JMJ2023: Jacky DUVIL plede anfavè enplikasyon jèn yo nan lit kont chanjman klimatik la !

0
1039

Se sou tèm  » Ekselere repriz aprè maladi kowona viris la (Covid-19) pou nou rive reyalize ajenndan 2030 yo  » jounen mondyal lajenès ap dewoule jounen samdi 12 dawout 2023 a, nan nan vil Lisbòn , ki se kapital peyi Pòtigal. Tankou nou tout konnen l, chak  jounen mondyal reprezante yon okazyon pou enfòme piblik la sou kèk tèm ki lye ak gwo anje . Se egalman yon okazyon pou Leta nan tèt kole ak Sosyete Sivil la òganize bonjan aktivite ak mobilize resous sou diferan anje yo.

Nan yon peryòd kote mond lan ap fè fas ak gwo pwoblèm klimatik, Jacky DUVIL,  ki se ekspè nan domèn chanjman klimatik souliye enpòtans lajenès e wòl li kapab jwe nan batay kont rechofman klimatik la.

<<Jèn yo kapab jwe yon gwo wòl nan lit kont chanjman klimatik la tankou: Nan sansibilizasyon , nan pwomouvwa   edikasyon ki gen rapò ak anviwonnman epi chanjman klimatik ak pataje konesans yo yon fason pou rive atenn objektif devlopman dirab yo>>.

Jèn doktoran plede anfavè yon tranzisyon pandan l konseye jèn yo pa neglije sansibilizasyon kont chanjman klimatik la, yon mannyè pou plis moun rive kapab konsyan de anje ki gen  nan kesyon rechofman klimatik la.)

<<Se wòl jèn yo pou y ale sansibilize paran ak tout kouch nan sosyete pou yo konnen pwoteksyon anviwonnman se yon devwa epi enfliyanse lòt nan aksyon y ap poze chak jou sou kesyon anviwonnman. Konsa , y a kapab adopte yon konpòtman ki plis ekolojik . Jèn yo dwe kontribitè desizif nan aksyon pou lite kont chanjman klimatik>>

Antouka, nan tout sosyete, jèn reprezante fòs motris ki kapab fè machin sosyal la mache men tou kapital imen ki gen gwo enpòtans nan devlopman epi kontribye nan chanjman sosyal, ekonomik ak bonjan pwogè teknik.  Se okazyon pou jèn yo montre yo kapab jwe yon wòl nan yon peryòd kote mond lan ap fè fas ak gwo pwoblèm ki lye ak rechofman klimatik..

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.