29 novembre 2025
Dlo Dous | Zafèm : yon gid pratik pou jwisans
Actualités Culture Musique Société

Dlo Dous | Zafèm : yon gid pratik pou jwisans

Jedi 14 jen 2023 ((rezonodwes.com))–

Peyi Ayiti chaje richès. Sòti nan sa ki anba tè yo rive nan sa ki sou tè yo, se nan sous fyète n ap viv. Richès sa yo layite kò yo nan tout domèn epi nan tout kwen ak ti kwen nan peyi a. Yo sòti depi nan pozisyónman jewografik nou, pase pran min yo pou rive nan divèsite epi richès ki genyen nan kilti nou. Nou ka wè sa lè n konsidere kwizin nou, lang nou, vodou a, penti nou, tradisyon nou, fèt nou yo, mizik nou, elt. Si nou rete nan sektè mizik la, nou ka di depi avan peyi a te rive pran endepandans ofisyèl li jou ki te 1e janvye 1804 la, nou te gentan ap fè gwo pale nan domèn mizikal la. Depi avan Espanyòl yo ki te gen nan tèt yo Christophe Colomb, « Taïnos » yo t ap eksplwate talan yo sou zile a nan regwoupman gewografik ki te la ki se KASIKA yo. Kilti yo te rich anpil, san n pa dòmi sou mòd lavi senp epi entèlijan yo t ap mennen an. Yo te gen pratik selebrasyon yo ki te rele « AREYTOS » kote te gen anpil chante ak itilizasyon tanbou san kanpe.[1]

Lè kolon yo debake yo te jwenn moun yo te gen yon kilti ki tèlman wo nivo epi ki te marye ak mounite paske yo te itilize epi makònen mizik ak pwezi pou yo mennen yon vi pezib kote mak fabrik la te solidarite. Men sitiyasyon an t ap al chanje lè kolon yo kòmanse maltrete yo pou pran sa yo posede, sitou lò yo. Yo te komanse mouri anpil nan reziste. Se rezon ki fè GWOUP EKSPLWATATÈ ak EKSPLWATATÈZ EWOPEYEN yo te vini avèk yon seri Afriken ki sòti nan diferan « tribu » pou kontinye bourike pou yo. Lè yo rive nan koloni an, malgre yo te gaye yo, yo te rive òganize yon fason pou te kontinye viv, sitou nan fason y ap anbyanse yo. Nan tout kote yo t ap travay yo, yo te kontinye melanje TRIBILASYON AK KÈ KONTAN (TRIAKK)[2].  Yo te melanje tout rit posib pou simaye lajwa nan mitan soufrans yo t ap sibi nan espas yo. Paregzanp, yo pa t kite kongo ak petro yo ki sòti an Afrik yon pa. Se rezon w ap wè seremoni Bwa Kayiman te fèt nan yon anbyans san parèy, sitou avèk gwo kout tanbou ki soti nan kapasite kategori ki te rele Bosal yo.[3]

Aktivite mizikal yo pa t kanpe menm aprè endependans peyi a. Nan mitan yon mozayik kiltirèl ak kontak lòt peyi, anpil lòt rit ak estil mizikal te rive kreye nan peyi a. Nou sòti nan mereng pase pran fòlklò (endijenis) pou rive nan kreyasyon konpa dirèk avec Neymours Jean-Baptiste nan lane 1960.[4] Depi lè sa, diferan gwoup vin ap pwodui apati konpa dirèk la. Yo rive evolye nan tout nivo depi soti nan lokal pou rive entènasyonal. Yo travay di anpil pou kontinye fè fyete n epi kontinye pouse kilti ayisyen an nan nivo ki wo. Kidonk, Konpa a pa sispann evolye malgre tout nyans avèk ajou ki pote ladan.  Se apati tout evolisyon sa yo, nou jwenn 2 atis AYISYEN ki rele Dener CEIDE epi Reginald CANGÉ ki rive mete kanpe yon gwoup mizikal. Gwoup sa rele ZAFÈM, li fonde nan dat 28 mars 2019, nan kontèks kriz kwonik ki t ap epi ki kontinye ravaje peyi a. Malgre sitiyasyon sa, yo rive mete yon albòm deyò ki rele Lalin Ak Solèy (L.A.S.) jou ki te 5 Me 2023 a. Sou li genyen 16 mizik ki byen travay ki pote anpil imaj ak nannan pou refleksyon.

Nan kad travay sa, nou pral pale sou mizik ki rele DLO DOUS la. N ap fè yon konsiderasyon sou tit la. Epi n ap pale sou kèk pwen ki dwe konsidere nan mizik la.

  • Dlo dous

Menmjan ak plizyè tit sou albòm nan, Dlo dous se yonn nan tit ki polisemik. Sa vle di se yon tit ou ka gade nan plizyè linèt selon kote ou kanpe. Nan kad travay sa n ap gade dlo dous nan 2 sans ki bobo ak nivo konpreyansyon n epi sa n viv.

  1. Dlo dous fè referans ak sa nou rele dlo sikre a ki se yon konbinezon 2 eleman ki se DLO ak SIK. Dlo dous se yon melanj ki travèse kilti ayisyen an sòti nan milye peyizan an rive nan vil yo. Sòti nan moun k ap plante tè a rive nan etidyan yo. Lè n gade dlo pou kont li li reprezante, nan nivo mwayen, 65% nan òganis moun, sitou yon granmoun.[5] Li pèmèt kò n fonksyone nan nivo nòmal li. Sik la tou ede nan bon fonksyonman kò a paske li ede nan ba l enèji li bezwen an.[6] Nan menm nivo sa, Dlo dous la reprezante yon enèji ki itil nan ede kenbe lavi sou tè a paske li preske gen menm pwisans ak yon bwason enèjetik.

Dlo dous la ankò pou moun k ap viv se yon eleman ki ede anpil paske li reprezante yon bwason rapid epi fasil ki batay ak grangou pou anpeche moun endispoze. Se yon eleman anpil moun k ap travay nan jaden, moun ki nan mache, moun ki lekòl, elt. itilize anpil pou touye vè nan vant yo lè yo nan gwo difikilte ki gen pou wè ak batay pou pa trepase lè yo pa gen tan epi pa gen anpil lajan. Nou p ap ka bliye dlo dous epi pen ak manba. Se yon gwo soulajmam. Yon sekou ijans. Men, li toujou enpòtan pou kontwole dòz dlo sikre a pou ka byen bay metabolis la bourad li merite a.

Nan sans sa, tit mizik la alète n sou relasyon ki egziste nan mitan konbinezon ak konplesite pou pi piti 2 PÈSONAJ nan yon pwosesis jwisans ak pwogrè sout tout fòm kote kè LAVI dwe kontan. Men jan n sot wè l la se yon konplisite ki dwe kontwole pou l pa fè twòp dega.

  • Yon lòt kote, Dlo dous la senbolize yon dlo ki poze. Pafwa ki pa menm ak kouri. Men malgre ou wè l konsa ki chaje danje ak sa ou pa ta menm panse anba l. Sa vle di se yon dlo ki mande abòde l ak pridans epitou ki mande pou ou byen afwonte l nan sousi pou byen metrize l. Nan pwosesis jwisans la, tit la tou abòde pou piti 2 PÈSONAJ kote yonn kwaze lòt, men se nan moman aksyon san kè sote, san zizi yonn ap dekouvri ki valè pa yo gen anba pye yo.

Parapò ak tout sa n sot pale sou tit la, pou n rete nan liy atistik epi refleksyon ZAFÈM nan, n ap envite ou konsidere aspè sa yo nan yon pwosesis jwisans. Sitou nan lide pou byen jwi mizik la. Men diferan aspè yo :

  • Varyason nan moman jwisans la

Egzanp : Tout tan l pa ka yon sèl pozisyon

               Chak jou se pa menm sansasyon

  • Kouri dèyè timide 

Ex : Menmsi vwazen an ta rele polis, nou p ap okipe l menmsi l frape kraze pòt kay la

        Fè dezòd tankou vyole lalwa

        Lage kò ou moman sa a seremonyèl

  • Itilizasyon yon ti alkòl

Ex : Sanble ou sou ou genlè bwè yon vè zo devan,

        pou vin mete m devan,

        se pa moun sa m te konnnen avan.

  • Kominikasyon nan pwosesis la

Ex : Kò n ak kè n resi fè yon sèl

  • Libète pandan aktivite a

Ex : Doudou an n kontinye met plis EPIS

        Pa woule lang ou si ou anvi di m kèk betiz

        Cheri fè bri

        moman sa seremonyèl

Pou asire mizikalite nan di KÈK BETIZ la, Dener kite se koral la ki di l. Se yon chwa trè entèlijan, ki mande soulinye paske se yon travay wòdpòt.

  • Nesesite pou yonn dekouvri menm sa ki pi sekrè nan lòt

Ex : Sa w gen nan lonbrik la
        Ou gon w ti siy bò kwis la
        Kite m dekouvri krèch la
        Pou m tranpe mèch la

        Sa w gen nan rèl do la
        Gon w ti mak dèyè tèt la
        Ou ka vire bò vire kò w vire dada w
       Pou m ka monte montay la
       Kite m gade vale a

  • Referans ak tout sa ki mitik

Ex : Miwata miwata

       Mikanou Miwata

       Bambata

       Miwata Miwata a senbolize yon deyès dlo afriken.

  • Itilizasyon anpil mesaj ki chaje ak imaj (se tankou yon videyo nan lespri)

Ex : Rantre nan jaden ou mare bet la

       Monte sou montay la, ban m gade vale a

       Gon myèl k ap koule, bagay bèl nan men nou

  • Metrize Tan

A l’instant

 Li enpòtan pou pwofite epi make tan ki nan men ou la pandan w ap jwi a paske ou pa konn demen, ou ka pa jwenn okazyon sa ankò. Se yon SEREMONI ki dwe byen pase.

Boutofen, parapò ak tout sa nou sot deplotonnen yo, nou wè atis yo mete tèt ansanm pou yo itilize yon seri mo, ekspresyon ak imaj ki ayisyen pou yo ede nou konprann jan lanmou ak jwisans nan mitan aktivite moun se tankou poto piyon yon kay. Se yon eleman ki enpòtan anpil pou lavi. Li bay lavi. Li grandi lavi. Konsa li ka patisipe nan detui lavi si ou pa konnen jan pou ou manyen l. Si ou pa konsidere l tankou yon DLO DOUS nan mitan pou piti 2 PESONAJ ka gen gwo dega. Bilan an ka lou. Nan sans sa nou ka di DLO DOUS SE YON GID PRATIK POU JWISANS. Anplis, avèk kalite pwodiksyon sa a, nou ka di ZAFÈM anonse yon gwo boulvèsman nan domèn mizikal nan peyi a kote kalite pwodiksyon ak tèks yo rete gwo mak fabrik travay yo. Se yon tandans majorite moun mete chapo ba devan l. Nou espere l ap pote yon nouvo souf nan kalite mizik n ap genyen nan pwochen ane yo.

RANDEVOU 8 JIYÈ 2023 POU PREMYE KONSÈ POU ALBÒM NAN.

Kensly-Carl Olibrice

kenslycarlolibrice@gmail.com

11 jen 2023


[1] Wikipedia, konsilte jou ki te 8 jen 2023

[2] Regleman Afè Popilè, albòm TRIAKK, 17 oktòb 2020, konsilte 07 jen 2023

[3] Casimir JEAN, le rôle des bossales dans l’émergence d’une culture de marronnage en Haïti, www.persee.fr ET Emmanuelle, Honorin. La musique haïtienne, grande histoire et petits dieux, www.cairn.info, konsilte 07 jen 2023

[4] Joinville, Nazaire. Quelle musique écoutait-on en Haïti avant le compas, konsilte 07 jen 2023

[5] Usages : Eau dans l’organisme. Www.cnrs.fr, konsilte 10 jen 2023

[6] Juan Carlos Laguna Egea et Marta Alegret Jorda. Nutrition : pourquoi le sucre des fruits est bon pour la santé et le sucre transformé ne l’est pas, www.bbc.com, konsilte 10 jen 2023

2 Comments

  • Frandy 21 juin 2023

    Mwen vreman feliste ekip zafem nan,pa pou selman LAS men se ou tt angajman ekip la pran pou founi ak anrichi konesans sa ki gen zoerey aj je ak konpreyansyon nou, mwen pran tan poum li atik sa ki ekri sou dlo dous lan, sa fem konprann anpil analis tap fe efo pa yo vreman pou dekotike mizik lan men anreyalite yo te tre lwen de sa reyalite an mpap di plis ??????

    • Kensly-Carl Olibrice 25 juin 2023

      Mèsi anpil.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.