan sosyete a ki vle atire foul yo, yo toujou itilize lang kreyòl: paske yo konnen se atravè lang sa a yo kapab rive atire atansyon pèp ayisyen an, si li vle kominike tout bon ak li. Se nan menm kouran sa a, nan menm liy sa a, si nou vle onè, si nou vle aji an responsab, nou konnen nan ki lang pou nou planifye, pwopoze, operasyonalize tout sa n ap fè pou sosyete ayisyen an.

Selon lespri Konstitityon 1987 la ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an – [*ki pa yon jandam, nou dwe siyale sa – ]* ki gen yon misyon klè: kore devlòpman lang kreyòl la. Akademi an ap rete kanpe kinalaganach pou lang popilasyon an prezan nan tout dezisyon nan sosyete a. Lè genyen pou rale zòrèy, n ap rale zòrèy; lè gen moun ki bliye, n ap repase memwa yo pou fè yo sonje; lè gen deriv, n ap mete ola. Se yon obligasyon istorik, mwen ta di tou yon obligasyon etik nou genyen pou nou respekte sosyete nou an pandan nou ap veye. Yonn nan premye siy respè pou Leta dwe montre si li vle respekte sosyete a, se bay popilasyon an sèvis nan lang li.

Se pou sa, tèm mwa oktòb 2025 la envite nou pou nou vin pi vijilan. Wi. N ap veye. N ap veye nan lekòl, nan legliz, nan medya, nan tribinal, nan lopital, nan Ministè yo, nan administrasyon piblik kou prive, ak tout lòt espas sèvis piblik ak sèvis sosyalizasyon yo.

Akademi Kreyòl Ayisyen louvri de bra li pou li akeyi tout lòt enstitisyon ki swete pote kole ak li pou vanse batay sosyal sa a. Li pa fouti bliye gwo gwo pa MENFP te gentan fè lè li te siyen yon pwotokòl akò kolaborasyon. Akò sa a pa nan tiwa nèt. Nou pwofite okazyon lansman jounen jodi a pou nou mande MENFP retounen pi pre AKA pou nou vanse nan travay nou te kòmanse ansanm.

Desizyon pou Ministè a te monte koyefisyan egzamen kreyòl yo ane sa a se yon siy pou li di li toujou prezan nan batay san pran souf sa a. AKA pwofite voye gwo felisitasyon piblik pou MENFP. Li pare tou pou li fè sa pou tout lòt enstitisyon ki p ap nan renka nan mete men pou batay lang kreyòl la kontinye mache nan sans viktwa pou popilasyon an. Viktwa sa a, san mank, se va istwa jistis ak reparasyon pou tout yon pèp yo te retire dwa li, dwa fondamantal li pou li jwenn sèvis, tout kalite sèvis nan lang li. Jodi a, pi plis pase Anvan, tout moun dwe mete men pou batay pou devlopman peyi a kontinye vanse. Ala bèl sa va bèl lè tout sektè nan lavi peyi a pote kontribisyon pa yo.

AKA ap voye kout chapo lareverans pou tout kreyolis, nan fason pa yo k ap kore devlòpman lang kreyòl la. Li kontinye konte sou tout lòt moun nan diferan sektè pou kontinye batay pou devlòpman peyi Ayiti. AKA wete chapo devan nou tout. Men tou, li pwofite lage gwo rèl rasanbleman sa a pou tout lòt enstitisyon, tout lòt moun ki p ap neglije antre nan won kòm pòtvwa lang kreyòl la: bravo pou nou, men tou, Atis, Mizisyen, jij, pwofesè, direktè lekòl, yo, responsab labank, ouvriye, sosyopwofesyonèl tout kategori, san konte tout enstitisyon ki ap travay pou devlopman peyi sa a: lang kreyòl la an Ayiti bezwen nou.

Vini pote kole.

Mesyedam Lasosyete, mwen pa vle twò long. Boutofen, m ap sèlman raple nou lang tout sosyete, lang kreyòl la, se youn nan prensipal zouti devlòpman peyi a, se youn nan zouti prensipal devlòpman sosyete ayisyen an. Chak grenn Ayisyen se yon gadyen ki ap kale je li pou fè sosyete a jwenn tout sèvis nan lang li.

Solidarite AKA pou tout pèp sou latè ki pataje lang kreyòl kòm eritaj.

Nou Sèten, gen yon jou ka jou: Popilasyon nou yo va rive kontanple devlòpman dirab gras ak travay lang kreyòl la va fè nan mitan nou chak.

Pa gen pi bon espwa pase sa. An nou mete men ansanm. Pitit piti, n ap rive.

Mèsi anpil, tout moun…

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.