Sou koze dat fondasyon pawas Sen Jozèf, tout moun gen tandans rale dat ki fè yo plezi. Genyen ki chwazi rale 1821, gen sa ki di 1866 e menm gen lòt ki pito di se an 1923. Yo tout ka gen rezon paske tout dat sa yo gen plas yo nan listwa pawas la lè nou fouye nan liv ki ekri sou sa. Ann gade kisa ki koz pwoblèm nan tèt moun yo.
Alèkle, nou te ka di pa gen yon dat ki egzat lè n’ap pale nan ki lane pawas Sen Jozèf Pestèl fonde. Nan rechèch nou fè nou jwenn de (2) dat ki mete konfizyon nan tèt anpil moun. Premye dat la se ane 1821. Lè nou voye je nan Le télégraphe (Gazette officielle 2 décembre 1821, nou li ke Pestèl Pawas nan lane 1821 lè prezidan epòk la Jan Pyè Bwaye te sòti yon arete ki t ap pral défini yon nouvèl divizyon tèritwa. Dapre otè Linstant A., Linstant Pradeline, Emmanuel Édouard ki sòti “recueil des lois et des actes du gouvernement d’Haïti 1809-1821” Se lwa 6-17 oktob 1821 ki mete Pestèl pawas. Nan liv Du gouvernement civil en Haïti (1905) doktè Lwi Jozèf Janvye a, nou li atik 6 lwa 17 oktòb 1821 la, Pawas la se yon vil ki te gen yon legliz. Menm nan liv sa, nou li ke mo pawas sou ang administratif, gen yon sans Sivil, relijyèz ak militè. Mo pawas la egziste anndan konstitisyon 1806 la nan atik 32 a. Se an pawas yo te divize tout teritwa a. Sa vle di mo Komin lan pat poko itilize.
Swivan konpreyansyon nou, Pestèl pawas depi lane 1821; se prezidan Jan Pyè Beaye ki t ap pral fè vin pawas. Se paske te gentan pawas ki fè nan tòm istwa Toma Madiou (1827-1843) a, Madiou ekri fraz sa «En récompense du patriotisme des habitants de Pestel et des services qu’ils ont rendus à la cause populaire , leur paroisse est élevé au rang de commune ».
Si nan tout dokimantasyon sa nou sot site anwo, se an 1821 nou jwenn Pestèl pawas men lè nou li liv pè Micial M. Nérestant an «L’Église d’Haïti à l’aube du troisième millénaire : essai de théologie pratique et de sociologie religieuse» la, nou jwenn se 1876 ki dat fondasyon. Dat sa gen tout sans li paske se nan lane sa premye kay legliz la te fèt. Anplis, fòk nou pa bliye se 1860 Leta ayisyen te siyen yon konkòda ak Wòm sou zafè legliz. Se apresa anpil kote pral vin reyèlman pawas paske se lè sa yo pral gen legliz.
De tout fason, se pa yon konfizyon se pito yon move konpreyansyon. 1821, Pestèl pawas men li plis gen nan sans kote se yon divizyon administratif e militè; tandiske 1876 se vrè dat kote pawas nan vrè sans apostolik la. Sètadi se lè Lepap deklare zòn lan pawas.
1923 menm, anpil moun ap pale a se dat kote Pestèl resevwa premye Pè ki vin viv nan presbitè a. Non pè sa a se yon blan franse ki te rele Guilemot. Anvan li, se te pè ki te konn sòti Ansavo, Jeremi ak Okay ki te konn vin fè mès.
N ap fè nou konnen presbitè a te konstwi an 1892; se Leta ayisyen ki te bay 500 pyas pou te konstwi li selon sa istoryen Semexant Rouzier ekri nan liv li a « Dictionnaire géographique et administratif universel d’Haïti illustré ou guide général en Haïti. Vol. I, II, III et IV Imprimerie Breveté Charles Blot, Toronto, 1892.»
Pou nou fini, n ap di Pestèl te youn nan premye pawas gransid la. Nan depatman Grandans lan, li vini apre Jeremi (1725), Abriko (1787), Dam Mari (1776), Koray (1809), Ansdèno (1872).
James Saint Germain