“Dat” : yon ti rekèy byen banda ki soti nan EDISYON FREDA / Association FEL Caraïbes, 2022, avèk ilistrasyon atis Rénold Laurent. Ti fòma, kouvèti bèl koulè avèk foto otè a ki se yon priz Isaac Dorvilus. Konsepsyon ak reyalizasyon grafik nan Eva Imprimerie. Otè a te dedikase yon egzanplè “pou Che Che, yon zanmi, yon mentò”.
Orso Antonio Dorélus ekri yon bèl prefas 9 paj pou “Dat”. Men yon apèsi de sa li di : “ Dat se yon powèm ki twouve sans li anndan sistèm operasyonèl mantal lòm k ap vomi lapanse sou tout fòm. Kote chak panse kapab trennen yon lòt panse. Panse pwetik sa a vini san enfliyans mòd operatwa eksteryè yo, li sèlman sibi griy kritik òganik mantal powèt la pou powèm nan pa pèdi esans endepandans li parapò ak reyalite a.”
Imaj fè zèklè nan liv la
Dat se yon ti rekèy byen djougan. Ou santi toutbonvre ou annafè ak yon bon jan powèt k ap fè mo yo pale, depale ak bon jan anafò, bèl imaj. An nou site :
“lavi se bouji k ap fè larim” (p. 48)
***
“Venn nou plen zenglen zetwal
ki poko rèk” (p. 28)
Dat se yon rekèy kote metafò fè kenken, fè zenglen :
“metafò k ap fè benevola nan powèm
pa konn si powèt fèt
ak lanfè l nan kè l
Pa gen nèg ki t ap gen fanm
si powèt t ap suiv powèm” (p. 39)
***
“Madanm mwen cheri
tout jan m ranje laj mwen
toujou g on ane an plis” (p. 25)
***
“M plede lave jou
ki fin salanbe m pou granmesi” (p. 29)
Lanmò obsédé powèt la
Tèm lanmò omniprezan nan rekèy Dat la. An nou gade sa :
“Nou chak g on lanmò
k ap pase wè si n vivan
…………………………..
Jou m ale pa chante veye m
veye pito
Tan an se parenn mwen” (p. 43)
Anivince pale tou de kowonaviris ki t ap fè ravaj :
“yo di kovid 19 p ap 6
Si n lave men n
Gouvènman an lave men l
Nan lanmò n” (p. 50)
Nan fen liv la, Anivince dedye yon powèm “pou papa l Anervé Jean Baptiste ki pati”. Powèm la rele “Tout pitit piti lè papa pati” :
“papa men pitit ou wi !
Yon chan k ap kalbende
Sou po silans
Yon pwomès ki dekoud
Nan mitan” (p. 47)
Epi sitiyasyon malouk peyi a entèpele Anivince tou. Li dedikase powèm “Veye veye n” pou Netty, Diego ak lòt pwomès ki pran dife” :
“Tanndat lanmò ban n bout teren
M refize akize syèl ki leve sal
M aprann ta nou chak g on grenn bal
K ap fè tèt nou filalang” (p. 42)
Rekèy la chita sou dat
Liv la pa rele Dat pou granmesi. Se tematik prensipal li. Viretounen, lektè a sou dat. Powèt la gen esplikasyon pou sa :
“Dat yo se memwa tan an
k ap fè varevyen
Pou neyan (n) pa neye n” (p. 35)
***
“fyète n fè chèdepoul sou kowosòl
m envite Kֳòdnwa vin resite
Pouki blan an adikte nan bay dikte
6 desanm 1897
21 kout kanno salye salte
Sanble se vre Almay
Konnen n bliye Emile Luders” (p. 28)
Dat monte sou dat pou graje lòlòj nou :
“ depi 12 janvye 2010
pa gen zòn nan rèv nou
dekonm pa kouvri” (p. 45)
Nan menm ribrik dat la, nou jwenn powèt la evoke siklòn ki te ravaje Gransid la e ki te mete l ajenou nan dat 14 dawou 2021 :
“kote n rete pa rete anyen
M pa gentan konvenk jou
Ki ban m woulib ki fè lòt wout
14 dawou 2021 latè mete n atè
Gransid pa t pare pou pare kou” (p. 44)
Men lòt pasaj lektè yo pa p ka bliye :
“Si siklòn pa t pase nan memwa
28 jiyè 1915 pa ta pete boujon
Anndan vant nou” (p. 29)
***
“Depi m fèt 18 novanm
Ap tire kanno nan sèvo m
Anvan inyorans
Gen twòp pouvwa
Raple yo n se neve letènite
Desandan lenfini
Yon pè loray
K ap foubi silans” (p. 37)
Vrèman yon bèl pasaj nan liv la ki frape m, bèl enspirasyon. Gen yon sansibilite k ap kouri anba-anba nan tout powèm yo. S on powèt k ap fremi, yon powèt evènman yo ap ajite tankou fèy bwa lè van vante.
Liv la fèmen sou yon powèm pou madanm li “zetwal Marie Jocelyne Pierre Jean Baptiste” ak deklarasyon sila a :
“Si foli pa t moun pa m
m te fou deja” (p. 53)
***
“Powèt nou se neve letènite
enjenyè tan ki an vwayaj”(p. 52)
Kèk ti repwòch sou Dat
Mwen gen kèk ti repwòch osnon kèk ti remak mwen ta fè konsènan kèk fòm oubyen kèk mo. Pa egzanp, nan prefas la , tanto Orso Antonio Dorélus ekri “konstui”, tanto li ekri “konstrui”, tanto li ekri “nomen” tanto li ekri “nonmen”, tanto li ekri “pwetik” tanto li ekri “powetik”.M pa konprann mo “bèltiz” li itilize, ni poukisa li ekri ‘koyerans”. Powèt Anivince li menm ekri “Trouijillo”, “perejil”, ”jibwèt”, “sinyal”, “varevyen”, “inyorans”. Mwen pa fin konprann ni esplike òtograf sa yo. Tanto li ekri “Bondje”, tanto li ekri “Bondye”. Hum!
Antouka Dat se yon ti rekèy ki bay plezi. M pa kache di nou m renmen ti rekèy la. Mwen konseye nou li li. Bravo Anivince!
Christophe Philippe Charles
Manm Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)
8 novanm 2024

