Raoul Gérald | Ayiti Koupe Fache n°8 : Viv mobilizasyon otonòm mas popilè yo

0
783

Oktòb 2022

Ayiti Koupe Fache se yon kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan. N ap pote solidarite ak lit tout moun k ap goumen kont lenjistis, lesplwatasyon ak represyon.

Jodi a n ap konsakre kronik n°8 lan pou nou voye yon kokenn kout chapo, pou nou salye byen ba lit revandikasyon pèp la. Yon lit revandikasyon lijitim. Yon lit revandikasyon k ap mande pou yon lòt Leta tabli lan peyi, yon Leta ki pou sèvi entèrè mas popilè yo. Yon lit revnadikasyon k ap mande pou pouvwa mafya PHTK a bay talon li, rache manyòk li, bay tè a blanch.

Sa fè plis pase 4 senmèn depi pèp la ap revandike, pou yo egzije pouvwa Ariel Henri an pa monte pri gaz la. Nou tout konnen lè pri gaz la monte tout pri pwodwi, manje monte. Men nou tout konnen tou pou gouvènman Ariel Henri mizè pèp pa konte. 

Pou nou ka konprann sa k ap pase lan peyi a jounen jodi a fò nou fouye zo lan kalalou. Fò nou konprann depi plis pase 10 lane, rejim PHTK ap trafike richès peyi a, yap volò, yap detounen lajan, yap fè trafik dwòg, yap distribye zam bay gang.

Men lè nou voye je nou pi lwen, nou konstate tou tout bagay kap pase jounen jodi a, peyi fin degraba, timoun paka manje, goud la tounen zorey bourik. Tout bagay sa yo se rezilta politik yon Leta kap defann enterè yon ti minorite moun, yon ti elit. Minorite sa a ou jwenn li lan klas moun k ap kontwole ekonomi peyi a, ou jwenn li lan gwoup moun k ap dirije Leta. 

Jounen jodi a kriz lan pete lan figi yo. Pèp la di sètase. Malgre ti minorite moun sa yo kap piye richès peyi a mete gang ak lapolis pou fè represyon, pou kraze mouvman revandikasyon an, jis moman n ap pale a, yo pa rive kontwole manifestasyon yo. 

Kounye a yo mande ouvètman, kareman, pou yon fòs etranje, anpatikilye mèt yo gouvènman meriken, rantre lan peyi a pou li vin tabli yon okipasyon militè sou peyi a. Kòm si se okipasyon militè ki ka vin rezoud kalite kriz sa a ki blayi lan peyi a. Listwa montre nou okipasyon ak dominasyon kolon enperyalis yo foure nou nan twou santi a pi fon, pi rèd. Nou pap janm bliye se yon prezidan Etazini, Donald Trump, ki te di Ayiti se w « latirn » .

An 1994,  Senatè Joe Biden te di :

“Ke Ayiti disparèt ou pa, sa pa enterese nou.”

Se konze lokal yo ak peyi kolon enperyalis yo ki mete nou kote nou ye la a. Kouman èske bann tikoulouk anti nasyonal, anti Pèp yo nan gouvènman ilegal, ilejitim sa a ka vin fè nou konprann se okipasyon militè menm kolon enperyalis sila yo ki ka vin sove nou?

Pou nou lan Ayiti Koupe fache, li klè kou dlo kòk okipasyon militè vandè peyi PHTK yo ap mande an, se yon okipasyon militè ki pou kontinye ba yo plis pouvwa, yon okipasyon militè ki pral pèmèt yo, gwo boujwa, dirijan Leta yo, ak konpayi etranje kontinye piye peyi a pi rèd, vòlò resous minyè nou yo, kontinye vin ranfòse eksplwatasyon travayè yo ak salè mizè a. 

Fò pèp la kanpe kont tout okipasyon militè, kont tout entèvansyon etranjè. Tout enjerans sa yo se ranfòse yap vinn ranfòse  pouvwa reyaksyonè PHTK a, ak klas dominan reyaksyonè yo. 

Nap di Viv yon Ayiti Granmoun tèt li, viv yon Leta souveren demokratik popilè. Aba tout okipasyon, Aba tout enjerans etranje lan peyi a. Ann lite pou yon lòt sosyete, pou yon Ayiti tou nèf! WI, NOU KAPAB! Sa mande nou rantre danble, darachpye, pi vit posib, san pèdi tan nan travay konstriksyon lit otonòm ak òganizasyon otonòm Kan Pèp la ak Travayè kòm POTOMITAN. SE TACH ISTORIK MOMAN AN! ANN VANSE LADAN LI 2 PYE FÈM!

AKF ap ankouraje nou pou kontinye mobilize epi òganize pou revandike dwa nou. Klas dominan reyaksyonè yo fè bèk atè devan enpeyalis yo. Souvrènte Ayiti nan men mobilizasyon mas popilè yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.