Le journaliste Norluck Dorange raconte sagasX l’histoire de la pègre Tèt Kale, les voleurs et les criminels au pouvoir

0
2229

Se te an 1999. Yon enfòmatè m fin ban m kont randi sa ki t ap pase nan Hôtel Le Chandelier nan Delmas 33. Hotel sa a ak Ibo Lele te pou jeneral Claude Raymond. Mwen deside an pèsonn al gade ak zye m.

Hôtel sa a te tounen yon kafe/bouzen kote yon rezo dirije pa Rudolph Jaar tap kowòdone. Patikilarite kafe sa a alepòk, Bouzen yo pa gen dwa pase plis ke 3 semenn anndan an. Li dwe anba 25 lane. Dapre sa Rodolphe Jaar te menm rive di m, se nan riz pafwa yo pran jenn fanm yo an Repiblik Dominikèn pou fè yo vin “travay” an Ayiti.

Men sa enfòmatè m nan te mennen m al verifye a. Otel la te baz plizyè aktivite kriminel. Alepòk, se Guy Philippe ki te komisè PNH ki ap dirije Delma. Anndan Otel la, te gen yon chanm jouk pa dèyè ki te abrite yon tribinal espesyal. Se la yo te konn jije e egzekite moun ki bay katel dwòg yo move kou, tankou fè wout krochi ak “machandiz”, ouswa tou, yo pa peye lajan yo ba yo vann dwòg. 6 dominken gwo ponyèt ki te bouwo nan tribinal sa a.  Nèg ki bay move kou a, yon kòmando pwòch ak Guy Philippe nan machin polis Delma kwaze avè w, yo arete w mennen w direkteman nan tribinal la. Bouwo yo la pou bat, kase ponyèt, kase pye. Âpre yo fout li kèk grenn bal. Apre Yo al lagè kadav la nan lari.

Guy Phillipe te gen yon frè l ki te toujou nan Otel la. Lè Guy Phillipe fin bay presyon a kèk nèg nan Delma li konnen ki ap mennen doub aktivite (biznis nòmal ak dwòg) pou yo ba l lajan (an US silvouplè), se nan Otel la yo konn al pote lajan an bay frè Guy Phillipe la. Gen moun Guy Phillipe konn fè kidnape tou, se nan kòf yon machin taxi ki toujou pake bò Otel la, ranson an te konn depoze. Apre pou frè Guy Phillipe la al rekipere.

Lè w di Otel Le Chandelier, ou di Otel Ibo Lele, ou di Guy Phillipe, ou mèt mete rès ti mesye ki te al pran fòmasyon militè an Ekwatè yo ki te entegre PNH la lè yo tounen paske FADH te kraze pandan yo te deyò a.

Lè w di Otel Ibo Lele, se te sanse katye jeneral Ekwatoryen yo, se te baz Michel Martelly alias Sweet Micky. Youn nan manm katel Ibo Lele a Komisè Dorfeuille te nan prizon sou Preval (dezyèm vèsyon) paske DCPJ te gen bon jan endis sou patisipasyon misye nan disparisyon yon ajan/enfòmatè DEA e ki ta parèt sispèk nan kidnaping plis asasina yon menaj misye ki te ansyen fanm enfòmatè DEA a. Premye favè espesyal Martelly mande Preval anvan l prete sèman kòm prezidan, se te fè libere Dorfeuille. Martelly te fè gwo jefò pou entegre Dorfeuille nan kò sekirite pèsonel li. Men denonsyasyo RNDDH yo te bay misye kèk chalè. M’en premye kanaval Martelly kòm prezidan nan ane prochen, se Dorfeuille li te bay responsab koodinasyon Sekirite a. Se pa pa aza Martelly te mete Claude Raymond Jr nan tèt imigrasyon apre Moise Jean Charles te koumanse fè bri ak koze Martelly se Sitwayen ameriken. Pou elimine tout tras, Depatman achiv nan Imigrasyon sou Lalie boule rapye tè.

Mwen te toujou di tout zanmi m ki te jwenn òf travay ak Tèt Kale, PHTKK se yon sak chabon, li ap sal ou kan menm. Yo rele tèt yo Bandi Legal paske se yon bann kriminel ki enplike nan anpil krim anndan peyi a. An 1996, Martelly te enplike nan gang vòlò machin UN (16 pickup blan doub kabin) ak Edo Zeny. Martelly te konn pase dwòg nan enstriman lè l pral jwe Miami. Mande Antoine Atouriste ki tap mennen filati sou Martelly lè l te nan tèt CICC (ki te la anvan BLTS). Laurent Lamothe se trafikan zam. Papa l Louis G Lamothe, ki fòme yon bann moun nan peyi a nan aprantisaj Lang Espanyol (Institut Lope de Vega) mouri apre yon stroke. Apre l te sote sou yon depo zam ilegal anndan kay li, Laurent Lamothe te sere.

Se akoz “Blan” yo te foure pil kriminel sa yo nan tèt Leta a, ki ba w rezilta, Leta kriminalize nan tout kò l. Sosyete a kriminalize tou. Kriminel nan biwo Leta ak rezo kriminel nan tout peyi a vin bay kòm rezilta yon kò sosyal gangrennen. Se pou sa m di depi yè, si nou pa chita pou n fè “états des lieux” pou jan pouriti a enstale nan tout profondè sa a, kriminalizasyon jeneralize Tèt Kale enstale nan peyi a ap vale kelkeswa moun ki ap fè ti wout an solo pou al pran chèz “Gouvènè” koloni ki rele Ayiti a. Toutotan Martelly pa jije e pini pou krim li komèt nan tèt Leta yo, se lave men siye atè. Se ansanm sosyete a ki ta dwe reklame jijman sa a. Men li pap janm fèt, moun nou pa ta panse, pami yo anpilllll moun ki nan MERDIA, Martelly te fè yo goute pa yo nan lajan Petro Karibe a.

Source

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.