Patris Dimon : Pawòl ayisyen kont pawòl kreyòl

0
1722

Mèkredi 8 desanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Jan 19 : 20

Anpil Jwif te li mesaj sa a, paske kote yo te krisifye Jezi a te tou prè lavil la. Mèt mesaj la te ekri l an 3 lang : ebre, grèk, laten.    

Pwofesè Michel DeGraff akeyi avèk yon tèks kritik yon atik Patris Dimon ekri pou l mande rele lang Ayisyen yo « ayisyen ». Patris Dimon reponn li tou. Sa a se premye pati repons la.

*Dapre Sylvain Auroux, genyen 2 konsepsyon lengwistik enpòtan : mekanik ak politik. Pou premye a, « tout lang se yon reyalite otonòm ki gen pwòp lwa pa l, tankou yon pyebwa, tankou yon moun oubyen yon bèt. Pou dezyèm lan, tout lang se reyalite sosyal moun ka aji sou yo pou refòme yo, menm jan yo fè nan nenpòt enstitisyon »**. Konsènan konsepsyon mekanik la, pawòl Auroux a pa fin vre, lè n sonje transfòmasyon jeni jenetik ap reyalize depi kèk tan sou bèt, sou plant, e menm sou moun. Men, nan domèn syans sosyal an jeneral, spesyalman nan lengwistik, konsepsyon politik la tonbe daplon pou l fasilite nou poze kesyon sa a : “Èske se « ayisyen » oubyen “kreyòl” pou nou rele lang nou pale a ? Kesyon sa a, Listwa poze tout moun li, sitou sila yo k ap reflechi sou pwoblèm peyi a an mòd total-kapital. Se sou bò sa a mwen kanpe lè, nan kad Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl yo, 28 oktòb, mwen reponn nan yon atik Nouvelis te pibliye ki gen tit : ayisyen se non lang nou pale a. Men 4 agiman mwen devlope pou kore repons lan :

Non « kreyòl » la s on w mistifikasyon, yon gwo konfizyon

Istwa lang toupatou nan monn lan ;

Ayisyen pi plis ke tout lòt pèp ansanm ki pale lang nou an ;

Ayisyen se Ayisyen, Kreyòl se lènmi Ayisyen.

Anndan agimantè m nan, mwen bay plizyè ekzanp ki pèmèt yon lektè wè e konprann gwosè gany ak pèd ki genyen nan non yon lang: ideyolojik, kiltirèl, diplomatik, ontolojik… Fò m raple atik Ayisyen se non lang nou pale a, ki leve tout plim sou do pwofesè DeGraff la, se rezime yon tèks mwen poko pibliye. Si apre plizyè grandèt, Jean Price Mars ak Frankétienne pami yo, mwen vin poze pwoblèm jan pou lang nou an rele, « ayisyen » olye « kreyòl », kòz la pa lwen : non yon peyi nesesè, tankou non moun nesesè. Lè yon bagay nesesè, li plis ke enpòtan, li esansyèl, mesaj li inivèsèl. Nesesè vle di : pa ka pa la. An 1804, nou pa t ka pa bay peyi nou an yon lòt non. Lè ewo nou yo batize Eta tou nèf la « Hayti » (se konsa yo te ekri l), pi gwo sans sa te degaje, yo te tou deklare kolonyalis sera-seta sou tè pa nou an. Non Ayiti a te yon siyal respè tou, plis ankò solidarite pou pèp « amerendyen » Arawak la ki te rele zile a Ayiti. Mwen pran l tou kòm yon omaj pou premye abitan zile a. Si l pwouve ewo yo te konprann senbolis non peyi a, pa lang ayisyen an pa t pase nan lespri yo. Ki fè la a, sou baz listwa konn ralanti, men li pa kanpe, eritye zansèt yo dwe mete non lang matènèl nou an alòddijou : « ayisyen », olye « kreyòl ».

Pwofesè Frederic DeGraff pa dakò avè m. Poutètsa, li ekri yon atik kritik sou paj fesbouk pa l ki anfavè non “kreyòl” la. Deba nesesè pou sosyete avanse. Pa gen manti nan sa. Kidonk, mwen bay atik li a anpil enpòtans. Mwen lonnen l nan longè e nan lajè, pak an pak. Men, mwen wè li plis sanble jouman ke zèv yon syantifik. Anplis, pozisyon pwofesè a sou kesyon an dògmatik kareman. Menmsi sa, toujou sou baz konfwonte lide a, pou lektè yo, pou serye kòz lang ayisyen an, li bon pou m di 2-3 ti mo sou atik mande goumen pwofesè DeGraff la. Anlagan, mwen pap suiv kontradiktè a sou chan leksikal woywoy analiz kolonyal, pyèj restavèk, kolon lokal, ki travèse papye jouman l lan. Kantmenm, m ap chèche wè kisa jouman sa yo kache ak sa ki lakòz yo. Limenm la jije si l dwe lektè yo esplikasyon sou langaj sa a.

An n aprè, m ap montre mesye a bay tèt li dwa mete pawòl nan bouch mwen, tòdjye panse m an mòd jeneralizasyon, amalgam, manipilasyon, enkoyerans devan-dèyè. Rezilta, tout lektè yo ap sonje pozisyon pwofesè DeGraff : kreyòl dwe rete non lang Ayisyen yo pale a. Men, li pa di poukisa.Nan sans sa a,alòske Desalin fè yon kantite aksyon ak deklarasyon ki ka sèvi referans endiskitab pou kore tèz serye, tèks mande goumen an toufe fondatè a nan yon egzèsis koupe bout-bout, ti moso-ti moso, pwosesis revolisyon ayisyen an. Ilistrasyon 10 sou 10 metòd sa a, nou jwenn li nan enonse sa a : Dessalines bay konsèp « nwa » nan peyi dAyiti endepandans pa li tou depi nan Konstitisyon 1805 lan. Fondatè a ta nan yon politik amenajman lengwistik pou kreye idantite nou anndan lang franse ki se lang Konstitisyon 1805 lan ! Epi, èske mo sa yo, « Créole, Kreyòl » ak « Nègre, Nèg », kapab gen menm pwa ak « Ayisen, Haïtien » kòm zouti fòmasyon idantite Ayisyen, solidarite ant Ayisyen ?

Pou m fini, m ap di sa m wè ki pi grav la : « Sendwòm elèv bakaloreya » *** manifeste nan tèks kontradiktè a. Sa tou mete l òsijè. Epi, etandone nan rezime sa a, mwen deja bay rezon ki kore non « ayisyen » pou lang nou an, objektif atik n ap li koulya a se montre sechrès reyaksyon pwofesè DeGraff la. Kidonk li kore m, san l pa konnen, nan pozisyon se « ayisyen » pou nou rele lang nou an.

*Sylvain Auroux, nan Langue, État, Nation, le modèle politique, Kolòk Entènasyonal Lang ak nasyon nan Ewòp Santral, soti 18tyèm syèk rive jodi a, 21, 22, 23 sektanm 1995, Inivèsite Lozàn, Suis.

** Se tradiksyon pa m.

***Sendwòm elèv bakaloreya a se lè yon elèv renmen yon mo li kondisyone tèt li pou l anplwaye mo a kantmèm nan disètasyon l. Sa rive tou pou sijè yo prepare.  Menm yon pati nan disètasyon yo konn pa kè a yo kole l nan sijè egzamen an egzije a. 

Fen premye pati.

Patris Dimon

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.