M’inspirant du texte « Ayiti Se » de Michael Benjamin, j’ai composé en mai 2017 un autre texte en Créole que j’ai titré Ayiti Nostalji. Pour saluer le départ de l’artiste Mikaben, tombé tragiquement en plein concert à Paris, je veux soumettre aux lecteurs et aux internautes la lecture de mon poème.
Ayiti Nostalji
Par Ives Isidor
Ayiti bèl ti peyi,
Ayiti peyi solèy,
Ayiti peyi mèvèy,
Ayiti peyi bèl plaj,
Ayiti peyi bèl fanm,
Fanm jansiv vyolèt
Fanm bèl danfans,
Fanm kayimit
Fanm kreyòl, fanm grimèl
Ayiti se yon mango fransik,
Yon mango doudous, yon mango miska,
Yon mango kanèl, yon mango kòdòk.
Ayiti se yon dous Makòs nan Ti Gwav
Se yon dous Man Michlo nan Ench
Se yon anana pennsik nan Tomasik
Yon manyòk ak kabrit nan Bòkbanik
Se yon rapadou tikayèt nan Tomond
Se yon lalo Latibonit
Se yon tonmtonm, yon konparèt nan Jeremi
Ayiti se yon fresko sou chandmas
Se yon chenjanbe, yon manje lòbèy,
Yon fritay, yon pate kòde
Se yon akra, yon marinad, yon bannann peze
Yon nwa boukannen pou fèt drapo 18 me
Se yon donbrèy nan sòs pwa
Se yon ragou tèt kabrit, yon tchaka
Se yon mousa, yon doukounou
Yon tablèt jijiri, yon konfiti zoranj si
Se yon mayi boukannen,
Yon amizman byen griye
Yon kann anana bò estad Silvyo Katò
Ayiti se yon tire kont nan lanjelis
Se yon twa fwa pase la nan lalin nouvèl
Se yon lago lago ti sangle,
Se yon zonbi bann mannan
Se yon kachkach liben sere liben
Ayiti se yon monte kap,
Van vini m a ba w bonbon
Se yon sote kòd,
Yon jwèt marèl
Yon oslè Do Kre, I, S
Se yon jwèt mab tèk tout mò rèd
Se ti gason met bout pantalon jiska laj douzan
Se tifi penyen ak ne ak boul gogo jiska kenzan
Ayiti, mwen sonje w anpil
Mwen sonje Gwayanmouk
Mwen sonje Boukantowo
Mwen sonje Bouki ak Malis
Mwen sonje ji papay, ji grenadya
ji kowosòl, ji kachiman,
Akasan siwo ak anpanna
Mwen anvi bwè te vèvenn
Te bwadòti, te senne, te simen kontra
Te lyannmòl, te choublak, te dèdo
Te bazilik, te sowosi, te sitwonèl
Mwen ta renmen chita anba yon pye siwèl
Kote bon jan van ak fè kalinda
Pendan ma p manje kenèp
Ak pengwen boukannen
Plis kasav doup pendou ak zaboka
Mwen sonje son pipirit,
Son krikèt, son zandolit,
Mwen anvi wè yon chan toutrèl
Kap fè ale vini, tolalito nan karetèl lesyèl
M anvi wè malfini, tchit, sèpantye, konglaw
Zòtolan, kwakdlo, kaw ak poustabak
M anvi wè pye rakèt, pye mestiyen
Pye bayawonn ak pye galgaw
Ayiti malgre ou pedi fèy
W ap toujou ret nan kèm
W ap toujou rete yon bèl chelèn
Drapo w ap toujou flote alawonnbadè
Paske ou se senbol libète
Ayiti mwen renmen w anpil
E mwen renmen w pou lavi
Ives Isidor 18 mai 2017