9 octobre 2024
Raoul Gérard | AKF : Leta Ayisyen ak Leta Kenyan, 2 bon elèv dosil FMI ak Bank mondyal 
Actualités English Société

Raoul Gérard | AKF : Leta Ayisyen ak Leta Kenyan, 2 bon elèv dosil FMI ak Bank mondyal 

Depi Leta Kenya aksepte pran tèt misyon militè etranjè an Ayiti nan kad akò li genyen ak Leta Etazini nan mwa jiyè 2023, anpil batbouch ap fèt sou Kenya ak Ayiti. Entèvansyon sa yo vin pi dri depi Kenya deplwaye 2 kontenjan polisye ann Ayiti nan mwa jen ak jiyè. Nou kapab remake bat bouch sa yo sitou reprann diskou Leta ameriken sou kriz Ayiti a nan fè kwè misyon militè a ap vin rezoud pwoblèm ensekirite a. 

Gouvènman popetwèl Conille ak konsèy prezidansyèl la ale nan menm sans la nan fè pwopagann sekirite tanmen blayi ak misyon militè entènasyonal k ap deplwaye nan peyi a. 

Malerezman, menm sila yo ki ap kritike sèlman kontante pou di misyon an pa bay rezilta. Kidonk, yo pa sòti nan chapant diskou enperyalis ameriken k ap finanse misyon an. Yo pa fè efò pou gade sitiyasyon pèp peyi Kenya ak pèp Ayiti kòm egzanp 2 nasyon ki wonje jis nan zo anba dominasyon enpreryalis ki manifeste sou plizyè fòm tankou gwo dikta FMI ak Bank mondyal nan kad plan ajisteman esktriktirél yo. 

Pandan klas popilè ak peyizan ap trimen anba dikta sa yo, boujwazi konpradò ak dirijan Leta yo ap kontinye mache ajenou devan dirijan Leta peyi enperyalis yo tankou Etazini ak peyi Inyon ewopeyen yo.

Nan ka Kenya pa egzanp, depi endepandans li, Leta aplike politik ekonomik anfavèmiltinasyonal ak ansyen puisans kolonyal yo pandan mas peyizan ak klas popilè yo ap trimen nan mizè nwa ak eksplwatasyon fòs kouray yo pou po patat. 

Depi lane 80 yo, se pwogram ajisteman estriktirèl k ap fini ak ekonomi an. Jan soulèvman ki pete nan mwa jiyè 2024 lamontre sa, pou satisfè demand FMI, Leta Kenyen an deside al chache plis pase 2 miliya dola nan pòch klas popilè yo ak peyizan. Li deside ogmante pri pwodui manje a plis pase 16%, ogmante pri gaz plis pase 50% ak pil lòt taks ankò. 

Pandan peyi a ap plonje nan defisi komèsyal nan enterè ansyen peyi kolonyal yo, se klas popilè yo ki pou peye tout dèt Leta, ak defisi ki nan bidjè Leta. Se paske li aplike politik ekonomik ak soyal sa yo, ki esplike nan kad visit Ruto, prezidan Kenyan an, Etazini, Biden konsidere l kòm yon gwo patnè LOTAN menm lè li pa manm LOTAN. Pa bliye, se LOTAN sa a ki detwi Irak, Afganistan, Siri ak Libi, elatriye. 

Jounen jodi a, nan jenosid pèp Palestinyenan, gwo peyi k ap dirije LOTAN yo tankou Etazini ak Almay ap founi zam ak soutyen lojistik pou detwui fanm, tibebe, jenn gason ak tout enfrastrikti nan Palestin ak presizyon.Prezidan Leta Kenya ap non selman livre teritwa ak fòs kouray popilasyon an bay miltinasyonal men li vle jwe wòl reskiyè nan enterè jewopolitik peyi enperyalis meriken ak LOTAN, jan Biden felisite li a.

Menm jan ak Kenya, Leta peyi d Ayiti se yon modèl nan aplike dikta FMI ak Bank mondyal nan yon pwen kote ekonomi an vin ap baskile nan tyouboum ak nakotrafik. Apre 40 lane privatizasyon sovaj antrepriz leta tankou siman d Ayiti, Izin Sikriyè Dabòn ak Enaol, Minotri, ASCO, liberalizasyon eknomik ak deposesyon peyizan yo, boujwazi konpradòayisyen an transfòme an nakotrafikan ak machann zam pandan dirijan Leta yo ajenou devan dirijan puisans enperyalis yo. 

Si aparèy represif Leta Kenya byen ame ak yon gwo efektif pou fasilite piyaj fòs kouray mas popilè yo nan enterè miltinasyonal ak boujwa konpradò yo, plan ajisteman estritirèl yo ann Ayiti kite yon Leta delala ki chwazi pataje fòs represif li ak gang, manchanndwòg elatriye. 

Si Kenya ap vin dirije misyon militè pou enperyalis ameriken ann Ayiti, li enpòtan pou nou eseye depase pwopagann ki ap tante fèkwè se zafè sekirite k ap vin regle ann Ayiti. Se yon nouvèl estrateji enperyalis ameriken ap deplòtonen pou asire ejemoni l nankatyouboumbe a ann Ayiti.

Se pa yon aza, asnal bandi yo sòti direkteman Etazini. Se nan sans sa a, Ayiti devaste ak politik ajisteman estriktirèl nan yon pwen kote ekonomi krim ak zam ap domine. Konsa se gouvènman Kenya, yon lòt bon elèv FMI ak Bank mondyal, ki vin jwe wòl souflantchou pou enperyalis ameriken.

Ositou, li enpòtan pou nou konprann, ni pèp Kenyen, ni pèp Ayisyen anba menm kout baton an. Se 2 pèp k ap sibi opresyon, esplwatasyon ak dominasyon lan men klas dominan reyaksyonè yo, leta tyoul Kenya ak Ayiti osèvis enperyalis yo. Se poutèt sa, 2 pèp sa yo dwe mete tèt yo ansanm pou goumen kont lenmi komen yo.

Aba tout kalite esplwatasyon, dominasyon ak opresyon!
Aba enperyalis!
Viv lit liberasyon pèp Ayisyen ak pèp Kenyen!
Viv lit liberasyon tout pèp sou latè!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.