Ministè Edikasyon nasyonal distribye tablèt nimerik nan lise nasyonal Lasalin

0
1415

Distribisyon tablèt nimerik nan lise nasyonal Lasalin

Dimanche 27 mas 2022 ((rezonodwes.com))– Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) distribiye tablèt nimerik bay elèv segondè IV nan lise nasyonal Lasalin.

Aktivite sa a te fèt nan jounen jedi 24 mas la, an prezans anseyan, paran, ajan Edipol ak plizyè notab nan lokalite a. Pou premye jounen operasyon sa a, genyen 134 elèv, ki yo chak, te resevwa yon tablèt, daprè rapò direktè lise a, Ralph Vladimir Rameau.

Operasyon sa a genyen pou li kontinye. Anseyan ak lòt elèv dwe resevwa tablèt pa yo.An total, lise nasyonal Lasalin genyen aladispozisyon li 210 tablèt nimerik.

Chak benefisyè siyen yon angajmanAnvan yo te resevwa tablèt yo, chak elèv siyen yon angajman kote yo mete yo dakò pou pwoteje zouti aprantisaj sa, yon fason pou yo kapab pase li bay lòt pwomosyon elèv k ap vini.

Nan fen ane lekòl la, elèv segondè IV sa yo, lè yo pral pran fich egzamen yo, yo dwe remèt tablèt yo anboneta, paske tablèt nimerik sa yo se pwopriyete ministè a lekòl la ap jere. Nan sans sa a, direktè lise te fè elèv yo konnen yo gen yon responsabilite sitwayen pou yo byen itilize yo nan enterè pa yo e nan enterè lòt elèv ki pral nan segondè IV yo ane pwochen.

An plis elèv la, reprezantan paran yo, reprezantan notab yo, teknisyen k ap jere sal miltimedya a ak direktè lise a siyen deklarasyon angajman sa a. Nan menm okazyon, direksyon lise te remèt bay chak elèv yon kat sim telefòn. Elèv yo dwe gen opòtinite pou kontinye aprann andeyò sal klas la.

Lise nasyonal Lasalin dispoze yon sal miltimedya ki genyen ladann 31 òdinatè ak yon tablo nimerik. Nan espas sa a oubyen sou tablèt nimerik yo, elèv yo gen posibilite swiv kou anliy, aksè ak resous pedagojik tout kalite ki sou platfòm nimerik PR@TIC ou sou platfòm “lycée 2.0” ou sou nenpòt lòt platfòm ki gen bon jan resous ki apwopriye ak pwogram eskolè y ap swiv la.

7 janvye pase a, nan yon rankont li te òganize avèk komite santral 20 lise nan Pòtoprens, Delma, Petyonvil, Taba, Site-Solèy, Kwadèboukè ak Kafou, minis Nesmy Manigat te fè konnen elèv pa aprann sèlman lè li vini chita anndan yon sal klas. Li dwe kontinye aprann tout kote, toutan li vle, lakay li oubyen sou katye lakay li atravè plizyè lòt aktivite. Jefò pou konbine «No Tech», «Low Tech» ak «High Tech».

Nan kontèks sa a, minis la estime Leta a ak patnè li yo dwe kontinye fè jefò pou ede elèv yo tire pwofi de tou sa teknoloji a pote kòm diplis nan edikasyon an. Se pou tèt sa minis Manigat rete kwè gen nesesite pou lekòl la cheche benefisye avantaj teknolojik sa yo keseswa atravè « Low Tech » oubyen « High Tech ».

Jefò sa yo ap fèt yon fason pou tipa tipa lise yo, toudabò, kapab gen aksè epi itilize san traka zouti teknopedagoji a valide pou sa.

Biwo kominikasyon / MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.