Lakay | Morelim | Tanbou Pale :  »Jou lagrandyab sipòte yon pwojè, se kontrè a ki ap bon pou nou »

0
646

Soti nan direktwa : LAKAY/ MORELIM/ Tanbou Pale
Nòt pou fikse pozisyon nou nan konjonkti a.

Lendi 9 janvye 2023 ((rezonodwes.com))–

Nou wete chapo nou byen ba pou salye kouraj popilasyon ayisyen an ki ap goumen anba tout kalamite pou eseye rete an vi. Ane 2022 a se te yon ane terib pou majorite ayisyen nan peyi a. Menm jan sa te toujou ye depi anviwon 11 lane anba rejim kowonpi ak kriminèl phtk a. Pandan finisman ane 2022 a, kalvè ayisyen yo te kontinye pou pi rèd. Masak, vyòl, vòl ak zak kidnapping yo pa t janm sispann. San bliye sitirasyon sosyo ekonomik mas pèp la ki vin pi degrade. Nou fini ane 2022 a ak yon nivo enflasyon jiska 39%. Sa vle di nou deja fè tèt nou yon lide klè kijan majorite pèp ayisyen an pa ka moute chodyè nan dife, anpil fanmi pa rive bwè soup tradisyonèl premye janvye 2023 a akoz jan bagay yo vin konplike. 

Se domaj pou koumansman 2023 a, nou pa ka menm pèmèt tèt nou espere anyen pral amelyore ak menm ekip ki kenbe peyi a anba grif yo depi byen lontan an. Sa k fè nou pa menm ka fè tèt nou yon bon swè pou nouvo ane a. Dayè lennmi nou yo anndan kou andeyò peyi a deja anonse nou yo pa p wete jenou yo sou kou nou. Yo pa p ba nou yon ti chans pou n respire.

Nan finisman ane 2022 a, anpil moun te sezi wè kijan peyi Etazini ak Kanada te anonse sanksyon kont yon seri dirijan politik ak moun nan boujwazi a. Dirijan peyi sa yo fè konnen yo pran sanksyon kont moun sa yo paske non sèlman yo se trafikan dwòg men tou se moun sa yo k ap enpòte zam nan peyi a, distribye bay kriminèl nan katye popilè yo pou kontinye mete dlo nan je pèp ayisyen an. An jeneral, tout ayisyen mete yo dakò gouvèlman Etazini ak Kanada pa aprann yo anyen sou moun sa yo. Paske ayisyen te byen konnen moun sa yo te toujou nan move zafè. Kesyon anpil moun poze, poukisa Etazini ak Kanada deside likide eleman sa yo jodi a? Paske se moun yo ki te toujou ap rann peyi enperyalis sa yo sèvis kont enterè peyi Dayiti. 

Se nan sikonstans sa a, sektè prive a, boujwazi an Ayiti a pral pran yon pozisyon piblik nan dat 8 desanm ane pase a, kote yo avwe se yo menm ki te kenbe peyi a nan goj. Boujwazi a di tout moun ki te gen dout, yo pa bezwen doute ankò paske se yon menm ki t ap toupizi mas pèp la nan mete tchoul yo sou pouvwa, fè kontrebann epi achte zam pou touye mas pèp la nan katye popilè yo. San nou pa bliye endistri kidanpping nan ki rapote yo anpil lajan. Etandone nan premye seri sanksyon yo, Etazini te di klèman nan yon nòt jistifikatif, sanksyon sa yo se pa pou pini moun yo men se pou fòse yo chanje konpòtman. Sa vle di se yon ti tap sou do men peyi enperyalis yo t ap bay pyon sa yo ki ta sanble gen ti pwoblèm ak tchoul yo gen sou pouvwa pou kounyè a Aryèl Anri. Sa vin parèt a klè pou tout moun a travè dènye akò premye minis de fakto a jwenn ak eleman sa yo ki sanksyone pou move zafè pou ranfòse pouvwa l jis pou 2024.

Ane 2022 a fini, kalamite pèp ayisyen an sanble pako sou wout pou kaba. Kowalisyon ki sou pouvwa a ak Aryèl Anri nan tèt li sèmante yo pa p lache pouvwa a konsa konsa. Dayè, non sèlman entènasyonal la te deja ap kore yo, jodi a sektè prive mafya ki te an rebelyon kont Aryèl oblije kouri al pote kole ak li. Sanksyon Kanada ak Etazini yo koumanse pote rezilta pou yo. Si gang ak sapat yo te anonse yo fè lapè antre yo, gang ak kostim nan sektè prive a anonse menm bagay la tou. Kounyè a nou ka di, lènmi mas pèp la rezoud kontradiksyon nan mitan yo batay la ap konsantre totalman kont pèp ayisyen an. Jenosid la ap rapousib wout li. Ki altènativ ayisyen genyen fas ak sa nou ye la a?

Ariel sanble ap vanse nan egzekite byen pwòp misyon Core group la ba li a. Li rive moute yon swadizan wo konsèy tranzisyon pou konseye l epi ranfòse pouvwa totalitè l la. Misyon òganize eleksyon fo mamit, chanjman konstitisyon ki se youn nan pi gwo pwen nan ajanda entènasyonal la gen la a pou Ayiti sanble sou wout pou pran fòm ak nouvo akò sa a. Politik pou fasilite Ayisyen kontinye migre Etazini gouvèlman Biden nan sot anonse la a moutre moun ki byen konprann poukisa Etazini ankouraje politik gangstè kriminèl nan peyi a depi plis pase 11 zan. Yo fè Ayiti tounen lanfè pou pitit li, epi yo ap ankouraje jenn fanm ak jenn gason diplome al bourike lakay yo. Konsa y ap afebli rezistans pèp ayisyen an nan ranfòse asistana djaspora a. Ayisyen ki pran sa a kòm yon bon bagay yo jis pa pran tan pou reflechi ase. Etazini pa p janm fè anyen ki nan enterè Ayiti. Sa pwouve istorikman. Sèl sa ki rete nou se rezistans sou kèlkilanswa fòm nan. Sèl jan pou nou sove peyi a anba grif enperyalis core group yo se rive mete sou pye yon pol rezistans òganize nan tout peyi a. Òganizasyon pwogresis yo dwe bay tèt yo mwayen pou sa.

Pou fini, n ap di pèp ayisyen an kontinye mennen konba lejijtim li pou yon lot modèl lavi nan peyi a. Lagrandyab pa p janm pou nou. Jou nou wè lagrandyab ap sipòte yon pwojè, nou mèt konnen se kontrè a ki ap bon pou nou. Nou ankouraje pèp la òganize rezistans li jan l konnen pou l soti tèt li nan twou san fon an. Men tou nou ankouraje òganizasyon powogresis yo nan peyi a pou jwe vrè wòl avangadis yo nan enterè batay pèp la. 

Sèl pèp la ki ka sove pèp la!

Viv Ayiti! Viv batay liberasyon pèp Ayisyen an! Viv solidarite nan mitan pèp!

Pou otantifikasyon
LAKAY: Rigaud Velumat, 4072-1509
MORELIM: Nelio Petit-Homme, 3102-9498
KONBIT TANBOU PALE: Nouvolib Ayibohio Bakongo, 3752-5350

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.