Pòtoprens : Yon doktè akouche pandan l ap bay fanm ansent swen lannwit nan yon lopital

0
8387

Enpòtan

Mèkredi 2 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Imajine tranche pran yon jinekòg fi ki ansent pandan l nan gad lopital ap bay fanm ansent swen. Ebyen sa se istwa Jenn fi sa ki rele Noelsaint Wilmide. Nan mond nap viv la, nou souvan tann se lè yon moun pa la nou pou nou vrèman esprime fason nou te apresye li, fason nou te wè nan li yon modèl pa aksyon li, kouraj li, chwa ak desizyon li te konn pran ak fason li te bay sa ki merite enpòtans enpòtans.

Men jodi a mwen chwazi pale nou de yon jèn medsen an Ayiti, non li se Wilmide Noelsaint, li se kamarad pwomosyon m nan fakilte Medsin ak Famasi nan Inivèsite Leta Ayiti.

Tout moun nan pwomosyon an ki te konn Wilmid konnen li se yon moun sansib, emotiv e ki dirèk nan reyaksyon li yo. Apre sosyal nan lane 2020 li te rive moman pou nou fè chwa espesyalite. Wilmide Noelsaint pat gen ni 2 ni twa lide espesyalite aprè obstetrik -Jinekolojik.

Espesyalite sa fòme sa nou rele jinekològ la menm ke an reyalite nou ta dwe rele yo obstetrisyen jenekolog (paske yo pran swen fanm kap planifye fè pitit, fanm ki ansent epi tou trete ak opere tout maladi ki gen rapò ak aparèl jenital kay fanm), an Ayiti pi souvan se gason ki fè espesyalite sa.

Malgre tout zanmi Wilmide te toujou esplilke l ke espesyalite sa pa koresponn ak pwofil li, paske se yon espesyalite ki toujou gen ijans, ki toujou gen akouchman, ki toujou gen sezaryèn, nan yon lòt fason nou kapap di Matènite se yon espesyalite gason pa kanpe. Men Lanmou ak pasyon Wilmide pou espesyalite sila patap janm bay chans pou konsèy yon moun detounen l.

Nan premyè ane komansman an pat fasil pou li ditou , e li te anvi abandone paske li pa fasil lew rezidan premye ane ou lopital chak jou nan semèn nan e chak 3 jou ou pase tout 24 è a lopital.

Men li te chwazi fè tèt li konfyans pou l kontinye. jodi a wilmide Noelsaint se rezidan pral rezidan finisan nan Espesyalite sila ki dire 3 lane an Ayiti nan lopital Inivèsitè lapè, Dèlma 33.

Yonn nan rezon ki fèm panse Wilmide se yon Ewoyin epi yon fanm ki pa manke kouraj se paske non sèlman Wilmide montre tout moun li rive fè espesyalite sila ke kèl te toujou renmen, men tou Wilmide pandan dezyèm ane espesyalite sila rive pote yon timoun nan vant li pandan preske 9 mwa.

Li pa pran konje, li kontinye fè travay li, bay medam ki ansent yo swen epi opere sa ki merite opere. Devine yon bagay , nan nwit kite 17 Oktòb 2022 an Wilmid al fè gad (dòmi) lopital pou kontinye travay li malgre li konnen li pat two lwen dat akouchman pa l. ebyen jou sila doulè pran Dr Noelsaint , tansyon l monte e medsen ki te sou plas yo te dyagnostike yon pre- eklanmsi pou li . yo te fè rapid pou pran l an chaj e nan demen maten 18 oktòb Dr Noelsaint bay nesans ak yon bèl pitit gason.

Mwen souvan di nou sa respekte fanm ayisyèn yo, yo gen anpil kouraj, pa janm ba yo defi , paske non sèlman yap leve defi a , yap met degi sou li pou ou. Ebyen tout moun ki te di Wilmide ou papka fè espesyalite a jodi a dwe sezi non sèlman Wilmide fèl men li met yon piti kòm degi sou li nan menm sik etid la.

Wilmide Noelsaint mwen ekri tèks sa pou m fè konnen mwen apresye kouraj ou e ede plis fanm Ayisyen apresye tèt yo !

Dr Emmanuel Samedi
(Dr Ça Me dit)

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.