Senatè Patrice Dumont|Masak nan Delmas 32 : Ayiti, depi 2019, Palè Nasyonal ak gang Lisifè-Drakila li yo ap touye nou

0
4412

Dimanche 4 juillet 2021 ((rezonodwes.com))–

Pòtoprens, vandredi 2 jiyè 2021
Nòt pou laprès

Tout ji nan kò yo, tout limyè lespri yo, tout lanmou nan kè yo pou Ayiti

Kò sansinay sanzave fè sou Antoinette Duclaire, gwo petwotchalennjè, jounalis, manm Matris Liberasyon tou, ansanm ak Diego Charles, pwofesè, jounalis radyo Vizyon 2000, se 2 krim anplis antipatriyòt, lisifè-drakila fè kont fòs senbòlik peyi a.

Selon RNDDH, mwen pwofite konplimante pou travay li anfavè dwamoun, gen plis ke 30 sitwayen menm kolòn rejè Lisifè-Drakila yo touye nan nuit makab 29-30 jen sa a. Mwenmenm ak tout manm RPH, ap kriye avèk fanmi, zanmi pwòch, kolaboratè tout viktim yo. N ap chèche twal pou n seche dlo nan je nou, nou pa ka jwenn. N ap chèche twal pou n mare tay manman tout kalte bèl bout pitit bann Lisifè-Drakila manje yo, nou pa ka jwenn. Lisifè-Drakila yo pa bwè san pitit nou yo sèlman, yo fin vòlò tout twal pou bouche figi yo; yo fin vòlò tout twal pou fè sak kòb pèp la y ap vòlò, y ap touye sou tout fòm.

Ayisyen marasa-dosou m yo, tout tribilasyon, mati, lawont sa a, se pa tankou lè zansèt yo t ap mouri pou libète, endepandans, mounite nou, soti Bwakayiman 1791 rive Vètyè ak Gonayiv 1803-1804. Lisifè-Drakila yo mete nou nan sitiyasyon parèy yo, Itlè ak Mousolini, te mete lemonnantye sòti 1939 rive 1945. Bò mal la, Lisifè-Drakila yo, sete Itlè pou Almay, Mousolini pou Itali, Iwoyito pou Japon; yo te vle posede lemonnantye, te vle touye tout moun, menmsi w te ajenou nan pye yo. Bò byen an, sete Tchètchil pou Angletè, Stalin pou Inyon Sovyetik, Degol pou laFrans, Wouzvèt pou Etazini. Ekwasyon an te senp: youn ap touye lòt nan 2 bò yo, nou pap kite pou ou, se ou k pou kite pou mwen. Bò byen an genyen. 60 milyon moun mouri. Li te konsa tou de 1861 a 1865, lè Inyonis Ozetazini ki te vle retire peyi a nan esklavaj te bouke ak ekzaksyon konfedere yo. Yo fè gè yo rele Gè Sesesyon an. Inyonis yo, bon bò a, genyen. 600 mil moun mouri.

An n Ayiti, depi 2019, palè nasyonal ak gang Lisifè-Drakila li yo ap touye nou.

Sa pa ka dire ankò. Se pa nan vanjans. Se pou nou pa gen lòt malè Antwanèt Diklè, lòt Dyego Chal, lòt Gregori Sentilè, lòt mèt Dòval, ni masak laSalin, Bèlè, Kafoufèy, Dèlma, Kwadèboukè, Matisan, Fontamara, laPlèn. Nou tande arestasyon, jijman, kondanasyon pou tout olokòs sa yo? Flajelasyon, flajelasyon, flajelasyon. Enpinite, enpinite, enpinite.

Polisyè, polisye marasa-dosou, pèp la te kontan tande nou te reponn alatèt ki te konvoke nou pou swadizan al goumen kont Lisifè-Drakila yo. Men sa mwen te tande n ap chante: « se sila ki te bay gang yo zam pou w voye chèche ». Mwen dakò nèt avèk nou. Lisifè-Drakila yo mennen pèp la nan faz santidi nèt la: oswa yo kontinye touye nou, oswa nou touye yo nèt. Sa nou pran vivan yo, jij a mete yo nan prizon pou rès vi yo. Pèp la pa bay Lisifè-Drakila zam, se lapolis pèp la bay zam. Pale ak pèp la. Pale ak bon jounalis yo, pale ak legliz yo, pale ak sektè prive yo, pale ak politisyen serye yo. Nou konnen yo. Mande ranfò. Zam ladwàn sezi nan pò yo, reklame yo. Nou vle wè yo nan men vrè polisye.

Etidyan jenn fanm, etidyan jenn gason, nou etidye Manigat, nou etidye Twouyo, Lanèk Ibon, Gaya, Dèkaym, Kalmaks, Boudye, Eme Sezè. Kidonk, nou konnen lòm pa ka viv san sosyete; nou konnen dimansyon politik konplete dimansyon sosyal ak dimansyon ekonomik lòm. Men, nou bezwen solidarite, nou bezwen blayi jistis sosyal komitatif la kòm kè ideyoloji nasyonal la.

Annatandan, nou nan yon fòs a koupe ak konjonkti Palè nasyonal-Lisifè-Drakila a. Nou anfas vòlò- asasen-Lisifè- Drakila yo, se pa vanjans pou Antwanèt Diklè Dyego Chal ak lèzòt yo, men pou nou refè peyi nou tankou Sanit Belè ta fè l, tankou Desalin ak Kristòf te kòmanse fè l.

Senatè Patrice Dumont

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.