Videyo : OPE ak KPAS denonse komisè Richemond ak Direktè Polis Sid la k ap menase militan dwa moun nan Okay

0
666

Obsèvatwa Pou Egalite (OPE)   Tel. +50936644809
# 20, Ri, Tousen Louveti, Gwo Gabyon, Okay/Ayiti

Okay, 2 fevriye 2023

Konferans Pou Laprès

Tèm: Non a represyon viv libète lapawòl.

Obsèvatwa Pou Egalite (O P E) ak Konbit Aksyon Popilè Sid (KPAS) Kondane tout fòm menas ak entimidasyon otorite nan sid yo, tankou komisè gouvènman Okay Ronald RICHEMOND ak kèk endividi  ki  anti  dwa  moun  ap  fè  sou  defansè  dwa  moun  yo  pi  presizeman  sou  defansè  Jean Claudy Aristil direktè ekzekitif O P E, sou rezo sosyal yo ak nan lari nan mwa pase yo.

Anpil nan entimidasyon  sa  yo  rive  akoz  kèk  defansè  dwa  moun  leve  vwa  yo  pou  mande  arestasyon  ak jijman  tout  moun,  tout  Otorite  klamè  piblik  lonje  dwèt  sou  yo  kòm  sispèk  nan  anlèvman  ak asasinay direktè dopinyon THESSE Gary kote sa gen anviwon 3 mwa depi krim sa fèt la. Komisè gouvènman Okay la Ronald RICHEMOND ak Direktè  Polis Nasyonal Sid la   Daniel COMPÈRE se prensipal Otorite popilasyon Sid la site nan zak asasinay sal sa.

Konsa n ap denonse Otorite yo k ap eseye kreye de fo kont sou rezo sosyal, arete, fѐmen nan prizon depi plis pase you mwa jounalis Hypolite Guerland k ap akonpaye paran THESSE nan kad pou jwenn jistis. Dirijan yo fѐ sa avèk entansyon pou lage fado asasinay la sou defansè dwa moun k ap mande pou limyè fèt sou krim tèt chaje sa. Otorite yo ap kreye divèsyon pou twouble vijilans pèp Sid la sou vrѐ asasen yo.

Lòt pwen n ap soulve, se konsènan asasinay 6 polisye ki fèt semenn pase a nan Latibonit. Nou kondane zak sa, answit nou mande pou otorite yo arete ak jije tout otè, tout konplis zak sa yo.

Sou menm baz sa, mouvman kѐk polisye ap eseye fè pou anpeche mòd krim sa yo kontinye fèt nan sosyete a, li enpòtan pou popilasyon an pwofite sa, nan sousi pou li kontinye mennen batay kont ensekirite, eksplwatasyon, Okipasyon, lavi chè  l ap mennen depi byen lontan an.

Aprè tout analiz sitiyasyon yo, nou mande pou Otorite yo, tout endividi mal entansyone yo pou sispann  tout  fòm  vyolans  y  ap  fè  sou  defansè  dwa  moun  yo  nan  depatman  Sid/Ayiti,  jan konstitisyon 1987 Ayiti a ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun egzije sa. Nou mande pou sosyete a kanpe  ak  defansè  dwa  moun  yo  k  ap  batay  kont  enpinite,  pou  respè  dwa  moun,  pou  yo  ka kontinye fè travay sa ale pi lwen. Wѐ pa wѐ fòk kriminѐl ki asasinen THESSE Gary yo jije.

Frape anwo pou n rive nan Byennèt ak libète. Aba kidnapin, aba enpinite, viv lajistis san fòs kote.

Jean Claudy Aristil pou O P E
Jamesnor Feuillé pou KAPAS

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.