Se ak anpil chalè nou aprann, Ekriven, Editè, Pwofesè Akademisyen Christophe Philippe CHARLES se Envite donè 31èm edisyon Livres en folie ane 2025 lan. San di petèt, Christophe Philippe CHARLES, ki renmen yo rele l Cheche oubyen Christophélès tou, se yonn nan kreyatè ki pi pwolifik Ayiti konnen. Otè a deja depase yon santèn piblikasyon, diferan jan.
Travay Cheche yo kouvri alafwa esè, woman, politik, demokrasi, sosyoloji, pwezi, nouvèl, kont, jounalism, elatrite. Mete sou sa, Christophe Philippe CHARLES fonde yonn nan pi ansyen edisyon an aktivite nan peyi a (Édition Choucoune) k ap feraye depi 1978. N ap raple tou, nan menm ane 1978 sa, ki make kreyasyon Édition Choucoune nan, yon jenn bway nan epòk la, Dominique BATRAVILLE te pibliye « Boulpik », premye rekèy powèm li an kreyòl. Li enpòtan pou nou siyale, lè sa, Dominique BATRAVILLE te gen sèlman 16 lane. E Dominique te tou pase nan istwa Literati kreyòl ayisyen an kòm pi jèn powèt ki pibliye yon rekèy powèm an kreyòl.
Cheche se yon vye rat nan pouse literati kreyòl la monte. Se nan lojik sa ki fè, an 1979, li pibliye premye antoloji literati ayisyen ekspresyon kreyòl.
Nan ane 2012, swa 34 lane apre kreyasyon Édition Choucoune, Christophe Philippe CHARLES te reyalize yon lòt michan travay ki se yon Antoloji powèt kreyòl soti depi ane 1750 yo rive nan 2012.
Ak travay sila yo plis divès lòt, Akademisyen Christophe Philippe CHARLES te tou montre aklè detèminasyon ak devouman l pou kore devlòpman lang kreyòl la nan yon moman kote ekri, pale alewè pou pibliye an kreyòl te rete yon gwo defi. Kontribisyon Christophe Philippe CHARLES, Édtion Choucoune reprezante anpil kichòy nan balans literati kreyolofòn nan. N ap raple tou, Éditions Choucoune mete pwojektè sou anpil lòt jèn kreyatè ayisyen. Se nan mezon edisyon sa anpil jèn aprann degoche, yo rive pibliye premye zèv yo.
Akademisyen Christophe Philippe CHARLES resevwa yon dividal pri, pami yo:
– Doctorat en Littérature Honoris Causa, World Academy of Art and Culture, 2006
– Prix Gouverneur de la Rosée du Livre et de la Littérature (2002) pou Éditions Choucoune. Se Ministè Kilti ak Kominikasyon ki te bay li rekonpans sa, 2002;
– Doctorat Honoris Causa du Centre haïtien de Formation des Journalistes, 1996
_ Diplôme Honneur et mérite de la Fédération Haïtienne des Travailleurs de Presse (FHTP), 1994
Pou nou site sa yo sèlman…
Nou envite tout moun, debake an foul pou al sipòte Akademisyen Christophe Philippe CHARLES ki dedye tout vi li nan pwodwi yon panse san brid ki chita byen banda nan reyalite pèp ayisyen an.
Anpil devouman ak konstans.
Iléus PAPILLON



