GRENN PWONMENNEN : Pinga nou di nou pa t konnen, Ayiti sou wout chavire toutbon !

0
4613

GRENN PWONMENNENPinga nou di nou pa t konnen, Ayiti sou wout chavire toutbon !

Pou nou menm, vòlò lajan peyi a, ansasinay, menm nan vwazinay bò lakay li, gang k ap opere san pwoblèm, ak bon kontak Opalè, nou te konprann se yo ki gwo pwoblèm nan peyi a. Men prezidan de fakto a di : « Non! Se konstitisyon an ».

Jovnèl Moyiz ak ti ekip atoufè ki bò kote l la di wè pa wè referandòm tèt drèt pou 27 jen. Tandiske adwat  agòch, anwo anba, anndan lakay, tankou pami lòt yo nan dyaspora a, se youn sèl pawòl nou tande: Se swa jamè! Mezanmi, mwen pa divinò, men jan m wè bagay yo ap vire la a, se pawòl franse a sèlman k ap sonnen nan zòrèy mwen : « Il y aura mort d’homme! » Wi, pral gen lanmò nan koze a.

Aireman, nou tout konnen pawòl referandòm nan, men m ap fè youn ti repas sou li pou tout mounn byen konprann pou ki rezon Jovnèl Moyiz di fòk li fè refèrandòm ni an kanmenm, paske se sèl li menm ki pral sove peyi sa a. Menm si gen mounn ki ta vle kwè se vre, yo souke tèt yo, yo di yo pa ka kwè pawòl youn mèt mantè ki fò sèlman nan fè pwomès, tankou « elekrisitite 24 sou 24 nan 24 mwa. » Se depi mwa jiyè 2017 pwomès sa a te fèt. Nad marinad! Bliye pawòl « manje nan tout asyèt « » la, sitou avèk solèy la, dlo a, tè a », tout bagay nou gen pou grenmesi!

Depi Nèg Bannann sa a pran manyèt la, se grangou l ap sinmanyen, jiskaske kounnye a 4 milyon pami 12 milyon nou gen nan peyi a, ap mouri anba grangou. Donk, nou pa ka kwè se referndòm Moyiz ki pral bay peyi a youn nouvo konstitisyion ki pral chanje kwakseswa. Li sèlman ap chache mwayen pou l gen plis pouvwa, pou l vòlò pi byen, touye mounn jan l vle, epi pèsonn pa ka di anyen, paske yo pa ka rele l lajistis. Konstitisyon l nan ba l dwa fè sa l vle. Konstitisyon l nan kouvri l ak « enpinite », paske l konnen si se pa sa, soti li soti nan Palè a se tou dwat nan prizon. Ansyen prezidan Joclerme Privert di l byen klè : « Il sera passible de la Haute Cour de Justice ». Wi, li pral ateri devan pi gwo tribinal ki genyen pou tout zak li konmèt yo. Pi devan nou pral ba w plis sou Jocelerme Privert.   

Wi, referndòm nan pral pèmèt li vini ak bonjan konstitisyion pou ranplase moso papye nou gen la a ki lakòz tout pwoblèm Ayiti. Anhan! Se konstitisyon an ki lakòz tout vòl ki fèt nan lajan Leta yo, sitou  4 milya 200 milyon dola lajjan Petwo Karibe a, pa vre? Lajan ki te ka chanje vizaj peyi a si yo te itilize l jansadwa. Li menm, ansyen patwon l « Bandi Legal » la, ak tout lòt zanmi l yo depatcha tout. Nèspa vrè se konstitisyon an ki responsab tout masak ki fèt nan peyi a, sitou nan zòn pi pòv yo, tankou Lasalin, Site Solèy, Bèlè, elatriye. Epi tou, se konstitisyon an ki responsab tout gang sa yo ki blayi nan tout rakwen nan  peyi a. Baze sou dwa yo genyen nan vye konstitisyon sa a, yo menm anrejistre Gang G-9 Anfanmi ak Alye yo nan ministè Afè Sosyal, epi chèf yo Babekyou (Jimmy Chérizier) gen dwa ap fè parad, gwo manifestasyon, ak pwoteksyon lapolis, pou kenbe prezidan an byen djanm opouvwa, menm lè gen manda arestasyon dèyè l.

Gade tout bagay nou pa t konnen. Men se Jovnèl Moyiz, ak pwòp bouch li ki di; « Se konstitisyon an ki responsab tout pwoblèm yo ». Pou nou menm, vòlò lajan peyi a, ansasinay, menm nan vwazinay bò lakay li, gang k ap opere san pwoblèm, ak bon kontak Opalè, nou te konprann se yo ki gwo pwoblèm nan peyi a. Men prezidan de fakto a di : « Non! Se konstitisyon an ». Vole ponpe, fò l chanje l. Epi jou ap mache sou nou pou sa fèt, Se 25 jou ase ki rete pou 27 jen an rive.

Antretan, mounn ap pran pozisyon byen klè sou kesyon referandòm nan. Yo pa pale an kachèt, se nan radyo yo bay entèvyou epi nan gwo jounal. Pa egzanp, prezidan ti moso Sena ki rete a, Joseph Lambert, di, yo p ap ka vin mete okenn biwo referndòm nan depatman Sidès, zòn Jakmèl, kote l soti a. Si yo eseye, tout ap kraze. Nan youn atik ki parèt nan jounal Le Nouvelliste, nan dat 27 me a, Senatè Lambert di : « Lè youn gouvènman ilegal ap fè bagay ki konplètman ilegal, fòk nou antre an rebelyon e batay kont li. Alò, fòk Jovnèl fè arete senatè a! »

Mezanmi, lwa rebèl monte nan tèt senatè a vre lè li kontinye ap lage pawòl flanm atè, N ap kite l pale. « M ap di pèp la li lè pou l revòlte. Fòk pèp la montre yo temèrè. Jolvnèl Moyiz konprann li temèrè. Fòk nou montre l li pa pi temèrè pase n. Mwen pral montre l kijan m temèrè nan zòn kote se mwen ki an kontwòl », kivedi nan Depatman Sidès la. Nan menm atik Le Nouvelliste la, se youn lòt senatè ki pa an fonksyon ki mande anraje.  Se ansyen senatè nan Nò a, chèf pati politik Pitit Desalin nan, Moïse Jean-Charles, k al pi lwen. Li di : « Fòk nou boule tout ekipman referandòm nan, pa etablisman lise yo ak kolèj yo, ki itil popilasyon an ». Li tou pwofite pase pran Nasyon Zini « k ap fè youn jwèt koken nan kesyon referandòm nan. Atravè UNOPS, [ki se youn branch Nasyon Zini], yo plase kòmann pou ekipman referandòm ak 20 milyon dola Leta Ayisyen te bay, tandiske y ap kritike referandòm anmenm tan ».

Youn lòt senatè an fonksyon ki pale byen klè se Patrice Dumont, ki reprezante Depatman Lwès, ki gen Pòtoprens kòm kapital e kapitl peyi a tou. Li di konstitisyon a pa « otorize » Jovnèl Moyiz chanje anyen nan kostitisyon an, ale wè pou l mete l dekote jan l vle fè l la. Li di afè referandòm sa a se « le néant », youn bagay ki pa vo anyen. Si nou rive sou dat 27 jen an e ke gouvènman ilegl la kontinye ak tenten l nann, fòk se younn ou lòt : « Youn mobilizasyon jeneral » osnon « Youn jounen blanch », tout mounn chita lakay yo.

Pati politik, regwoupman pwofesyonèl, adwat agòch, legliz katolik, legliz pwotestan, se tout k ap mande pou bòykote referandòm nan. Mounn yo mobilize toupatou, y ap veye anwo, anba, sou lèkote, pou veye move kou referandòm. Youn bèl egzanp se sa k pase Domon, nan komin Boukan Kare, nan zòn Mibalè. Mèkredi pase, 26 me a, ekip referandòm nan t ap òganize youn miting an sekrè nan youn lotèl nan bouk la, militan debake, yo gate sa. Menm jan bagay yo ap pase prèske toupatou depi premye siyal la te bay nan Jan-Rabèl ak Pòdpe, nan dat 5 ak 6 avril, lè pèp la te fè yo kouri san gad dèyè. Sa k pi bèl la se imilyasyon mounn referndòm yo sot pran, samdi pase, nan Grandans, nan dènye pwent Sidwès peyi a. Pèp la mare youn ekip ki te vin pou fè pwopagann pou referandòm tankou krab al remèt yo nan komisarya Lapolis. Bèl egzanp pou nou suiv toupatou.

Jan sitiyasyon an ye la a, se tout mounn ki konsènen. Se konsa, ansyen Prezidan Jocelerme Privert, ki te anchaj peyi a lè eleksyon ki te ban nou Nèg Bannann nan kòm prezidan, oblije pale. Li di depi l te kite pouvwa a, li te fèmen bouch li sou sa k ap pase nan peyi a, paske fòk nou kite dirijan yo travay jansadwa. Men bagay yo rive nan youn nivo, li pa ka ret bouch be toujou. Jounal Le Nouvelliste pibliye nan vandedi, 28 me a, sa nou ta ka rele « Epit selon Jocelerme Privert ».  

Ansyen prezidan an eksplike ke konsitisyon 1987 la te pote anpil bon bagay pou peyi ki te sot pase prèsske 30 lane anba youn diktati ki te wete tout dwa nou te genyen antan ke mounn. Enben nouvo konstitisyon Prezidan Moyiz la pral pèmèt youn lòt diktati ki ta ka menm vin menm jan ak pa Divalye a, menm vin pèmèt youn lòt prezidan avi. Nan youn atik, nou pa ka vrèman touche tout pwen sitwayen Privert touche yo. Men li di referandòm 27 jen an se « youn  maskarad ». Prezidan Moyiz ak Joseph Jouthe epi mounn Konsèy Elektoral ilegal la, “Konsèy Konsiltatif”, illegal la tou, ki monte maskarad sa a ap responsab devan “la Haute Cour de Justice” pou lafason yo soti pou mete de kote konstitisyon prezidan te prete sèman pou l respekte e fè tout mounn respekte l la. Yo se youn bann trèt ki fèt pou anba kòd!

Mezanmi, se pa nenpòt mounn ki di sa, li siyen, bay tout tit li, kive di lu pale « en connaissance de cause », jan yo di an franse. Se konsa, li bay tout atik konstitisyon an pou pwouve tou sa l di yo, epi li siyen, e m ap bay li an franse jan l parèt la : « Jocelerme Privert, 57e Président de la République, Ancien Sénateur de la République, Ancien ministre de l’Intérieur et des Collectivités territoriales, Ancien Secrétaire d’Etat aux finances, Ancien Directeur général de la Direction générale des impôts (DGI). »

Jan nou wè l la, se pa nenpòt mounn layk dis layk dat, ki di Jovnèl Moyiz ak tout ekip li a soun move pant avèk « maskarad » 27 jen an.

  Alò, n ap tann pou Minis Enteryè a, Gonzague Day, ak Minis Lajistis la, Rockfeller Vincent, antre ann aksyon kont tout mounn sa yo ki pale byen klè kont referandòm tèt chat yo a. Paske, Minis Day di tout « mesures » ap pran kont tout mounn k ap aji kont referandòm nan. Epi Minis Vincent al pi lwen. Nan dat 28 me, li met youn kominike deyò pou l anonse desizyon li pran pou “referandòm 27 jen an [ki] se youn dat enpòtan pou demokrasi ann Ayiti pou pèp la di Wi ou Non pou chanje konstitisyon  ki ls a.  Se dwa nou pou nou fè sa san presyon, avèk lonnètete, an tout sekirite ». Li te bay li an franse, se nou k mete l an kreyòl.

Men n ap bay an franse, jan l montre grif li, sou lafason li pral aji ak mounn k ap bay pwoblèm sou kesyon referandòm nan. Men li: “La police nationale d’Haïti (PNH) et les commissaires du gouvernement sont formellement instruits afin de sécuriser le processus et de sévir avec la dernière rigueur contre tout contrevenant et fauteurs de troubles, quel que soit son appartenance politique et son statut social ».

Jan nou wè l la, Jovnèl Moyiz pase mesye l yo lòd pou yo kraze brize pou referandòm nan ka fèt. Men èske pral gen ase polisye avèk gang pou fè sa konmisè gouvènman, ki fou ase, ta mande yo fè : Krabinen pèp la pou Jovnèl? Antouka, jan nou te di depi nan kòmansman, « il y aura mort d’homme! ». Men pa gen mounn ki konnen kilès ki ka tonbe an premye. M ale!

Ti Renm/Grenn Pwonmennen, 2 jen 2021

Youn ti diplis : Pou mounn ki li angle, m ap mande yo chache jwenn Editoryal Miami Herald, ki parèt samdi, 29 me a, ki mete Prezidan Joseph Biden devan reyalite Ayiti a. Men tit la : « Stop pushing for elections in Haiti, President Biden, They will only make things worse.”

Selon editoryal la, kivedi se pozisyon tout ekip ki anchaj jounal la, li lè, li tan, pou administrasyon Prezidan Biden nan pran sitiyasyon Ayiti a oserye, epi sispann pawòl de eleksyon lane sa. Antouka, pa avèk Moyiz opouvwa. Pawòl twò fò, machwè gonfle.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.