3 juillet 2024
Lèt tou louvri pou Mesye Normil Rameau
Actualités

Lèt tou louvri pou Mesye Normil Rameau

Kolektif Sitwayen Latibonit Kont Ensekirite
Lèt tou louvri pou Mesye Normil Rameau, Direktè Jeneral Polis Nasyonal la
Objè: Atire atansyon direktè Jeneral la sou nesesite pou aji prese prese sou pwoblèm ensekirite a nan depatman Latibonit.
M. Normil Rameau, nan biwo l,


Nou menm sitwayen angaje ak òganizasyon nan depatman Latibonit ki siyen lèt sa a, salye retou w kòm nouvo direktè jeneral polis la. Nou pran reskonsabilite pou atire atansyon w sou nesesite ki genyen pou w pran mezi rapid vit pou abòde pwoblèm sekirite ki genyen nan depatman Latibonit la. Yon sitiyasyon ki paralize depatman an nan tout nivo.


Li enpòtan pou nou raple pou ou, depi anviwon 8 ane la a gen yon sitiyasyon ensekirite jeneralize nan tout peyi a, ki pral transfòme an yon veritab tèrè depi 5 dènye ane yo. Gang kriminèl pran de (2) pi gwo depatman peyi a an otaj. N ap pale de depatman Lwès ak Latibonit. Nan Latibonit patikilyèman, gang yo detui lavi nan yon seri komin. Yo touye, yo kidnape, yo vyole, yo detui byen sitwayen yo, fè moun abandone kay yo menm jan sa ye nan depatman Lwès la. Depi lè gang Anel Joseph la te fin enstale l nan komin Desalin apati 2018 yo, nou ka di se yon kontajyon ki pran nan depatman Latibonit la, nan vale a an patikilye. Nan depatman an nou ka enimere pami gang ki pi fewòs yo e tout moun konnen: Gang Savyen an ki sitiye nan komin Ti Rivyè Latibonit, Kokorat san Ras ki sitiye Lakwa Peris nan Lestè ki gen yon ramifikasyon gang 5 etwal nan Mapou Lagon ak Ti Bwadòm nan komin Gwomòn, Gang delije nan komin Monwi. Se pratikman gwoup kriminèl sa yo ak lòt ankò nou pa site, ki sènen depatman an, ki rive tabli relasyon youn ak lòt san bliye bon jan rapò yo devlope ak gang ki nan depatman Lwès la.


Kalite aksyon gang sa yo ap mennen, se pa bagay moun te janm imajine. Gwoup kriminèl sa yo, kidnape tout kalite moun. Yo non sèlman mande gwo lajan fanmi yo pa posede, men tou yo soumèt yo ak yon seri maltretans ou pa ta di se gwoup teyoris ki pi danje ki egziste nan yon seri peyi. Gen nan otaj yo, gang yo boule plastik lage sou kò yo, fè yo soufri san manje, jiskaske yo mouri grangou. Kriminèl yo konn fè moun yo peye plizyè ranson epi touye otaj la annapre. Atwosite gang yo ap komèt sou moun yo, mande pou gen yon repons miskle ki bay. Menm enstitisyon la polis la ki la pou trake gwoup kriminèl yo pa epanye anba zak sa yo. Nou sonje kijan gang yo touye epi imilye kadav yon seri polisye. 25 janvye 2023, gen 6 polisye gang Savyen an touye nan komin Lyankou. Yo sezi kadav yo ak tout materyèl yo te gen nan men yo. Depi apre evènman sa a, Komisarya Lyankou a livre menm jan ak Ti Rivyè, pa gen okenn prezans polisye nan zòn nan. Sa ki bay gang nan baryè lib pou opere jan l pito.
Aktivite kriminèl sa yo, mete depatman Latibonit la ajenou. Yon depatman ki se grenye peyi Dayiti. Jodi a, peyizan nan vale a pa ka fè sa yo te konn fè pou yo viv. Kote gang yo pa rive chase moun yo, kriminèl yo pran kontwòl dlo ak kanal irigasyon ki pou alimante jaden yo. Sa ki vin ogmante mizè sosyal ak ekonomik ki te deja ap taye banda. Tout wout nasyonal nimewo 1 an anba kontwòl gang. Soti Kanaran, pase Delije, Kafoupèy ak Kokorat san ras nan Lakwa Peris sou Lestè. Lekòl, Lopital, mache piblik… pa rive fonksyone nan anpil komin nan Latibonit la. Tankou Ti Rivyè, Lyankou, Lestè, Monwi. Paske gang yo deside se fini pou yo fini ak lavi nan depatman an. Sa ki lakoz pezib sitwayen yo, nan yon sitiyasyon pa ka tann. Nan moman n ap ekri nòt sa a, gang Gran Grif la nan Savyen ak Kokorat San Ras nan Lestè fin mande anraje. Yo kontinye ap detui dènye ti rès sa peyizan yo te rete. Mezanmi soufrans la twòp pou moun yo, dwe gen mezi ijan ki pran pou rezoud pwoblèm sa a.


Nou menm sitwayen angaje ak òganizasyon nan depatman Latibonit la ki pran inisyativ ekri w lèt tou louvri sa a mesye direktè jeneral, nou vle di w nou konte anpil sou mezi ou pral pran prese prese pou pèmèt lavi reprann nan peyi a ak nan Latibonit an patikilye. Paske se klè, dirijan ki te nan tèt PNH la ak nan DDA Latibonit la pa t janm bay soufrans moun yo regle anyen pou yo. Kri sitwayen yo pa t janm rive nan zòrèy yo. Se vre gen jefò ki te konn fèt sou yon seri DDA pou limite chan daksyon gang yo nan depatman an. Nan tèt kole ak popilasyon nan vale a, lapolis te elimine prensipal chèf gang Savyen an Odma. Gen 2 lòt lyetnan ki se Lodè ak Goliath ki ta pral tonbe tou. Jefò sa yo pa kontinye paske lidèchip ki te gen nan pi wo nivo polis la te pito retire direktè depatmantal sa yo olye yo te ba yo mwayen pou trake gang yo. Direktè depatmantal polis ki la a, mesye Paul Menard pa janm fè okenn jefò pou abòde pwoblèm ensekirite a vre. Okontrè, sitiyasyon an vin pi mal sou li.


Se pou sa nou ekri w lèt tou louvri sa a, pou atire atansyon w sou ijans ki genyen nan ka Latibonit la. Nou vle di w tou travay la pa piti. Chantye sekirite a, se premye kote moun yo ap tann sinyal. E sinyal sa a dwe vini ak premye mezi w ap pran pou pote chanjman nan nivo DDA Latibonit la. Paske nou pa ka konte sou moun ki la yo ki pa t janm manifeste okenn santiman sansibilite pou soufrans moun yo alewè pou yo ta pran mezi pou rezoud pwoblèm nan. Nou kwè pa gen okenn pwoblèm la a lapolis la pa ka rezoud depi gen volonte nan pi wo nivo. Kidonk, nou konte sou devouman w, volonte w a ak reskonsabilite w pou wete Latibonit anba grif kriminèl sa yo ki kenbe l nan gòj twò lontan.
Pandan nou espere demach nou an ap atire atansyon w, epi w ap bay suit ak demand nou yo, mesye direktè jeneral, nou salye w patriyotikman nan non zansèt nou yo!


Moun ak òganizasyon ki siyen lèt sila a a:
Ravel NORGAISSE: Sitwayen angaje
Luc Wans DUVALSAINT: Sitwayen angaje
André SAINT-LOUIS,Tech-Agr, Kòdonatè Jeneral Komite Inisyativ pou Lapè nan Balatibonit (KILBA)
Reynald EXANTUS : Sitwayen angaje, Pwofesè inivèsite
Paul André GARÇONNET: Manm direktwa Latibonit kanpe pou Ayiti (LAKAY)
Dorvensley DORMÉUS: Manm Blòk Politik Chimen Klere (BPCKL)
Prévilmond MONT-FLEURY: Blòk Politik Chimen Klere (BPCKL)
Serge DESROCHES : Mouvman jèn Latibonit (MJL)
Junior Boisrond EMMANUEL : Asosyasyon jèn pou devlopman Ba Latibonit (AJDPB)
Nouvolib AYIBOHIO: Atis angaje
Nelio PETIT-HOMME: Mouvman revolisyonè pou liberasyon mas yo (MORELIM)
Myrtholet ACCIDE: CHACHOM
Rigaud VELUMAT: Latibonit kanpe pou Ayiti (LAKAY)
Wilguens SAINT-JEAN: Sitwayen angaje , Anseyan
Chesny SÉNAT: Sitwayen angaje, Anseyan
Cauvin PLAISIR: Sitwayen angaje, Ekriven
Donald NOELSAINT: Sitwayen angaje, Ekriven
Max André MERTIL: Sitwayen angaje, Anseyan
Gaby CHARLES : Manm Blòk Politik Chimen Klere (BPCKL)
Jean Noé DESTRA: Konbit Tanbou Pale
James DUPERVAL: Prezidan Lestè Dabò
Max Leventaire SAINT LOUIS: Konbit Sitwayen pou Sekirite Kominotè (KOSEK)
Marc Tilus ESTIMÉ: Konbit Sitwayen pou Sekirite Kominotè (KOSEK)
Combite solidarité pour le développement de Mont-Rouis (CSDM): Jean Pierre FRITZ
Anuel Fortuné: Fòs reyèl Senmak
Regroupement des travailleurs pour le développement inclusif (RTDI): Prospeline JOSEPH MARC
Pou Otantifikasyon :
Ravel NORGAISSE (+509): 3212-4151
Paul André GARÇONNET (+509) 4319-6245
Rigaud VELUMAT
(+509) 4072-1509/ 3111-4219 Email: velumatrigaud@gmail.com
André SAINT-LOUIS, Tech-Agr, (+509) 4693-5696

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.