Ayisyen ann Ajantin pral rele chalbare dèyè Ariel Henry
Bonjou, bonswa tout konpatriyòt asyisyen ayisyèn, li konfime nan jou ki ap lendi 23 janvye
sa premye minis defacto, asasen, diktatè, vòlè, gang, tchoul Core Groupe ki rele Ariel Henry a ap vin Buenos Aires Nan reyinyon CELAC ki ap fèt nan jou madi 24 janvye a nan Hotel Sheraton. Epi mèkredi 25 janvye a li ap reyini ak prezidan Alberto Fernández.
Nou tout konnen sa Ariel ak tout akolit li yo ap Fè pèp ayisyen an pase, nou konnen kijan men yo tranpe nan krim ak nan kidnaping, nou wè lè jan yo rann peyi an envivab, nan ka sa nou pa ka aksepte prezans moun sa yo pa bò isit. Ariel se tchoul peyi enperyalis lan yo ki ini tèt yo nan CORE GROUPE pou fè nou soufri. Plan yo se kontinye mete plis tchoul enperyalis ameriken sou pouvwa pou ka kontinye ak sistèm neokoloni yo mete andan peyi an depi 1915 lan pou yo kontinye vòlè tout resous pèp lan e kontinye fè ayisyen travay pou degouden pou yo ka rich sou do nou.
Ariel pral vin pale pou mande sou do nou epi pèp la pa jwenn anyen, li ap toujou nan menm grangou an menm mizè an menm soufrans trip kòde an. Li pral vin montre li ap fè yon
bagay andan peyi Ayiti li pral vin montre li se chèf, kibò sa nèg sa yo pa chèf tèt yo, anplis yo pa ni legal, ni lejitim nou pa ka bliye se yon tweet CORE Groupe ki mete yo la. Nou tout konnen li p ap regle anyen se kondi li ap kondi peyi an nan yon labim pi mal, paske se sa ki bon pou li ak peyi enperyalis ki kanpe dèyè li yo.
Se sa yo nou konnen ki fè anpil nan nou nan divès vil nan peyi Ajantin resevwa apèl lòt konpatriyòt pou òganize nou pou nou al di n pa dakò ak prezans Ariel nan peyi an.
Nan objektif sa nou menm ki syen nòt sa ap envite tout ayisyen ki kapab nan yon konferans pou laprès ki ap bay nan lokal CTA-Autonoma jou lendi 23 janvye an, adrès lan se Bartolomé Mitre 744, CABA, lè a 9:30 nan maten, pou nou ini tout fòs yo e koòdone pou mach ki pral fèt madi 24 janvye a. Pou nou di non a prezans Ariel an Ajantin, pou nou di li se vòlè, diktatè, nou envite tout moun nèt nan yon mach CELAC SOCIAL ap òganize jou ki
ap madi 24 janvye an, mach la ap soti Cerrito y Av. Santa Fe, CABA, a midi 12 hs. pou rive devan Sheraton lan.
Bouch an bouch yon di lòt, nou pa ka kite sa pase konsa fòk Ariel konnen gen Ayisyen konsekan tout kote, ki wè mal sa yo ap fè peyi an, ki pa dakò ak li.
Nou pral bat chalbare dèye vòlè yo
Nou pral rele Anmwey
Nou pral rele Aba Ariel nou bouke
Aba diktati
Viv fos ak kouraj pèp ayisyen an ki pa janm lage batay lan
Viv lit pèp ayisyen an pou li jwenn dwa granmoun li
Siyatè
Henry Boisrolin Rezidan Ayisyen Cordoba Ajantin Alex Destin Rezidan ayisyen Rosario Ajantin Eddyson Damas Rezidan ayisyen Cordoba Ajantin Nikson Pierre Louis Rezidan Ayisyen Parana Ajantin