Direksyon Jeneral polis Nasyonal fè pwojeksyon pou deplwaye 150 nouvo polisye ki soti nan 31e pwomosyon a, dapre sa Sèvis kominikasyon lapolis Gonayiv fè konnen nan jou ki te 28 Desanm 2022 a.
Ajan PNH sa yo pral angaje nan konbat gang k ap opere nan 6 komin Depatman Latibonit la, ki se Gonayiv, Lestè, Sen Michel, Ti Rivyè, Gwomòn ak Lyankou.
Polisye sa yo pral deplwaye nan komisarya ki sou wout nasyonal #1 an ak kèk lot pozisyon estratejik gang yo abitye opere.
Deplwaman sa gen posiblite pou fèt nan kòmansman ane 2023 a.
Li rantre nan kad prevansyon kont aksidan sou wout nasyonal #1 ak #5, patikilyèman lit kont kidnapping sou plizyè twonson nan Depatman Latibonit la.