Nòt pou laprès sitwayen Patris Dimon

0
5125

Jedi 25 novanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Depi plis ke yon semèn, laprès anjeneral bay nouvèl move trètman Penitansye Nasyonal enpoze prizonye yo. Sa ki lakòz anpil prizonye malad grav. Anplis de ka polisye Jilbè Dragon piblik la konnen, se chak jou, selon enfòmasyon yo, gen 2-3 prizonye ki mouri paske yo pa jwenn swen. N ap raple ajan de chanj Uco a, Bodlè Jak, mouri nan prizon Penitansye a, an me 2020, akòz laswenyay ki pa genyen.

Pami prizonye y ap plede di ki malad grav san lè mouri yo, genyen Antoni Dimon. Li malad vre, li te pèdi pwa anpil, men piti, piti l ap fè ti remonte. Nan moman yo kòmanse ap plede di li byen mal la jiska sware 17 novanm lan, Antoni Dimon pa t janm kouche lapòpòt, ni li pa t janm pran pòz byen mal. Li manke 4 liv pou l rejwenn pwa nòmal li.

Men, ni Antoni Dimon ni fanmi l pa egare. Petèt nan moun k ap fè bri sou non l yo, pi fò sensè. Se enfòmasyon y ap bay. Gen lòt tou, sila yo pap pale, se yon òganizasyon mafya politik, vòlò tè, k ap sonnen chalbari-alali nan tèt Anthony, nan tèt fanmi l, nan tèt opinyon piblik la, pou fè konnen li san lè mouri, defason lè yo touye l la, pou yo di se maladi ki pote l ale.

Non, non, non, Antoni konnen sò li nan men lajistis! Soufrans moral, menas ak presyon yon gwoup polisye nan prizon an ap fè sou li toutan, ni manèv nan biwo ansyen polisye, ansyen chèf toujou chèf, pa ka fè l bese je, bese tèt. Li ka pè, men li pap fè lach. Li konnen tou, pami frè ak sè li yo, fwaye pa l, kouzen, bon zanmi, mwenmenm ki kòdone avèk avoka l e administrasyon prizon an, s on w sèl bagay mwen mande tout moun: fè travay yo selon lalwa. Nou di yo mèsi, sitou Mèt Loran.

Depi plis ke 4 tran sa yo, mwen wè abi yo fè Antoni Dimon. Mwen wè kondisyon enfrayimen prizonye nan Penitansye Nasyonal. Lè, kòm senatè, m ap denonse vyolans dezonoran lapolis ap fè sou moun yo arete, mwen pa janm pale de Penitansye Nasyonal an patikilye. Se paske mwen pa gen dwa melanje pwoblèm pèsonèl avèk zafè Leta.

Men, jodi a, m ap di sèlman son w ijans pou yo mete jistis anndan prizon an. Mwen toujou kapab di, lè yon moun mande m « kilè m ap lage Toni? », mwen estomake pou m ta fè l malonèt, paske mwen pa jij, e menmsi m te jij, Toni konn sa, desizyon mwen t ap pran pou frè m oubyen pi bon zanmi m, se li mwen t ap pran tou pou Aviana, Andreyis, Ajimal oubyen Kwayanse.

Mezanmi, pandan plis ke 4 tran prizon sa a, se jij yo, avoka Antoni ak Antoni limenm ki konnen dosye a. Mwenmenm, nan 21 vizit mwen rann Antoni, mwen konnen omwen 6 fwa li te bezwen trètman lopital; 2 sèl fwa mwen te ka akonpaye l nan yon klinik prive. Prizon pa dous, e prizon pa dwe dous. Men sa pa vle di pandan pa gen kondanasyon amò nan konstitisyon an, pou y ap touye moun nan prizon sou fòm degize. Lanmò y ap prepare pou Antoni Dimon an nan kouri bri li byen mal pou yo touye l toutbon, nou pran sant li, nou fè tout moun konn sa.

Mwen remèsye tout sila yo, sitou anpil zanmi Yogann yo ki pa janm sispann sipòte Antoni.. Yo bezwen touye l, kondisyon prizon an se lanfè, men li byen doubout.

Patris Dimon

Frè Antoni Dimon

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.