Matris Liberasyon : Ant omaj ak anivèsè pòtpawòl Antoinette Duclaire

0
1537

MATRIS LIBERASYON: ANT OMAJ AK ANIVÈSÈ  ANTOINETTE DUCLAIRE, PÒT PAWÒL MATRIS LIBERASYON.

Matris Liberasyon, nan kad … anivèsè Antoinette Duclaire, ap pwofite pou l onore pasaj imòtèl Netty nan lavi òganizasyon an ak nan vi sosyal ak politik peyi a. 4 mwa depi eskadwon lanmò mèt sistèm nan mete yon bout definitivman nan lavi egzistansyèl militant lan. Se te yon veritab kout tonè lè nou menm nan chapant politik la ta pral konstate nan lari a, sou diferan platfòm yo natif vil okay la t ap benyen nan san l. Nou pa t gen souf, kouraj pou n te aksepte kanmarad nou pa t ap avèk nou fizikman ankò.

Malgre sitirasyon tèt anba sa a, nou te chwazi rale zèv li yo ki te vrèman anpil nan mitan nou, pou n te kole nan kè nou tankou yon tablo presye nan yon mize imajinè. Se lespri sa a menm ki fè n ap mete kanpe pou memwa ak pou listwa plizyè dimansyon pasaj fanm Vanyan sa a nan M.L la.

-Mounite kay Netty: Konpayèl nou se te yon moun total anvan tout pozisyon politik ak ideyolojik. Se te yon moun ouvè ki te prè pou ride nenpòt moun nan kèlkilanswa klas, ran, gwoup, relijyon w te ye a. Se te yon moun ki te prè pou fè zèv ak moun ki bezwen l nan kèlkilanswa moman sa ta posib la. Zanmi l, kondisip, kanmarad li se temwanyaj lavi sensè sa a. Nou ka di Antoinette se te yon moun total ou pa ka pa sonje nan tout sans.
-kilti kay Netty: kontribisyon l ak Jean Jean Roosevelt, Ruchel Guillaume nan mizik ayisyèn nan, se yon bagay ki eksprime jan sè nou te kole ak avansman kilti peyi a. Antwopo-sosyològ la se te yon veritab moun ki charye tout revandikasyon sosyete a atravè tèks angaje Jean Jean yo. Se yon chapit enteresan nan lavi batay li.

-Ideyoloji kay Netty: kanmarad nou se te yon nasyonalis, patriyòt ki te kwè nan defann valè peyi a anvan tout enterè prive. Li te kwè peyi a ta dwe sòti anba dominasyon enperyalis la epi pou yon gwoup moun onèt pran angajman pou sove valè istorik nou kòm pèp. Nan batay kont chanjman konstitisyon an, li te lonje dwèt tout longè sou manipilasyon anbasad peyi gwo ponyèt t ap fè pou jwenn konsantman konze yo pou efase sa n rete kòm dwa grandètmajè nan peyi a. Se te yon veritab pèleren nan sans sa a.

– Politik kay Netty: se te yon demokrat nan sans klasik pou altènans politik nan peyi a. Netty te pou yon modènizasyon klas politik la. Nan kad batay li kòm etidyan nan senpatize l ak òganizasyon etidyan lagoch nan Inivèsite Leta  a, li te toujou trè ouvè nan diskite  ak tout kategori  etidyan ki pa t pataje menm valè avèk li. E l te plis kwè nan jwèt politik la pase nan konba kriminèl pou eliminasyon lavi moun. Se pou sa li te toujou sou tout fowòm diskisyon yo menm ak sila yo gwo rimè kase kès Leta t ap kouri sou do yo. Pou kanmarad Duclaire, yon konpetitè, opozan pa yon advèsè. Plis pase 200 lane entolerans politik la te ban nou 2 okipasyon militè nan yon sèl syèk. Men, sa pa vle di tou li te mete dlo nan bouch li pou l pa t denonse vòlò nan Leta a. Se pou sa, kit se nan mouvman petwotchalendjè yo, kit se anndan pasaj li nan Matris Liberasyon, Antoinette te toujou trè dirèk nan fwape magouyè nan Leta yo. Se te yon veritab aktivis ki te toujou nan tout mouvman sou beton an pou akonpaye mas popilè a nan revandikasyon yo. Dayè, depi pasaj li kòm jounalis li te toujou gen yon panchan kritik.

Pou n fini, Antoinette Duclaire se te yonn nan pi gwo figi jèn fanm ki te pase nan batay demokratik ak popilè pou libere peyi a. Nan Matris Liberasyon an, li te toujou prè pou te pote kole nan tout aktivite òganizasyon an. Anpil fwa se te premye konseye nou. Yon veritab pòtvwa pou Matris Liberasyon an. Lavi kanmarad nou Netty nan òganizasyon an se yon bagay fenomenal pou kapasite l pou l aji sou tout plan pou Matris Liberasyon an.

Li te konn jwe wòl fanmi pou nou tou nan konvivyalite li. Pou tout rezon sa yo, nou menm nan M.L, n ap kontinye rete rakwoche avèk lide pou jistis ak limyè fèt sou kòsasinay sila a. Sèl mwayen pou nou rete anvi tou, se selebre lavi Netty nan kontinye akonpaye rèv li yo pou yon veritab demen miyò pou peyi a.

Kanmarad Netty! Prezan!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.