CERCLE GREGORY SAINT-HILAIRE (CGSH)
Adrès: # 206, rue Monseigneur Guilloux.
Telephone: 509 47394987/31184638
29/12/2024
Nòt pou laprès
Nan pòtay la, louvri baryè !
Pozisyon SÈK GREGORY SAINT-HILAIRE sou konjonkti a ak bilan ane 2024 la.
SÈK GREGORY SAINT-HILAIRE, salye laprès yon fason jeneral, voye gwo kout chapo pou popilasyon Ayisyen an ki toujou rete kwè nan limyè solèy lespwa a, malgre entimidasyon, zak ratibwazay pouse do deyò (andedan kou deyò peyi a), represyon ak zak kriminèl sistèm peze souse a kontinye fè ki ranfòse kalamite l. Epi pwofite moman sa pou voye pawòl solidarite bay tout moun ki viktim zak ensekirite yon fason oubyen yon lòt.
SÈK GREGORY SAINT-HILAIRE, konstate sitiyasyon peyi a vi n pi malouk depi kèk tan, kote depi aprè katastwòf 12 janvye 2010 a peyi a frape anba yon katastwòf politik, ekonomik ak sosyal. Jounen jodi a lavi chè a ap koukouman popilasyon an pi rèd kote anpil moun nan move kondisyon lavi. Daprè rapò Pwogram Manje Mond (WFP) la ki soti 30 sektanm 2024 la, koze pa ka manje nan peyi a grenpe bwa nèt al kole kote 4.5 milyon moun ap goumen chak jou ki jou pou bay fanmiy yo lamanjay. Yon kontèks kote anpil kad blije kite peyi a, anpil timoun ak jèn lage nan aktivite kenbe zam.
Jan Gregory Saint-Hilaire konn di l’’Viv ledikasyon aba zam’’. Se yon fason pou montre Leta gen obligasyon pou kreye kondisyon pou tout timoun ak jèn jwenn mwayen pou ale lekòl ak bon jan ankadreman. Leta dwe bay lapolis, lame ak lajistis mwayen pou kwape gang yo, epi kreye kondisyon pou moun viv byen nan peyi a sitou nan katye defavorize yo. Nan ka kontrè, se pou gouvènman ak CPT a bay talon l.
SÈK GREGORY SAINT-HILAIRE denonse tout zak ensekirite ki lage pè las nan degonn popilasyon an, yon ensekirite ki sanble anba rimòt kontwòl Mafyazini. Sou tout rezo sosyal, nan jounal, nan tout rakwen se koze zak kriminèl, vyolans sou tout fòm k ap fè aktyalite. Nan dènye moman yo, peyi a konnen anpil masak soti nan masak Lasalin pase nan masak Waf jeremi pou rive masak Ti Rivyè Latibonit. Nan sitiyasyon ensekirite sa yo se timoun, fanm, ti Granmoun, fanm ansent, moun ki paralize, ki plis viktim nan kite katye yo ; san konte anpil moun ki disparèt.Sitiyasyon sa yo gen gwo konsekans sou tout aktivite nan lavi peyi a tankou sikilasyon an ki bloke nan anpil espas, kote twa gran aks (Gran Sid/gran nò/Sant) mete sou yon bon pati nan kapital la ak Latibonit anba kontwòl gang ; madan sara yo pa kapab antre nan Pòtoprens ak machandiz yo, pwofesè pa kapab ale nan anpil vil pwovens pou pote pen ledikasyon, anpil pòt biznis, lekòl, inivèsite, sant sante ratibwaze. Daprè yon sous OIM ki soti 2 oktòb 2024 la, se plis pase 800000 deplase k ap viv nan plizyè kan.
Tout zak kriminèl sa yo fèt anba je Leta kote anpil ‘’byen kiltirel’’ pa epanye anba zak kriminèl yo, tankou Bibliyotèk Nasyonal ki reprezante memwa peyi a, Sant Kiltirèl Araka, bibliyotèk Saint-Esprit (Petit-seminaire) pou n site sa yo sèlman. Nap raple konvansyon‘’de la Haye’’ 1954 Leta ayisyen siyen ki egzije pwoteksyon byen kiltirèl yo nan moman lese frape. Nan sans sa a se responsabilite Leta a pou pwoteje vi ak byen moun nan peyi a.
Nou pwofite moman sila pou voye jete byen lwen nan poubèl listwa, diskou prezidan Fransè a Emmanuel Macron ki vle fè moun kwè se ‘’Ayisyen ki detwi Ayiti’’. N ap raple Prezidan Fransè a se kouto Lafrans te mete anba gagann popilasyon an nan ane 1825 avèk Òdonans Charles X la ki kontribye nan detwi tout estrikti peyi a, ki kase ren peyizànri a mete sou vòl rezèv lò peyi a avèk meriken yo nan ane 1914 ki pral ranfòse dominasyon ekonomik letranje sou nanchon an. Se yon bann kò ki gwoupe yo nan Mafyazini ( Meriken/Lafrans/Kanada) sou mak fabrik kò gwoup la k ap travay pou detwi peyi a ak konplisite trèt nasyonal yo. Nan sans sa, AYITI pa dwe ap trennen dèyè okenn peyi ak rete anba dominasyon sa vle di Ayiti dwe pale ak tout peyi li vle.
SÈK GREGORY SAINT-HILAIRE egzije:
-Popilasyon an kontinye mobilize pou fòse leta aji, pou gouvènman an debloke tout wout, katye, komin ak gran aks yo nan lide pou tout aktivite reprann nan tout peyi a.
-Pou tout deplase retounen lakay nan bon kondisyon, epi pou gouvènman mete yon sèvis ijans pou moun yo jwenn tout pyès yo ki pèdi yo ak tout lòt asistans yo bezwen.
-Pou tout timoun tounen lekòl, etidyan tounen nan inivèsite, epi pou gouvènman an nome pwofesè kalifye yo, ajiste salè tout pwofesè yo. Angwo, kreye bon kondisyon travay ak aprantisay pou tout pwofesè ak elèv.
-Fòk AYITI devlope bon jan relasyon ak tout peyi ki vle ede l nan kèlkeswa domèn. Fòk dwa otodetèminasyon ak souverènnte peyi a respekte.
-Fòk lalwa aplike, lapolis ak lame jwenn mwayen pou fè travay yo. Epi dwe gen transparans nan lajistis la pou tout moun ki viktim jwenn jistis.
Viv yon Ayiti kote popilasyon an respire yon oksijèn lapè ak byennèt pou ane 2025 la !
Viv yon AYITI kote sekirite ak lajistis tabli !
Viv yon Ayiti Granmoun!
Pou Sèk Gregory ST-HILAIRE:
Péguy NOËL
Dann-Gorver NONCENT
Jean Ronald OLYCE

