Jounen refleksyon sou kriz nan Inivèsite Leta Ayisyen : plizyè òganizasyon pran desizyon pou aji !

0
1139

Pòtoprens, 5 jiyè 2023 ((rezonodwes.com))–

Pozisyon piblik ansanm òganizasyon ki te patisipe nan jounen refleksyon sou kriz k ap brase bil sosyete a ak Inivèsite Leta a, nan jounen dimanch 02 jiyè 2023 a Jou ki te dimanch 02 jiyè 2023 a, nou menm, òganizasyon etidyan, òganizasyon popilè, òganizasyon sendikal ak politik, te patisipe nan yon jounen refleksyon ki te fèt nan Fakilte Syanzimèn, sou inisyativ Sèk Janil Lwijis, konsènan kriz anndan Inivèsite Leta a ak kriz sosyo politik peyi a ap konnen depi kèk tan.

Jounen refleksyon sa a te fèt nan objektif pou nou te eseye konprann sitiyasyon yo, analize yo epi reflechi sou ki fòm kontribisyon nou ka pote nan jefò ki dwe fèt pou nou jwenn yon altènativ fas ak kriz divès dimansyon sa a. Nou te rive brase lide sou yon seri pwoblèm ki genyen nan inivèsite a ak nan peyi a.

Mete sou sa, nou te defini kèk eleman pèspektiv konsènan divès fòm mobilizasyon ki dwe tanmen nan peyi a pou nou fòse yon seri chanjman fèt. Konsènan Inivèsite Leta a, jounen refleksyon sa a te pèmèt nou konprann nan nivo rektora a tankou nan anpil fakilte (Lekòl nòmal siperyè, Fakilte syanzimèn, Enstiti etid ak rechèch sou Lafrik ak Ayiti, Fakilte etnoloji…) se prèske menm pwoblèm yo k ap poze. Pami pwoblèm sa yo nou ka site : koripsyon ak sispisyon koripsyon, mezi otoritè, vyolasyon yon seri dispozisyon ak adopsyon yon seri lòt san konsètasyon ak diferan aktè yo, zafè moun pa, pèsekisyon, dirijan defakto ki pa genyen okenn lejitimite, elt.

Pou sa ki konsène reyalite sosyo politik peyi a, nou konprann nou nan yon sitiyasyon konfizyon marande ak vyolans, kote fòs enperyalis dominan yo nan konplisite ak yon seri alye lokal kreye yon kawo nan lide pou yo kontinye egzèse dominasyon yo kont enterè popilasyon an, sitou mas popilè yo. Pwojè dominasyon sa rive eksprime menm nan yon seri inisyativ ki te parèt pote lide ki te nan enterè peyi a, kote nou remake inisyativ sa yo 2 detounen sou wout yo sou enfliyans kèk aktè entènasyonal. Nou rive konstate tou jouk jounen jodi a, òganizasyon ak aktè pwogresis yo pako ka rive mete yo ansanm pou yo konstui yon fòs nesesè pou yo mete anplas yon modèl Leta popilè nan peyi a.

Kòm konsekans, pwojè enperyalis la ap vale teren nan espas sosyal ayisyen an nan prèske tout nivo. Yon seri òganizasyon, aktè ak enstitisyon, tankou Inivèsite Leta a, ap travay san kanpe pou pwojè sa a kontinye fè wout li epi ranfòse tèt li nan peyi a. Nan sans sa a, nou menm òganizasyon pwogresis nan peyi a, renouvle angajman pou nou kontinye batay, sitou batay ansanm, sou divès fòm pou nou kontrekare pwojè enperyalis la nan tout nivo nan peyi a.

Kòm kriz san parèy ki tabli nan sosyete a pa depaman ak sa k ap pran fòm nan divès espas (nan Inivèsite Leta a, nan enstitisyon piblik/prive yo, nan òganizasyon yo…), nan inisyativ nou yo, n ap makònen sitiyasyon malouk chak espas sa yo ak kriz global peyi a nan objektif pou nou batay jouk nou jwenn chanjman radikal nou bezwen an. Nou rete kwè nan kalfou Ayiti ye jounen jodi a, aksyon ak kreyativite tout òganizasyon ak aktè pwogresis yo nesesè pou nou sòti nan kriz planifye sa ki enstale nan peyi a. Nou konsyan sou responsablite nou, n ap aji nan sans responsablite nou.

 Viv inite nan mitan fòs pwogresis yo !

Viv yon Leta popilè !

Viv libète ak byennèt pou malere/malerèz yo !

Viv dwa grandèt peyi a !

Sèk Janil Lwijis, Bedouby NOBERT

Sèk Gramsci, Kervens CHERY

Kay La, Hudtchy DÉMÉUS

Sèk Makandal, Pipo BRUTUS

Pati Rasin Kan Pèp La, Patrick JOSEPH,

Sèk Grégory Saint-Hilaire, Cilien LUXENAT,

Konbit òganizasyon politik, sendikal ak popilè, Guy NUMA

 ACSOL, Youdeline MARCELIN

Pou otantifikasyon Sèk Janil Lwijis : Bedouby NOBERT, 4403 7118

Sèk Grégory Saint-Hilaire : Cilien LUXENAT, 4601 779

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.