13 février 2025
Raoul Gérard : Koutje sou listwa relasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn
Actualités Kreyòl Société

Raoul Gérard : Koutje sou listwa relasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn

AYITI KOUPE FACHE #24 

Nan Kwonik #24 Ayiti Koupe Fache sa a, nou pral fè w koutje sou Listwa Relasyon Ayiti ak Repiblik Dominiken, Poukisa gouvènman Dominiken ap fè depòtasyon masif travayè imigran Ayisyen epi kisa nou ka fè fas a tout sa. 

An 1937, sòti samdi 2 oktòb pou rive lendi 4 oktòb, lame ak milis grandon dominiken te masakre ant 15 mil a 20 mil travayè imigran ayisyen an repiblik dominikèn (gen dòt estimasyon ki konn mete l ant 20 a 40 mil). Se te sou lòd diktatè Raphael Leonidas Trujillo, ki te prezidan repibliik dominiken alepòk. Se anba manchèt ak bayonèt pi fò Ayisyen yo te jwenn lanmò. Yo te kraze tèt timoun nan mi, yo te touye fanm ak fouch. Dlo rivyè Masak sou fwontyè a te vin tou wouj ak san viktim yo. 

Masak sa a te pèmèt grandon dominiken met men sou tè, imigran ayisyen yo, t ap kiltive nan zòn fwontyè a. Masak sa a te pèmèt gouvènman dominiken blame imigran ayisyen an Dominikani pou tout pwoblèm popilasyon an tap konfwonte alepòk. Masak sa a te pèmèt nasyonalis reyaksyonè yo, an Dominikani, ranfòse pouvwa yo. 

Gouvènman dominiken an te vin peye 500 mil dola dedomajman, anviwon 25 grenn dola pou chak viktim. Pat janm gen okenn nan asasen yo ki te jije. Lajan sa a te rantre, tou dwat, nan pòch dirijan ayisyen yo.

Ki kote tout rayisman sa a, tout enjistis sa yo te sòti? Kisa ki esplike yo la pi rèd jouk jounen jodiya?

Ann fè yon koudèy sou listwa.

Malgre Ayiti te tabli lendepandans li an 1804, se plis pati lwès zile a ki te sou kontwòl lame endijèn lan. Gwo chèf ak jeneral lame endijèn lan te tabli tèt yo kòm grandon sou ansyen bitasyon kolonyal yo. Yo te eksplwate ansyen esklav yo kòm travayè nan bitayson yo anba yon rejim kaporalis travayè sòlda oubyen yon rapò demwatye peyizan rantye. Nouvo dirijan ayisyen yo te asosye yo ak boujwa enpò ekspò pou jwenn debouche komès pou pwodui bitasyon yo.

Byenvit, dirijan sa yo te pèdi dimansyon revolisyonè yo. Se konsa yo te mare sosis yo ak ansyen kolon yo epi asepte peye Lafrans ranson lendepandans lan ki vin bloke tout devlopman ekonomik nasyonal la. 

Ant 1915 ak 1934, lè blan meriken anvayi peyi a, yo te mete ann aplikasyon ideyoloji sipremasi blan an. Se konsa kèk konpatriyòt tiboujwa te revolte pou yo denonse rasis ak imilyasyon blan meriken t ap fè yo sibi. Rezistans sa a te pran 2 wout: yon kouran endijenis ki te tabli sou enpòtans kilti ak tradisyon ayisyen ak yon lòt kouran ke yo rele nwaris ki t ap montre enpòtans pou moun nwa pran pouvwa. Se sa ki ta pral mennen nou a rejim Duvalier a.

Ideyoloji sipremasis blan an te jwe yon gwo wòl nan tray ak pèsekisyon travayè ayisyen ap sibi an Dominikani, kote yo tal bouske  lavi miyò, malgre tout gwo danje ak pèsekisyon yo ka sibi.

Listwa Dominikani te trase yon lòt wout. An 1822 prezidan Boyer (1818-1843),  te inifye ak dirije tout zile a. Klas dominan reyaksyonè ayisyen yo te mennen yon represyon ekononik ak yon politik obskirantis sou tout zile a ki pat epaye lekòl ak inivèsite. Te vin genyen yon lit rezistans 22 lane ki te debouche sou deklarasyon lendepandans Dominikani 27 fevriye 1844.

Kifè, Dominikani jwenn lendepandans li nan goumen kont otorite Ayiti yo. Se depi epòk sa a, klas dominan reyaksyonè dominiken yo ap sèvi ak anti-ayisyanis la pou kore dominasyon yo sou soyete dominiken an. Malgre se lit lendepandans lame endijèn ayisyen an ki te kaba lesklavaj sou tout zile a, klas dominan reyaksyonè dominiken yo te rive fabrike yon idantite naysonal dominiken “indyo” ki chita sou rasis anti-ayisyen, anti-nwa, sa yo rele zenofobi ak rasis la.

Sòti 1916  rive 1925, enperyalis meriken yo te okipe Dominikani tou ak yon lòt fwa an 1965 pou yon lane edmi. Lokipasyon enperyalis meriken an te ranfòse zenofobi ak rasis klas reyaksyonè dominiken yo. 

Lè yo te okipe Ayiti, enperyalis meriken yo te fòse plis pase 250.000 peyizan ayisyen yo te ekspwopriye, al travay nan gwo konpayi sik nan Repiblik Dominikèn ak Kiba. Nan lane 1940 yo, Meriken yo te sezi plis pase di mil kawo tè nan peyi a pou yo te plante kawotchou. Anpil peyizan Ayisyen te pedi tè yo. Depi lontan, akoz move kondisyon lavi, te toujou gen travayè ayisyen ki t al vann fòs kouraj yo an Repiblik Dominikèn pou po patat.

Zenofobi ak rasis klas reyaksyonè dominiken yo vin jwe plizyè wòl:

1-   Ranfòse eksplwatasyon grenn kraze ouvriye agrikòl nan batey yo

2-   Divize travayè ak ouvriye an Dominikani pou eksplwate yo pi plis

3-   Fè ouvriye ak travayè sitwayen dominiken konprann sèten travay twò ba, twò degradan pou yo. Sou yon bò, y ap jistifye salè mizè sa yo, epi sou yon lòt bò, y ap rann imigran ayisyen responsab chomaj nan Dominikani. Tout sa, pandan se menm reyaksyonè sa yo k ap pwofite eksplwatasyon yo tabli a.

4-   Pandan travayè ak ouvriye migran ak imigran resòtisan ayisyen yo reprezante anviwon 10% popilasyon moun k ap viv an Dominikani, yo pwodui anviwon 30% richès peyi a. Ideyoloji anti ayisyanis lan ap difize sistematikman nan medya, lekòl, leta ak divès enstitisyon an Dominikani. Li gen yon gwo pwa. Menm anndan mouvman pwogresis dominiken, konn gen yon fo lojik nasyonalis ki defann dwa leta ak gouvènman dominiken pou pwoteje souvrènte naysonal la atravè ekspilsyon migran ak imigran ayisyen yo.

Se konsa zenofobi ak rasis lan fonksyone an Dominikani. Chak vag represyon anti-ayisyen sèvi pou ranfòse dominasyon boujwa ak politisyen dominiken sou travayè migran ak imigran yo.  Chak vag represyon anti-ayisyen sèvi pou kenbe salè yo nan nivo ki pi ba posib. Chak vag represyon anti-ayisyen sèvi pou konsolide reyaksyonè dominiken yo sou pouvwa a. Chak vag depòtasyon ak rapatriman resòtisan ayisyen yo sèvi pou ranfòse rezo trafikan travayè yo sou fwontyè a. Leta dominiken an te mèt depòte plizyè milye resòtisan ayisyen, yo konnen y ap jwenn yon vag nouvo migran pou ranplase yo. Leta dominiken konplis nan sèk visye sa a.

Zenofobi ak rasis sa a sanble ak rasis anti-imigran k ap pran ekstansyon nan peyi tankou Etazini ak peyi Ewòp yo. Nan toulède bò zile a, gen yon mepri pou mas travayè yo anba gwo eksplwatasyon, dominasyon ak represyon. Anfèt, malgre tout rasis ak zenofobi sa a, se gwo boujwa tout koulè sou de bò zile a ki asosye ansanm nan dominasyon ak eksplwatasyon sou ouvriye ak travayè yo. 

Se menm kalite travayè imigran Ayisyen k ap vann fòs kouraj yo pou salè mizè an Dominikani, klas dominan ayisyen yo, boujwazi a, ap toupizi epi ap eksplwate ak salè pwatrinè ann Ayiti. Se menm travayè sa yo leta ayisyen pa bay okenn dwa epi ap toupizi ann Ayiti. 

Ayiti Koupe Fache ap fè apèl a tout travayè nan mond lan pou nou fè solidarite ak travayè ann Ayiti ak nan Repiblik Dominikèn k ap sibi move tretman nan men leta ak klas reyaksyonè yo nan tou de bò zile a. LIT OTONÒM ÒGANIZE TRAVAYÈ TOUPATOU NAN MOND LAN SE YON SÈL KONBA!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.