Raoul Gérard | Ayiti Koupe Fache – Kwonik 3

0
1173

Jedi 3 mas 2022 ((rezonodwes.com))–

N ap salye tout kanmarad, tout fanm ak gason k ap lite pou yon lavi miyò lan peyi nou.

Se twazyèm kwonik Ayiti Koupe Fache. Ayiti Koupe Fache se yon kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan. N ap pote solidarite ak lit tout moun k ap sibi lenjistis, esplwatasyon ak represyon. 

N ap denonse represyon Leta PHTK a ap fè sou ouvriye ak ouvriyèz ki ap manifeste pou reklame dwa pou yo gen yon salè minimòm ki pèmèt yo viv tankou moun. 

Nan manifestasyon nan mwa Fevriye 2022 yo, lapolis maspinen ouvriye yo ak gaz lakrimojèn, bal kawotchou ak souflèt poutèt yap reklame 1.500 goud kòm salè minimòm pou pi piti. Nan manifestasyon Ouvriye yo nan jounen Mèkredi 23 Fevriye 2022 a, yon patwouy lapolis tire bon bal katouch awotè moun epi touye, lapoula, Lazard Maxilien, Jounalis Roi des Infos, epi blese 2 lòt Jounalis, Sony Laurore de Laurore News TV ak Yves Ducé Moise de RCH 2000 ke yo te transpòte Lopital dijans. Gen yon ouvriye ki te pran 2 bal nan pye e ki te pran swen nan Lopital. Ayiti Koupe Fache denonse ak tout fòs nou represyon sovaj, asasen, kriminèl, vyolans alagouj lapolis fè kont manifestasyon Ouvriye, Travayè yo kote bal lapolis fè Jounalis yo ak  ouvriye viktim. 

Nan yon nòt Asosiyasyon Endistriyèl Ayisyen (ADIH) mete deyò, li pat menm pran swen pou deplore zak kriminèl lapolis fè kont Jounalis ki mouri ak blese yo kòmsi yo pa moun. Li annik pale de swadizan “vyolans” ki fèt kont izin yo epi, ak awogans, yo mande pou gouvènman kwoupyon restavèk yo a etabli estabilite ak lapè sosyal nan vini ak akonpayman alontèm. Yo pa di anyen sou demand Ouvriye, Travayè yo pou yon salè minimòm 1,500 goud pou pi piti pou yon jounen 8 èdtan an. An bon awogan, yo annik pase sa sou silans. 

Kalite represyon sovaj lapolis ap ekzekite kont manifestasyon yo la a ap vize fèmen sistematikman tout espas ekspresyon demokratik Ouvriye, Travayè ak Mas Popilè yo an jeneral nan enterè klas reyaksyonè yo, patwon boujwa kapitalis yo, granmanjè nan leta pouri a, politisyen yo ak peyi kolon enperyalis yo. Se sèl mwayen reyaksyonè yo, patwon, politisyen ak leta granmanjè pouri yo a, vle asire tèt yo, pou yo kapab kontinye jwe jwèt politik yo alèz ant yo nan eleksyon malatchong ak demokrasi pou lagalri a, kontinye eksplwate, dominen, oprime mas popilè yo epi jwi richès nou kreye yo sou do nou ankò, nan swadizan “lapè ak estabilite politik.” YON LAPÈ SIMITYÈ! TOUT REYAKSYONÈ KONPLIS!

Pandan lapolis ap matirize ouvriye k ap fè manifestasyon pasifik pou dwa demokratik yo, yo bay bandi ak gang ame asasen kriminèl yo kat blanch pou bloke 5 depatman peyi a. Matisan, Kwadèboukè, Lasalin ak plizyè lòt katye popilè fin gangsterize. Kidonk, lapolis konplis ak gang kriminèl kap fonksyone kòm yon milis loumpenn met ansanm pou defann enterè gwo boujwa, grandon, ekip politisyen opouvwa yo ak peyi enperyalis yo. 

Fòs represif, ak fòs laterè sa yo la pou eseye entimide ouvriye, travayè, peyizan, mas popilè yo an jeneral pou nou pa rive òganize tèt nou kòm yo gwo fòs solid, epi manifeste nan lari a pou egzije respè dwa demokratik nou, epi pou chanje lavi nou. Men tout sa mande de nou BONJAN ÒGANIZASYON OTONÒM SOLID A TOUT NIVO!

Fòs represif, fòs laterè reyaksyonè yo deside reprime sovajman tout ti tantativ pou mas pèp la reklame yon minimòm dwa demokratik. Alòske menm lapolis sa a di li manke resous pou fè fas ak bandi, li gen kont resous pou vin reprime ouvriye, travayè kap manifeste pasifikman pou yon lavi miyò. Sa vle di, “Dan pouri gen fòs sou bannann mi.” 

Avèk Represyon, vyolans sovaj lapolis fè sou ouvriye, travayè yo, leta pouri tyoul klas reyaksyonè patwon kapitalis yo, grandon yo, politisyen ak enperyalis yo montre nou klèman ke lapolis ak gang milis loumpenn yo, la, pou kraze nou menm mas pèp la. Tout sa montre nou klèman leta represif pouri a pap pèmèt mas pèp la fè okenn revandikasyon demokratik pase, menm pasifikman. Se w kesyon de, « PLIMEN POUL LA, PA KITE L RELE! »

Depi 2019, salı minimòm la pa t janm ajiste alòske lavichè a t ap vale teren. Patwon boujwa kapitalis ak vòlò, granmanjè nan Leta yo nan konplisite ak kolon enperyalis yo te met ansanm pou kontinye souse san ouvriye, ouvriyèz, travayè, ak travayèz san limit. 

Pandan leta a ap monte pri gaz la, pandan l ap gaspiye lajan, yo poko janm di kisa yo fè ak lajan PetroKaribe a (US $4.2 Milya dola vèt), lajan CIRH la (US $16 milya dola vèt), ak lajan yap ranmase pa bokit sou do dyaspora a, $1,50 sou chak transfè lajan ak 5¢ sou chak apèl telefonik, kote yo rive ranmanse konbyen milyon dola vèt. Pandan yo pa kanm di anyen sou tout sa, jounen jodi a, yo rete lan figi moun, yap ofri yon lasibab pou mete sou salè minimòm pwatrinè a. Ouvriye, Travayè, Mas Popilè yo, Kan Pèp la, LOUVRI JE NOU BYEN GRAN SOU GASPIYAY/GAGOTAJ TOUT LAJAN SA YO KI SOU KONTWÒL GRANMANJÈ NAN LETA POURI A! SE LAJAN NOU! 

Ouvriye, ouvriyèz kap swe san nan faktori yo, kap traba san pran souf pou yo rive bay fanmiy yo manje kòmsadwa, jounen jodi a, yo di yo pa kapab ankò. Li lè, li tan pou travayè, travayèz, ouvriye, ouvriyèz, peyizan, peyizàn, ki pwodyi tout richès nan peyi a, li lè, li tan pou nou viv tankou moun, ak tout respè ak diyite. Wi se nou, ouvriye, travayè, kap pwodui tout richès nan peyi a. Se nou kap pote peyi a sou do nou. Fòk richès yo retounen jwenn nou nan mas popilè yo. 

Se depi dekrè 24 fevriye 1984, ki te enplemante Kòd Travay 1961 an, leta te sipoze met sou pye yon komisyon nan Ministè Afè Sosyal pou revize salè yo. Selon lwa 29 sektanm 2009 lan, Konsèy Siperyè Salè a (KSS an Kreyòl, CSS an Franse) donk Konsèy Siperyè Salè a ta gen pou rankontre Chak ane depi kòmansman jiyè pou l fè rekòmandasyon sou ajisteman salè minimòm lan selon to enflasyon an ak dòt endis makwo-ekonomik, tèlke pa ekzanp to chomaj, pwodui nasyonal bri (PNB), balans komèsyal peyi a, to enflasyon, elatriye. Se ann Out 2013, apre prèske 30 an, Konsèy Siperyè Salè a te rive met sou pye pou premye fwa, sou gouvènman Mateli. Tout lòt gouvènman presedan yo te vag sou lwa sa yo.

Prezidan an mete sou pye Konsèy Siperyè Salè a ki sipoze fonksyone ak 9 manm e ki konpoze de 3 reprezantan Ministè afè sosyal, 3 reprezantan patwona a, ak 3 reprezantan sektè sendikal la. Kidonk depi an lagan, ouvriye ak travayè yo an minorite nan KSS la paske gouvènman an ak patwon yo toujou kole tèt yo ansanm. Anplis, anpil fwa se sendikalis tèt chat tyoul yo rekrite nan Konsèy Siperyè Salè a (KSS la). Konsèy minis gouvènman an gen pou konsidere rekòmandasyon KSS la epi se prezidan an ki gen pou l pibliye yon arete pou fikse salè minimòm yo.

An 2009, dekrè prezidansyèl Preval la te vin presize 8 diferan kategori travay ki chak gen salè minimòm pa yo. Salè minimòm nan faktori soutretans yo te fikse nan sizyèm kategori a 125 goud pa jou. Jiskaprezan, lwa sou salè minimòm la pa fikse salè anpil travayè riral, tankou vann jounen yo ak peyizan dimwatye yo. Sa se de aspè enpòtan nan lit k ap kontinye mennen pou refòm Kòd Travay la, refòm Kòd Riral la ak yon bonjan Refòm Agrè.

Depi an 1986, ouvriye soutretans yo konn sèvi ak manifestasyon Premye Me yo chak ane pou lanse yon mobilizasyon pou jwenn yon salè minimòm ki koresponn omwen a yon minimòm vital. Salè minimòm lan pa janm kont pou ouvriye yo fè fas a depans lavi yo. Anplis, chak ane lavichè a bese valè salè yo touche a. Salè minimòm 500 goud lan an 2022 vo mwens pase mwatye salè minimòm 1980 an (38%). Ane sa a, 2022, kòm salè yo pat ajiste depi 3 zan, depi an 2019, mobilizasyon yo te kòmanse bonè depi nan debi lane a, sitèlman ouvriye yo te vin about. Chak ane, se mobilizasyon ouvriye soutretans yo ki fòse ajisteman diferan salè minimòm yo ann Ayiti. Se sa ki fè mobilizasyon ouvriye soutretans yo jwe yon gwo wòl nan lit tout travayè. Pa ekzanp, an 2005, 2009, 2017, 2018, avèk ane sa a 2022, te gen de gwo mobilizasyon ki te rasanble majorite ouvriye soutretans yo atravè peyi a.

18 fevriye ane sa a, apre anpil mannigans, Konsèy Siperyè Salè kwoupyon an, (KSS kwoupyon) an te vini ak rekòmandasyon patwon soutretans yo pou ajoute 125 goud pa jou sou salè minimòm pwatrinè 500 goud la, ki vin mete l a 625 goud salè minimòm tibèkiloz la. Imedyatman, ouvriye yo ak reprezantan sendikal yo te montre yo pat dakò. Yo te denonse KSS la epi yo te kanpe fèm sou 1.500 goud yo t ap mande a, atò yon 1,500 goud ki pap menm rive reponn a bezwen minimal lavi Ouvriye toutbon vre. Malgre sa, gouvènman an te vin pwopoze 750 goud nan yon premye tan. Annapre li vin bese l a 685 goud nan arete li te pibliye nan lendi, 21 Fevriye 2022 a. Nou wè jan granmanjè sa yo sinik ak sadik!

Mezanmi O, 685 goud gouvènman PHTK a ofri kòm salè miminòm la vo mwens pase mwatye salè minimòm 1980 an. Ou imajine w sa? Sa montre aklè Leta pouri sa a pa konsidere klas ouvriyè a pou anyen. Li montre gwo patwon, ak zotobre pa deside retire senk kòb nan pòch yo, nan pwofi yap fè sou do nou, pandan ouvriye yo ap kofre anba lavichè. 

Jounen jodi a, travayè, travayèz di non. Yo bouke travay pou chwal galonnen. Yo reklame 1,500 goud pou pi piti kòm salè minimòm.

Yo mande pou bonjan kondisyon travay, respè ak diyite.

Yo pap pran lan kraponnay Leta PHTK a. Yo rele aba represyon Leta granmanjè a. 

Nou menm nan Ayiti Koupe Fache, nou pote solidarite nou ak lit Ouvriye, Travayè yo ap mennen pou ajisteman/ogmantasyon salè minimòm la a 1,500 goud pou pi piti. Nou konnen lit òganize otonòm travayè se lit pou sòti peyi a nan twou santi li ye a. Nou konvenki lit òganize otonòm travayè, lit òganize otonòm Kan Pèp la ki chita sou enterè fondamental mas popilè yo se lit veritab pou transfòme peyi nou, pou nou tout kapab viv lan diyite, lan yon lòt sosyete.

VIV LIT ÒGANIZE OTONÒM OUVRIYE, TRAVAYÈ POU AJISTEMAN/OGMANTASYON SALÈ MINIMÒM LA A 1,500 GOUD POU PI PITI!

VIV LIT DEMOKRATIK ÒGANIZE OTONÒM KAN PÈP LA AK TRAVAYÈ KÒM POTOMITAN!

VIV AYITI LIBERE!

Ayiti Koupe Fache, 24 fevriye 2022. 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.