Soti ayè nan volontaris ak mank preparasyon politik rive jodi a nan afimasyon yon gwo eksplwa politik, MONTANA, enperyalis la, yon nivo timounri ak trayizon yon sèten elit politik rive kase fe, jodi a gen nesesite rapousib ak lit pou konstriksyon ak emèjans yon veritab mouvman sosyal ak yon Fwon Politik Ini e Popilè pou fè faskare kòmsadwa a agresyon konbine fòs enperyalis yo, oligachi lokal la ak tout alye yo. Gen nesesite netwayaj ak refòm anpwofondè nan lakou a, pou peyizan malere ak malerèz, ouvriye ak lòt fòs travayè lavil ak nan mòn yo rive idantifye epi makònen yo toutbon ak vrè fòs pwogresis ak demokratik alye yo pou enpoze pwòp pwojè ak lidèchip politik pa yo pou libere peyi a anba tout kalite vèditè k ap minen I. Se egzijans sa a nan moman an san ti peyizan Janrabèl, Mawotyè ak Bochan ki te koule 23 jiyè 1987 fè tout òganizasyon peyizan pwogresis, tout òganizasyon ouvriye ak sendikal ki pa jon, tout òganizasyon popilè lavil ak nan bouk yo, tout pati ak òganizasyon politik lagoch ak pwogresis ki rete fidèl nan vizyon ak pratik yo a lide chanjman revolisyonè yo.
Gwoupman Tètansanm ak Ekip Misyonè Janrabèl ak alye yo, Gwoupman Karitas Bitasyon ak Ekip Misyonè Bochan nan Pòdepè epi Gwoupman Peyizan ak Ekip Misyonè Bonbad, t ap pote nan Ba depatman Nòdwès la, nan lane 1970-1980 yo, jèm yon pwojè sosyo politik, kiltirèl ak ekonomik altènatif. Yon pwojè altènatif ki te fè pè anpil, san aktè prensipal ki t ap anime pwojè sa a pat fin rann yo kont dimansyon freyè pwojè yo a te kreye nan pi wo nivo kan lenmi jire pèp ayisyen an ki bò pa yo t ap mitonnen replik ak frap sovaj, nan kad aplikasyon politik dominasyon ak agresyon vyolan ki toujou nan mak fabrik yo.
Anfèt, pwojè altènatif sa a te pote nan kòtòf li yon pwojè politik pi global ki deja, nan epòk la, te ranmase revandikasyon fondamantal ti peyizan yo ak lòt klas k ap sibi dominasyon ak eksplwatasyon nan sosyete ayisyen an. Nan batay yo ti peyizan yo t ap reklame yon Leta ki nan politik piblik li ta kapab aji sou mwayen pwodiksyon yo pou pèmèt ti peyizan demwatye ak fèmye gen aksè a bon venn tè ak kanal irigasyon, aksè a tè Leta, grandon ak grannèg te fè dappiyank sou yo nan move kondisyon, aksè a tè ak dlo pou peyizan pwodui pi plis pou ranfòse ak pwoteje pwodiksyon agrikòl nasyonal la ak pou soti peyi a anba anvayisman pwodui etranje ak manje sinistre. Ti peyizan Janrabèl, Mawotyè ak Bochan t ap reklame yon Leta ki ta ka mete a dispozisyon popilasyon an bon jan lopital, dispansè, laboratwa, medikaman ak pèsonèl e enfrastrikti medikal nesesè e kalifye; lekòl
primè, lise ak lekl pwofesonèl gratis epi inivèsite Leta pou jèn yo. Se nan sans sa yo peyizan yo te leve kanpe nan Nòdwès la kont taks mache, manje sinistre ak sistèm chèf seksyon ak choukèt lawouze a, elt.
Gwoupman Tètansanm ak Ekip Misyonè Ba Nòdwès yo, pi espesyalman nan Janrabèl ak Bochan pat kontante yo revandike sèlman, men gras ak inisyativ lokal grès kochon kuit kochon ak solidarite nasyonal ak entènasyonal, yo te rive mete kanpe tout yon seri inisyativ ekonomik, sosyal ak kiltirèl pou te soutni batay peyizan yo t ap mennen. Inisyativ ak aktivite sa yo te sèvi pilye materyèl ak enfrastrikti ki te kenbe vivan batay Gwoupman Tètansanm ak Ekip Misyonè Janrabèl ak Bochan yo t ap mennen nan Ba Nòdwès la. Ajoute sou wo nivo konsyans politik yo te manifeste, inisyativ konkrè sa yo te pèmèt ti peyizan yo atenn yon nivo òganizasyon, motivasyon ak kapasite mobilizasyon eklè ki rete petèt san parèy jiska prezan nan tout istwa mouvman peyizan ayisyen an ak nan mouvman sosyal ayisyen an anjeneral.
Se tout atou sa yo ki te rann kan lenmi yo pè. Se sa ki te pouse anbasad meriken te voye David Lee, yon anplwaye nan konsila meriken al mennen ankèt sou aktivite Gwoupman Tètansanm yo ak Ekip Misyonè Janrabèl la, yon lane anviwon anvan masak la, nan dat 27 dawou 1986. Se sa tou ki esplike vizit jeneral Henri Namphy ansanm ak Alphonse Jean, gwo makout devan letènèl ki te kandida alaprezidans nan epòk la pou te al remonte moral fòs makout yo nan Janrabèl, yon mwa anvan avari san an, egzateman nan dat 14 jen 1987.
Jounen jodi a n ap asiste a menm kalite konplo sa yo, menm advèse ak lenmi jire pèp ayisyen an ak anbasad meriken alatèt, mafya entènasyonal ak lokal yo, politisyen restavèk ratdole ak latriye tchoul yo ki rive monte gwoup gang teworis yo nan tout peyi a, espesyalman nan zòn metwopoliten Pòtoprens ak nan Latibonit pou simen laterè nan mitan popilasyon an epi bare tout mouvman pwotestasyon popilè nan peyi a. Se nan kad konplo entènasyonal sa a yo rive nwayote epi netralize Akò Montana k ap reziste toujou epi ki rete malgre tou jiska prezan yon altènativ pou nou menm ti peyizan ak tout pèp ayisyen an.
Se gwo konplo entènasyonal sa yo ki esplike Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak gouvènman Conille lan pa pibliye Akò 3 avril la Akò Montana te enfliyanse anpil pou te sèvi kòm baliz ak fèy wout pouvwa tranzisyon ki anplas la, men k ap naje jiska prezan ant koripsyon ak tolerans menm sistèm enpinite k ap donnen krim san, ensekirite ak grangou lamizè nan mitan popilasyon an depi sou gouvènman PHTK yo rive jouk jodi a, san okenn pèspektiv yon minimòm amelyorasyon nan toumant ak mizèrere popilasyon an.
Nan okazyon komemorasyon 37tyèm anivèsè masak ti peyizan Janrabèl ak Bochan yo TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN ap di Konsèy Prezidansyèl la ak gouvènman Conille lan li poko twò ta pou yo pran men yo pandan I ap raple yo prensipal obligasyon Akò 3
P
avril la fè yo : mete kanpe Konsèy Nasyonal Sekirite (KNS); tabli Ògàn Kontwòl Aksyon Gouvènman an (OKAG) sou baz yon laj konsiltasyon ak òganizasyon sosyete sivil la ak dyaspora a; kanpe Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la pou reyalize Konferans nasyonal souveren an epi òganize eleksyon lib e demokratik pou tabli nan peyi a nouvo otorite konstitisyonèl yo.
TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN ap pwofite lanse yon apèl a tout òganizasyon nan sosyete sivil la, a tout pati prenant ki te mete kanpe KPT a sou pye epi a tout sitwayen fanm kon gason, pou yon leve kanpe jeneral pou egzije Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pibliye Akò 3 avril la kòm sèl zouti konsansyèl ki ka bay Pouvwa Tranzisyon ki anplas la yon minimòm respè ak lejitimite devan nasyon an.
TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN ap voye menm apèl la a ansanm sosyete a epi pi espesyalman a diferan òganizasyon ak enstitisyon ki gen reskonsblite fè chwa moun pou voye nan KPT a pou monte Konsèy Elektoral Pwovizwa a, pou yo rete trè veyatif sou mòd apwòch sispèk otorite yo vle enpoze pou rive nan chwa manm KEP yo. Mòd apwòch sa a riske pwovoke plis kriz toujou nan peyi a. N ap souliyen nan sans sa a mache prese ki manifeste nan delè twò kout KPT a bay òganizasyon ak enstitisyon konsène yo pou yo ta rive antann yo sou chwa pèsonalite y ap deziye pou fòme KEP a.
VIV Lit Peyizan yo
Vi Rezistans ak Batay Pèp Ayisyen
Aba tout konplo kap kap manniganse sou Peyi a Aba kontinye Pouvwa PHTK a
Aba dapiyanp k ap fèt sou Tè Peyizan yo.
Pou TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN
Louis Origène
Origène Louis Kòdonatè 33250910
Rosemène Valdema
Rosemene Valdema Trezoryè 43271077
PIERRE Mary Save
Pierre Mary Louis Sekrètè 43308134
KONSEY
AYISYEN
ADMINISTRASYON
IL атом LAL
ASOSYASYON NASYONAL