Bandi nan plas sòlda, pwodwi enpòte ranplase pwodiksyon lokal : rezila pa lòt ke yon Ayiti restavèk e soudevlope!

0
2177

AYITI PAT JANM EKZISTE SAN LAME NI PEYIZAN (Pwodiksyon Lokal)

Bandi nan plas Sòlda; Pwodwi Enpòte ranplase Pwodiksyon Lokal, Rezila pa lòt ke yon Ayiti Restavèk e Soudevlope! 

Tout Kay oubyen batiman gen yon fondasyon ak yon baz. Tout kreyasyon oubyen envansyon gen yon sous enspirasyon ak yon achitèk. Pa gen okenn eleman kosmik: fizik kou espirityèl ki parèt san yon lwa oubyen yon prensip ki pa pwoteje ekzistans li, ki pèmèt li dire nan yon tan, e kapap transfòme nan yon lòt tan san li pa janm disparèt! Pa ka gen yon nouvèl Ayiti san Lame ak Peyizaneri.

Se de menm pou Peyi dAyiti ki dwe transfòme baz fondasyon li yo pou nou pa disparèt. Ekzistans nou kòm Eta-Nasyon vini de 2 eleman pilye nan kreyasyon oubyen fondasyon peyi sa. Nou se yon ansyen koloni kote Espanyòl tap feraye sou tout zile a. Sendomeng te toujou anba gwo presyon lòt Nasyon enperyalis tankou Lafrans ak Langletè. Sa vle di prezans lame ak solda Nasyon sa yo se te baz kolonizasyon ak esklavaj nan tout tè an. Kisa ki te lòt baz oubyen resous prensipal ki fè tout pèp sa yo vin ap goumen pou yon sèl zile? Li pa lòt ke se richès tè an, matyè premyè e sitou pwodiksyon agrikòl. 

Sa vle di depi lontan Anpi kolonyalis ak esklavajis yo te konnen valè bout tè sa depann de richès li ka pwodwi nan espas riral yo, nan zòn pwodisyon agrikòl yo ke esklav yo te konn kiltive anba pwoteksyon fòs Lame pa yo. Reyalite sa fè Tousen louvèti tounen yon jeni ki ak taktik diplomatik ak militè, lè li rive pran tout koloni an pou Lafrans. Tousen te yon save san parèy lè li ka rive fè sendomeng gen yon Lame endijèn ki makonnen ak matris peyizan yo ki te ansyen esklav nan plantasyon yo. 

Kidonk, bout tè sa se te toujou yon tèyat afwontman militè pou richès Latè. Sa vle di menm aprè endependans ke Lame endijèn kòm premye enstitisyon ki òganize vi politik, administre espas jewografik epi pwoteje pwodiksyon richès late, Lame se premye pilye fondasyon Repiblik la. Lame te premwe rezèvwa konesans, transmisyon savwa ke Lewòp te ofri. Kidonk, Lame te ranpli tout fonksyon baz entèĺijans peyi an. 

Lame endijèn bay Ayiti libète ak Tousen e li ba nou endepandans ak Desalin. Sa vle di, Libète nou kòm pèp pat janm yon kado, yon favè devan gwo bout enterè ekonomik ke Sendomeng te reprezante. Menm nan peryòd avan okipasyon Ameriken 1915 lan, malgre tout dezòd lame fè, sistèm òganizasyon etatik pou bay lavi ekonomik te repoze sou lame. Prezidan Boyer te konnen ak Lame epi Peyizan yo li te ka kòmanse peye dèt endepandans lan. Se vre te gen abi ak represyon sou peyizan. Men peyi an  pat gen lòt enstisyon pou reponn devan menas pou remete nou anba esklavaj Lafrans.  

Nan listwa nou, Maryaj Lame-Peyizan ofri yon fòs ke menm lanati pa ka konbat. Defans nasyonal ak sekirite ekonomik vin etabli kòm baz pilye, fondasyon premye Repiblik nwa sou latè. Nan listwa deblozay lame fè kòm krazèt pouvwa politik, abize dwa moun ak opresyon militè anba rejim diktatè, pèp Ayisyen an viktim vre. Men nou pa pèp ki pi viktim. Malgre pèp tankou Chilyen, Brezilyen, Ajenten, nan tout Amerik Latin lan sibi anba menm tray yo, youn pa kraze lame lakay yo. Paske yo konnen se pa enstitisyon kreyatè ekzistans yo an ki pwoblèm lan. Men se pito vye politisyen ak mantalite anachis ki travèse tout peyòd 19è syèk la ki tap fè dega. 

Dirijan Peyi Amerik Latin yo konnen tou pa ka gen sekirite nansyonal san ddefan nasyonal ak sekirite ekonomik. Yo konnen tou sekirite ekonomik yo sòti nan richès pwodiksyon latè. Zòn riral, minye, touristik, anba lamè w dwe pwoteje. Lapolis pa ka ranpli misyon defans nasyonal teritwa ni pwoteje resous ak richès natirèl. Lapolis ka pwoteje vi ak byen sitwayen anndan bout tè an. Men lè menas la sòti deyò pou vin piye, vòlò, vyole espas kote nap viv la kòm pèp ki gen anpil richès nan tè li, se Lame ki pou defann li epi pwoteje l. 

Peyizan oubyen Pezaneri se yon lòt enstitisyon ki se dezyèm pilye Ekzistans nou. Nan chèn pwodiksyon nasyonal ou lokal gen yon bann lòt sektè tankou atizanal, touris, pwodiksyon rad, minye, etc… Men pi gwo pwodiksyon ki se baz sekirite ekonomik ayiti se pwodiksyon manje. E Peyizan te toujou jwe wòl sa pou garanti pèp la gen lapè nan vant. Yon pèp ki jodia enpòte 80% sa lap konsome, se yon pèp sante li pa nan men l.

Kondisyon ekzistans depann de Lamanjay  ki se premye eleman endispansab pou yon moun rete vivan. Lavi pèp Ayisyen pa nan men l paske nap manje sa yo vle nou manje. 
Sa pou nou konprann koulya pwoblèm sekirite alimantè an se yon gwo plan estratejik ke Leta Pòtoprens ak etranje kreye pou pèp sa viv nan RESTAVÈK, POVRETE ak MANDISITE. yo konnen yon pèp ki depann de lòt nasyon pou li manje, biye ak chose, se yon pèp endijan, enkapab ki sispann ekziste. Poukisa, malgre tout pitit peyizan ki pase kòm dirijan nan peyi an se atò espas riral yo abandone, vid, san enfrastrikti ni enstitisyon Leta? Poukisa depi aprè 86 Etranje nan ONG ap fe pwojè nan espas riral yo men pa janm gen devlopman ekonomik vre? 

An rezime Listwa montre Ayiti pat janm ekziste san Lame ak mas peyizan yo. Yo ba nou libète, endepandans, peye dèt, kwape lokipasyon meriken, yo fè anpil enfrastriti rive nan mòn yo gras ak sistèm kòve epi konbit. Politisyen Pòtoprens kenbe yon sistèm bidjè ak yon Leta santralize ki fè pi fò Ayisyen ap viv nan ravin oubyen nan bidonvil. Jodia gang pran Repiblik Pòtoprens ak tout Leta madichon yo kreye an paske yo pat janm gen vizyon pou te remanbre, modenize epi restriktire anba bon jan lwa sevè lidèchip lame an. Devlopman ekonomik pa ka fèt nan dezòd ni nan briganday. 

Jodia, Pandan tout peyi ap panse pou rebat kat jewopolitik yo pou reòganize plan estratejik yo, nou ta dwe pwofite kòmanse panse ak amenajman teritwa pou pwodiksyon agrikòl fèt nan espas pwoteje ki fèt pou sa menm. Menmjan sa fèt tout peyi, gen zòn riral se espas pwoteje Leta mete apa pou pwodiksyon, konsèvasyon ak rezèv estratejik nasyonal. Yon plan sekirite nasyonal modèn dwe ba nou yon sistèm defans nasyonal ke Lame an ap garanti epi yon sistèm sekirite ekonomik ke Peyizan te pare deja pou ofri nou. Li lè li tan pou nou retounen nan modèl  maryaj LAME-PEYIZAN pou lòt Ayiti ke nou vle an. 

Gumais Jean-Jacques
Espesyalis Sekirite ak jesyon Aviyasyon Sivil 
Antreprenè Agrikòl, PDG Kaiser Kafe

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.