Se fòt kiyès?

0
1362

Vandredi 12 novanm 2021 ((rezonodwes.com))–

Tout sosyete sou latè ki gen estabilite chita sou yon ansanm pinga , kote chak sitwayen konn dwa ak devwa yo ki jwenn sous yo anndan yon manman lwa. Peyi sa yo toujou devlope yon pwojè sosyete ki pèmèt tout chwa yap fè vize byennèt. Pa egzanp fè pwomosyon pou edikasyon, sante, pwodiksyon nasyonal, respè pou dwa Moun, lojman elatriye. Yo swiv tout ti detay ki ka sèvi wout pou sosyete yo vle konstwi a.

Sekirite tout Moun garanti, chak sitwayen gen dwa ak yon travay e jwenn mwayen ki pi piti a pou viv. Mete siveyans sou sa près yo ap sikile pou evite kansè sou nenpòt fòm, san yo pa vyole libète ekspresyon. Timoun gen dwa e jwenn plas yo, gen program pou moun ki domaje fizikman ak mantalman, ti granmoun yo gen akonpayman ak asirans vyeyès. Men si nou pa gen sa nan peyi nou ,se fòt kiyès?

Nou pa vin kritike sèlman, nou vin analize pou nou jwenn ansanm yon solisyon. Peyi nou ap fè fas ak tout kalite malpwopte e nou lwen poun ta oze di nou se sosyete pou jan sitiyasyon nou kritik. Tout aktè yo la Leta, pouvwa, opozisyon, boujwazi , klas mwayèn, mas popilè, bandi, se fòt kiyès?

Tout Moun yo la e souvan nou tande opinyon yo. Ann al analize san nou pa jije, defann, ofanse pèsòn.

Leta gen pou wòl pwoteje souverènte nasyonal la ki se byen prive pèp la, detèmine davans règ  yo tankou lwa ak dekrè… Garanti sekirite ak lòd piblik nan tèt kole ak enstitisyon lap mete sou pye yo, bay jistis. Defini yon politik defans ak politik etranjè. Asire edikasyon, ede nan kreye antrepriz. Tout sa ki gen rapò ak bon fonksyònman enstitisyon se leta selon lwa yo. Tout lwa yo la (amande osinon pa amande), si yo pa aplike se fòt kiyès?

Selon manman lwa peyi an ,nou gen twa (3) pouvwa: egzekitif, lejislatif, jidisyè. Egzekitif la se chèf leta a (atik 136-154) li la pou l fè aplike konstitisyon an, asire bon fonksyònman pouvwa piblik yo e veye sou desizyon kap pran nan zafè jistis. Lejislatif la gen pou misyon li menm fè lwa yo e pote siveyans sou gouvènman.

Jidisyè a la pou entèprete lwa lejislatif yo e egzamine yo an fonksyon konjonkti aktyèl la. Se sa yo ki ekri, men nan obsèvasyon selon jan peyi nou ap mache, eske se sak fèt? Kisa ki pwoblèm nan, poukisa tout batay sa yo? Si se vre nou tout ap di nou nan enterè peyi, pouki nou pa respekte fonksyon yo. Kesyon an toujou demere se fòt kiyès?

Chak jou nou tande pale de opozisyon men se kisa li ye? Yon opozisyon politik se yon ansanm mouvman ki konteste desizyon moun ki gen pouvwa ap pran, kote yo gen lide ranplase pouvwa an plas la. Men se nan lojik pou gen yon ale mye e nan enterè nasyon an. Men tout fwa eske opozisyon se kraze brize, fèmen lekòl, di barikad se avni oubyen plase tèt yo kòm pi bon pou enterè pèsonèl? Pandan Vyolans menm ap taye banda, moun paka vakye ak aktivite yo. Se toujou yon menm diskou fòk peyi rale yon souf souvan pou prouve inosans yo men se fòt kiyès?

Pèp, se yon ansanm de moun ki gen menm manman lwa e ki fòme yon nasyon. Pou sosyete pa nou an chak fanmi ou fèt ou fè pati yon klas sosyal, souvan pa gen inyon sou nenpòt sans antre klas sa yo, boujwazi, klas mwayèn, mas popilè a. Trè souvan nou kritike e gen move konsepsyon  de boujwazi a paske se preske yo pou n pa di yo menm ki reprezante sektè prive a. Youn nan bagay ki enpòtan peyi pa devlope san volonte sektè prive, sitou kote leta fèb ekonomikman.

Men pafwa ki konn pwofite kriz politik , ekonomik , sosyal pou yo anrichi tèt yo plis. Klas mwayèn nan se yon klas ki pa ni elit ni pòv tou malgre gen anpil dout sou egzistans li. Dènye klas la se li nou ta di ki defavorize majinalize. Nou konstate malgre nou sou menm bout tè, nou se menm nasyon, youn pa vle rejwenn lòt paske nou chak gen yon konsepsyon de lòt.Nou fèt pou nou viv ansanm, nou fèt pou nou soutni youn , si nou pa ini , se fòt kiyès?

Bandi se Yon ansanm Moun, kondisyon vi yo makonnen ak mantalite yo, ki antre nan zak brigandaj ak malonèt e ki chwazi rebele kont lwa yo. Nan tout sosyete ki gen enpinite, kote dwa moun pa respekte, enstitisyon yo fèb, bandi nan konkonbwèt ak lòt kouch sosyal ap toujou simen latwoublay. Si nou pa pran byen se pral yon nouvo klas sosyal. Souvan yo fè konprann se pa yo. Pratik sa yo kontinye feraye nan sosyete a, se fòt kiyès?

Nou fin efondre nan lage fado ak chay youn sou lòt. Olye nou pran responsabilite nou, nou pito sal imaj youn lòt pou nou fè nou pase pou pi bon. Eske yon sel moun ka chanje peyi a? Eske peyi a ka dous pou yon sèl gwoup moun san enterè komen? Eske nou ka kite tout envestisè yo al envesti nan lòt peyi?

Eske nou ka kite enstitisyon nou yo ap trennen, sistèm edikatif la ap bwè lwil, pa gen bon jan sante ? Eske nou ka kite lajenès fin pati kite peyi e kite ensekirite a ap vale teren? Eske nap kite pwodiksyon nasyonal la fin trepase? Eske nap kite nou fin pèdi moral e kite nou fin disparèt etanke pèp? Eske, eske, eske?

Ase ak pratik sa yo, bay peyi a yon chans pou li redrese. Pou chak grenn ayisyen konnen li se yon zouti devlopman. Chak moun ki okipe Yon post prive kou leta ann panse peyi pandan nap kiltive entegrite, onètete. Ann  aprann de echèk nou e pati sou yon lòt baz. Pèp la fè apèl ak bon sans, kale je nou pou moun sispann manipile nou, jwe sou inosans nou pou ti enterè mesken. Grangou , mizè , chomay pa vle di ankouraje medyokrite. Evite soutirans sou nenpòt fòm .

Se fòt kiyès? Se fòt kiyès? Se fòt kiyès?

Se yon nivo konsyans ki pou pran, kote chak grenn moun aprann asime kòz yo, deriv yo, e pran desizyon pou nou chanje kondisyon nou etanke pèp e moun tou.

Perkens Rolf JULIEN

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.