Politik : ansyen depite Jean-Robert Bossé anonse li kite OPL
Potoprens, nan jounen 5 septanm 2024
Kamarad mwen yo,
M ap anonse n, ak anpil lapenn desizyon m pran, aprè bonjan refleksyon ak kalkil, pou m fè yon ti kanpe sou tout aktivite kòm manm OPL, jiskaske pati a rekòmanse fonksyone, kòm sa dwa, kòm yon pati politik nòmal ak yon Komite Ekzekitif Nasyonal pwovizwa nan tèt li, jouk kongrè a rive realize. Sa fè anviwon 4 mwa mwen mande n, pou n ranplase kòdonatè general la ki anpeche pou koulye a. Se yon desizyon ke n te dwe pran lontan deja. Li prèske twòta. Fòk nou sove OPL.
Depi Edgard LEBLANC Fils rive nan KPT a, kòm reprezantan kolektif 30 janvye, OPL sispann tout aktivite l yo, paske l pa posib pou l prezidan e kòdonatè general pati politik la, nan menm moman an. Nou pa ni nan peyi LACHIN ni nan peyi KORE, kote Prezidan an se chèf pati kominis lan. Sityasyon sa bloke pati a, depi plis pase 4 mwa.
OPL pa gen oken pozisyon, ni pou ni kont, sou sa k ap pase ak desizyon dwat e gòch k ap pran andedan pouvwa a. Nan tout rankont mwen ak Kòdonatè general la, avan l te Prezidan, oubyen nan reyinyon ak lòt manm pati a, mwen toujou di l batay kont kòripsyon an, se batay pa OPL li dwe ye, fòk nou fè l cheval batay nou. Mwen te konn di kòdonatè a, si yon jou li rive Prezidan peyi a, fòk li ekspoze kontabilite piblik la sou « Champs-de-Mars » pou pèp la vin founi je gade. Sa rele transparans. Nou te pwomèt pèp la yon tranzisyon KOUPE FACHE, nou ba chwazi ba li pito, yon tranzisyon TOUT VOUM SE DO.
Mwen gen plis pase 3 mwa, m ap mande administrasyon LEBLANC/CONILLE lan, pou yo fè odit (ankèt) nan tout antrepriz leta yo, kòm APN, AAN, OFNAC, DINEPA, ED’H, FNE, ONA, FAES, Konsila ak Ambasad nou yo, pouvwa a mete koton nan zòrey. Lajan ENTÈLIJANS lan, menm jan ak avan, kontinye ap angrese lèzòt. Depi plizyè jou, aprè piblikasyon manm kabinè Garry CONILLE yo, nan yon mesaj mwen pataje sou kont X, m konseye Prezidan LEBLANC pou l pibliye manm kabinè l yo ak lòt kòlèg li yo, pandan m ap ekri tèks sa, anyen pa di. Ankò yon fwa, pouvwa a fèmen zòrey li.
Anpil gwo bawon PHTK ap nonmen nan plizyè pòs, nan plizyè komisyon. Magalie HABITANT (Enstans Konsène), ki akize nan detounen plis pase 38 milyon goud nan SMGRS, jodi a li gen plizyè milyon goud ak materyèl leta nan men l pou l brase ak gang yo, sou pretèks l ap fè ASENISMAN. Tout moun wè l ak Direktè CNE a bò kote l, ak mayo TEAM CONILLE l sou li nan lari a. Prezidan KPT a ak kòlèg li yo nonmen Daniella JACQUES Direktris kominikasyon e pòt pawòl Laprezidans. Madanm sa, se madanm Roudy Stanley PENN, ki soti pase 4 lanne kòm anbasadè nan peyi Taïwan. Se ekip PHTK a ak Claude JOSEPH ki te nonmen l nan lanne 2020. Minis Zafè etranje a, Dominique DUPUY, mete mouche a atè, e KPT a mete madanm nan anlè. Nan mwens pase 2 semèn, prezidans lan nonmen 2 komisyon : 《Commission de mise en œuvre du projet code pénal et procédure pénale》 e 《Commission de pilotage de la conférence nationale et réforme constitutionnelle》. Tou 2 komisyon sa yo gen Enex JEAN-CHARLES kòm Prezidan. Bò kote ansyen PM JEAN-CHARLES, k ap prezide premye komisyon an, ou jwenn 2 lòt manm, ki se Pierre Richard CASIMIR ak Jean Joseph EXUMÉ.
Ki moun 3 mesye sa yo ye ?
Enex JEAN-CHARLES te PM nan administrasyon Jocelerme PRIVERT. Mwens pase yon mwa, aprè 78 depite sou 81, e 22 senatè sou 22 vote pou ratifye Deklarasyon Politik general li a, mesye JEAN-CHARLES fè debloke, rapido presto, 200 milyon goud nan FAES pou rekonpanse palmantè sa yo. Lajan sa, te debloke sou non anpil fo Òganizasyon. Gen yon ansyen kòlèg nan Sud, ki di m pwogram nan te rele : BOUKANNEN TANN BOUYI. Enex JEAN-CHARLES se yon kòriptè.
Pierre-Richard CASIMIR li menm, te Sekretè deta, Minis Jistis e Minis zafè etranje sou Sweet Micky. Kòm Minis zafè etranje, Pierre Richard CASIMIR te detounen 3 milyon dola vét gouvènman Uruguay te bay leta ayisyen pou dedomaje Johnny JEAN, ti gason Port-Salut sa ke solda Uruguay nan MINUSTHA yo te fè kadejak sou li. Komisyon kòd penal la, mete sou pye pou korije pwojè kòd penal la PititBondye a, ke yo te rele KÒD PENAL MASIMADI. Poutan yonn nan manmb enfliyan komisyon ki te ekri pwojè sa, rele Jean Joseph EXUMÉ. Desizyon sa, se yon mannyè pou ti mari pa monte, pou ti mari pa desann. Menm man parèy man.
Aprè sanksyon Depatman Trezò meriken pran kont #1 chèf bandi legal yo, KPT a ak primati ap mande meriken yo dosye, kòmsi yo pa gen dosye pou mesye a. Kòmsi yo pa konnen ke mesye a ak alye l yo, detounen plis pase 3 milya dola vét PETWOKARIBBE a. Kòmsi yo pa konnen ke majorite gang yo, k ap vyole, touye fanmi n yo, se alye chèf bandi legal la. Kòmsi yo pa konnen ke mesye a se yon dilè dwòg li ye. Komsi yo pa konnen ke mesye a te pèdi tout byen l nan peyi meriken. Kòmsi yo pa konnen ke mesye a bati, pandan l prezidan an, nan mwens pase 2 lanne, yon chato nan komin Montrouis, ki koute anviwon 9 milyon dola vét. Kòmsi yo pa konnen ke pitit li, Olivier Martelly, ki te gen mwens pase 25 lane, achte ak lajan PETWOKARIBBE a yon gwo gwo kay nan Pétion-ville.
Konvokasyon Prezidan KPT a nan rezidans Anbasadè meriken an, Éric William Stromayer, jou ki te jedi 5 septanm 2024 lan, se denye gout dlo ki ranvèse vaz la. Zak sa revòlte m, e l endiye m. Kouman nan yon depandans total konsa, n ap ka rive òganize yon eleksyon demokratik, lib, transparan, san dikta Depatman deta oubyen Anbasad meriken nan peyi Dayiti ? Kijan dirijan sa yo, ap kapab anpeche meriken remete nan Palè a, yon lòt delenkan PHTK e alye ? Se pa yon fatalite sityasyon n ap viv la, se volonte pa n, pou n konpòte n kòm restavèk letranje
Mwen espere n ap kwaze ankò.
Jean Robert BOSSÉ
Jou ki te 5 septanm 2024