25 septembre 2025
Twa òganizasyon nan Dyaspora a mete chapo ba devan jounalis Liliane Pierre-Paul
Actualités Kreyòl Société

Twa òganizasyon nan Dyaspora a mete chapo ba devan jounalis Liliane Pierre-Paul

LILIANE PIERRE PAUL DI NOU OREVWA SAN ZATANN

Liliane Pierre Paul pran chimen Ginen, Lendi 31 Jiyè 2023, apre yon kriz kadyak. Li marande ak nouvèl jis nan dènye souf li. Paran li di : sa pase pandan li ta p prepare l pou l al nan Radyo Kiskeya kote li gen yonn nan emisyon ki pi popilè nan peyi a, ak bonjan nouvèl, chak aprèmidi a 4 è tapan. Nouvèl lanmò a gaye tankou pousyè, toupatou, nan jounal, telefòn ak radio. Se yon gwo chòk. Gen moun ki kriye tankou timoun, gen lòt ki sezi, yon mo p at ka sòt nan bouch yo. Nouvèl la frape fò paske li rive tou pre lè emisyon an. Moun p ap ka tande vwa Liliane ankò, vwa sa a ki te konn pote enfòmasyonepi ki te konn ba yo espwa ak kouraj nan la vi a.

LILIANE PIERRE PAUL TE YON JOUNALIS NASYONALIS, POPILÈ, ANGAJE
Liliane Pierre Paul, te yon fanm vanyan. Anpil moun rekonèt sa. Li pase twaka 70 lane lavi l dèyè yon mikro. Listwa aprann nou li te yon jounalis militan ki pat janmen pè di laverite nan emisyon l yo. Liliane, te yon jounalis pwogresis, li te toujou ap mande Leta respekte dwa la pawòl, dwa laprèss, dwa toutsitwayen kèlkelanswa kote yo kanpe nan sosyete a. Liliane te konn pran pati pou fanm k ap sibi diskriminasyon ak vyolans. Liliane te jwe yon gwo wòl tou nan : « L’Association Nationale des Medias Haitiens (ANMH) ». Liliane pa t konn chita sèlman dèyè mikro, li te konn nan lari tou ak tout moun k ap mande chanjman total kapital, moun k ap reklame demokrasi nan tout peyi a.

LILIANE, DÈYÈ MIKRO A, T AP CHACHE SOVE PEYI A,
AK TOUT VANSE NOU TE FÈ SOU CHIMEN DEMOKRASI.
Liliane Pierre Paul te wè jou nan Ti Gwav. Byenbonè li antre nan Pòtoprens pou vin etidye. Li pat pran tan pou chwazi pwofesyon jounalis la, li te renmen anpil. Sou Jean Claude Duvalier, li menm ak Konpè Filo, nan lang Kreyòl la, te konn travay ansanm nan “Radio Haiti Inter”, pou koze san griyendan ak ti machann yo, moun k ap pouse bouwèt, ak moun k ap ravitaye pou yo ka jwenn yon plat manje chak jou. Ekip radyo a, sou direksyon Jean Dominique, pa t manje anyen k frèt. Yo chache bay moun k ap soufri yo lapawòl. Diktati a te voye pye. Militè-makout yo te mache kraze “Radio Haiti Inter”, fouke jounalis yo, trennen yo nan Casernes Dessalines, kote yo maltrete, derespekte Michėle Montas ak Liliane. Yo kenbe kèk jounalis ak militan ki tap batay pou chanjman nan prizon. Yo egzile lòt, pimpe yo aletranje. Nan woulib sa a, Liliane oswa “Lili” te ateri nan Venezuela. Apre sa, li janbe nan Canada.

LILIANE TE BRAV ANPIL. LI KITE YON KOKENN ERITAJ POU NOU TOUT, SITOU JENN JOUNALIS AYISYEN YO.
Apre 1986, Liliane pat ezite retounen ak lòt militan ann Ayiti. Li mete ansanm ak kèlke kanmarad jounalis tankou Marvel Dandin ak Sony Bastien, pou kreye “Radio Quisqueya” kote li remonte antenn li pou kontinye kominike ak pèp la, bal bonjan konsèy pou l pa pran “mantèg pou bè” nan men dirijan mal pou wont yo. Fòs neyo-divalyeris yo kontinye pèsekite l. Yon lè, yo te met dife nan Radio Kiskeya pou yo te ka mete baboukèt sou bouch Liliane ak lòt jounalis yo. Sa pa mache, paske pèp la, ak anpil lòt moun te kouri leve kanpe pou ede l reprann mayèt la. Gen grenn depaman ki te konn fè zen sou do Liliane nan lòt radyo. Genyen tou, menm yon prezidan mizisyen ki te konn voye move chante pou denigre l. Tou sa pat kraponnen l. Li kontinye fè travay kritik jounalis li ak onètete, dèyè mikro a.

Pou fini, n ap di gen plis istwa toujou nou te ka rakonte sou lavi kokenn fanm vanyan sa a. Sepandan, sa nou dwe chonje sèke Liliane Pierre Paul te yon Jounalis ki te trè devwe, entèg, konsekan, pèseveran nan travay li. Se pa san rezon gen òganizasyon ki te kouri onore l, bal pri tankou: “ INTERNATIONAL WOMEN’S MEDIA FOUNDATION” ki bal pri “COURAGE IN JOURNALISM AWARD” nan lane1990, ak “ SOS LIBERTÉ “ kit e bali pri “ROC CADET” nan lane 2014 pou salye enpòtans ak valè travay li t ap fè kòm jounalis ayisyen.

Konsa, n ap mete ansanm twa òganizasyon nan Dyaspora a poun prezante senpati nou, kondoleyans nou, bay tout kòd fanmi Liliane. N ap voye kondoleyans nou tou bay tout jounalis Radyo Kiskeya, anpatikilye konpayèl li Marvel Dandin, ak tout jounalis nan peyi a. N ap di yo kontinye kenbe djanm. Travay Liliane, reyalizasyon li, ap rete kroke nan memwa nou. Nou espere tout jenn jounalis k ap grandi va swiv chimen li trase pandan tout vi li pou defann dwa tout sitwayen: libète lapawòl ak jistis ann Ayiti.

1) INISYATIV SITWAYEN NAN NOU YÒK POU
SOUTNI AKÒ MONTANA.
Daniel Henrys
Daniel Huttinot
Julien Jumelle
Lionel Legros
Michèle Montas

2) KOMITE SOLIDARITE AK REZISTANS PÈP AYISYEN
NAN MIYAMI
Max Pierre Antoine
Lodz Deetjen
Hudes Desrameaux
Abel Simon Zėphir

3) KOWALISYON AYISYEN NAN KANADA KONT DIKTATI NAN PEYI AYITI
Jean-Claude Icart
Chantal Ismé
Richard Mathelier
Dominique Mathon
Walter Osna
Alain Saint-Victor

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.