Ayiti – Dominikani : Supplice tounen 2 men vid, dega Claude Joseph yo pa repare

0
5272

Bouton maleng lan pa nan kò ni Claude, ni Supplice, ni Ariel. Yo ka rele peze jan yo vle…

Lendi 15 novanm 2021 ((rezonodwes.com))– Apre 6 jou nan peyi Dominikani sou lòd PM Ariel Henry pou eseye kalme Abinader ak gouvènman dominiken an ki te move kon kong apre yon ti twit minis ayisyen an Claude Joseph sou ensekirite kay vwazen, Daniel Supplice tounen Ayiti 2 men vid.

Minis Claude Joseph ki te pran pòz nasyonalis-atakan te lage yon gwo chout sou kriminalite nan Sendomeng. Ekip Abinader a ki wè filè l chire pak an pank, sezi souflèt abit la pou, soufle òje epi pini ekip ayisyen an nan bloke pwogram viza etidyan pou ayisyen.

Malgre kout telefòn eskiz premye minis la ak bèl vwayaj ansyen anbasadè sou Bebe Dòk ak Martelly a, anpil Ayisyen ki te jete kò yo nan Panyòl, pou jwenn laswenyaj tanmen monte yon ma swife anba.

Olye ta gen ti amelyorasyon, sitiyasyon konpatriyòt yo anvlimen. Koulye a, se anndan lopital menm ajan imigrasyon domiken antre pou al arete epi bouwe fanm ansent nan otobis pou al lage yo sou fwontyè Ayiti.

Sa ki pi rèd la, gen de fanm yo met lapat sou yo, yo depòte yo, pandan pitit yo fin akouche rete nan kouvez san pèsonn pou ba yo tete.

Supplice pa rezoud anyen nan siplis ayisyen kay vwazen.

Pandanstan sa, Daniel Supplice bat lestonmak li di li menm ak madan Stamie Joseph, manm kabinè PM Ariel Henry a, fè bon travay nan Santo-Domingo.

Pou li te ka preche bon antant ak yon ajannda kowoperasyon ant 2 gouvènman yo, Supplice te rankontre anpil gwo zotobre tankou minis afè etranjè a, Roberto Alvarez, minis enteryè a, Jesús Vásquez ak prezidan sena a, Eduardo Estrella.

Diplomat la te pwofite pou chita pale ak responsab Nasyonzini, responsab anbasad Etazini, nons apostolik la Mgr Chaleb Bader, kèk gwo biznisman, kèk asosyasyon etidyan ak kominotè ayisyen ak kèk lòt diplomat etranje ki an pòs nan Sendomeng.

Bèl vwayaj, bèl jwè, bèl mayo. Ekip Ariel Heny – Claude Joseph la toujou a zewo gòl!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.