30 novembre 2025
ECCREDHH-Human Right | Ayisyen leve kanpe pou n defann Dwa’n, modèl Leta sa dwe desitire
Actualités Cas d'assassinat Corruption Élections Insécurité|Kidnapping Justice PHTK autorise l'occupation du pays Société

ECCREDHH-Human Right | Ayisyen leve kanpe pou n defann Dwa’n, modèl Leta sa dwe desitire

Nan tout peyi sou latè,  Leta se ekspresyon  Otorite, Lòd, Prensip ak Disiplin. Pa gen leta ki rive kanpe eskanp figil douvan lòt nasyon ki konpòtel nenpòt koman. Men pou sa fèt,  fòk fanm ak nonm  ki okipe espas Leta konnen veritab wòl yo ki se vin tabli byennèt kolektif la.

Fòk fanm ak nonm sa yo,  sosyete a ka konte sou onètete yo, kredibilite ak sensesirite yo paske yo pral sèl majò jon jwèt la pou pèmèt enstitisyon anndan Leta Fonksyone selon règ ak prensip ki etabli pou sa fèt. Sa vle di pèmèt egalite chans,  egalite douvan lalwa epi yon distribisyon richès ak byen rasyonèl pou n site sa yo selman.

Men Lòske leta se modèl moun sa yo ki gen kalifikatif Kriminel, Koriptè,  Ansasen,  Dilapidatè,  Kidnapè  elatriye,  nou pa ka etone pou tip sosyete sa nou gen la jounen jodi a ki lage nan debòch,  nan danse anba tivant,  nan bòdègèt , tisourit elatriye.

Sa fè nou lapènn pou nap obsève koman ayisyen frè nou, menm San, menm plim menm plimay redui yon sosyete.
Sa fè nou lapènn pou konstate kouman politisyen malonèt,  rabougri,  nen frèt soti grif yo aprè plis pase 30 lanne y’ap fè tout kalte betiz epi yo vle se yo ki pou toujou prezan sou sèn politik la.

E pou yo garanti prezans yo, yo tounen tout bèt. Yo jwe tout jwèt paske tout mwayen bon. E Fenomèm gwoup nèg ak gwo zam k’ap feraye aktyèlman toupatou nan peyi Dayiti, se youn nan pi gwo egzanp. Se yon pratik pou anpeche pèp esprime fuistrasyon l nan mobilizasyon, nan sit-in,  nan Mach ak tout lòt mouvman soulèvman ki ka fèt pou denonse vye zak malonèt.

Aktyèlman sa se pi gwo maleng ki nan degwenn sosyete a, kit rich ou pòv ou pa epanye.

Pandan sa, sa fè deja plis pase 2 zan 4 mwa , Ariel Henry yon ilegal , yon ilejitim, yon  defakto, yon prezime ansasen nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse pran Leta Ayisyen anba grif li. Y’ap vòlò,  y’ap fè deriv, y’ap kowonp, y’ap arete , y’ap simen dèy nan simaye gwo zam nan Katye defavorize yo, y’ap  maspinen e sasinen opozan. Yo pa fè lòt ke sa yo.

Se pou sa Bilan PM defakto Ariel Henry a ak tout akolit li yo pa lòt ke rann disfonksyonèl tout enstitsyon nan Leta. Se kreyasyon plis chomaj, se Kidnapin,  se Sasinay,  se Lavi Chè, se ensekirite jeneralize, se vyolasyon dwa moun nan tout nivo, se ranfòseman gwoup ame yo, se teritwa  pedi yo.

Men sa ki pi grav e sinik,  malgre tout zak vyolans e soufrans moun ki pi fèb yo ap viv chak jou bondye mete, pa gen yon Minis osnon yon direktè ki leve dwèt pou l ta di li demisyone.

Sa vle di yo tout antann yo pou pann nou tout.

Men kisa ki kòz nou paka antann nou kont yo?

Move pratik anndan leta ak nan lòt sektè pa kreye plas pou lajenès, yo rann yo deprave, San vrè modèl. E sila yo ki wè wout lavni yo fè nwè kou lank oblije pa pil pa makòn chape kite peyi a pou chache lavi miyò lòtbò dlo pa nenpot mwayen trè danjere. Alòkile, pa prèske rete yon vrè kad ak yon bon pwofesyonèl nan peyi Dayiti ankò. Tout fini ale Brezil , Chili,  Kanada, Lafrans,  Etazini elatrye.

Men nou ta ka mande kisa peyi Dayiti ap devni nan 10 lanne ankò?

Pandan tan sa , yon pil sangwen, san wont k’ap chache manje nan otèl nan tout akò pandan yo an dezakò ak pwòp tèt yo. Pandan pase 30 lanne, yo nan tout emisyon radyo ak televizyon, y’ap feraye sans rete.  yo nan tout gouvènman ap souse zo.

Se yo ki maleng nou e se ak yo pou’n debarase’n si n  ta vle reyèlman soti nan kalamite ak masuife n’ap monte lajounen kou lannuit.

Gad sa k’ap pase nan Latibonit, Lafito, Sous Matla, Kanaran, Bon Repo, Anba Lavil, Matisan, Maryani pou travèse fòk ou peye akòz Pòs peyaj gwoup ak zam yo etabli. Denye kote yo fèk plase you n la, se Divivye sou komin Site Solèy. Sa ki fè kous machin bis bonrepo yo vin 100 Goud epi lotè gwo eskonbrit ant pasajè ak Chofè. kote Leta?

Fenomèm pòs peyaj sila, n’ap gen poun peye l chè si n pa derasinen l pi vit.  An n pran yon kad figi kote chak espas yon gwoup ame ap dirije deside mete yon pòs peyaj kouwè Divivye fè l. Lè sa tout moun pral oblije mache sou de pye yo. Men eske pa pral rive yon moman menm pou w pase a pye fòw peye? 

Pagen anyen ki fèt pou anpeche sa rive.

Zanmi frè konpatriyòt ayisyen gen anpil koze pou’n  ta pale , men lesansyèl se met kanson’n nan tay nou pou Goumen pou Dwa nou respekte,  Goumen Vwa nou konte. Desten ak demen peyi dayiti depan’n de aksyon n’ap poze jounen Jodi a.

Mwen te komanse ak fraz sila « Leta se ekspresyon  Otorite, Lòd, Prensip ak Disiplin ».  Alòssi nou vle konstui yon Leta ki chita sou lalwa fòk nou koupe fache epi debarase’l de 90% aktè ki pran l an otaj yo paske yo tout gen grenn zanno kay òfèv , yo tout gen demele ak lajistis. Nou pa ka kontinye ap viktim de yon Leta k’ap simen dèy nan tout popilasyon. Nou pa ka kontinye ap sitire yon Leta planifye lanmò nou nan alimante gwoup ap zam.

« Pèp konsyan pa konn pèdi batay »

Modèl Leta sa Dwe desitire

===//===//===

Mèt Louimann MACEUS, av.
Sekretè Jeneral ECCREDHH-Human Right
Manm Amnesty international.
Espesyalis nan Dwa Moun & Dwa Entenasyonal Imanitè (CUHD/GENEVE).
Espesyalis nan Politik Piblik Dwa Moun (IPPDH/CIDH).
Ex-Pwen Fokal OSI-HAITI (Objektif Syans Entensyonal)

ethnojuriste@gmail.com
50936203405/33149832
Pòtoprens Ayiti,  Janvye 2024.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.