Gouvènman Tèt Kale a bay konferans laprès sou dezyèm vag kowona nan peyi a

1
1685

Ayiti-Kovid19: Otorite lasante nan peyi Dayiti envite popilasyon ayisyèn lan pou l respekte mezi baryè ak règ ijyèn yo epi rete vijilan.

« Mwen pap bay, mwen pap pran », se ak slogan sa a, otorite yo nan leta mande popilasyon an pou l veye kò l fas ak kantite moun ki enfekte e ki menm rive mouri nan dènye jou sa yo ak maladi Kowonaviris la.

Nan sousi pou bay popilasyon ayisyèn lan tout detay sou gwo malè pandye sa ki sou tèt nou tout, Minis Kilti ak Kominikasyon an M. Pradel Henriquez, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an Doktè Greta Roy Clément, Minis Afè Sosyal ak Travay la Madan Ghislaine Mompremier ak Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la M. Pierre Josué Agénor Cadet, yo te pran tan pou raple divès mezi gouvènman an pran pou pwoteje tout popilasyon an tankou eta dijans sanitè an ak lót ankó pou ede nou kanpe djanm devan pandemi sa.

Divès Minis ki te la yo ki te pran la pawòl, youn apre lòt, yo te ensiste sou nesesite pou tout moun pote mask, jan sa di nan dekrè sou eta dijans sanitè an, respekte règ ijyèn yo san nou pa bliye obsève distans sosyal la, ki se pi bon mwayen pou anpeche maladi an kontinye simaye nan mitan popilasyon an.

Entèvansyon Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Marie Greta Roy Clément te santre sou kontèks epidemyolojik ak eta dijans sanitè an, san li pat kache gwo kè kase li genyen sou jan moun ki enfekte ak kowonaviris sa ap vale teren chak jou pi plis nan peyi a. Minis Sante an te mete anpil aksan sou 2 kategori moun ki enfekte e ki dwe atire atansyon tout moun.

Yon kote, Doktè Greta Roy Clément fè konnen pi fò moun ki enfekte ak Kowonaviris yo se jèn épi yon lòt bò, li deklare kantite moun ki mouri pandan dènye jou sa yo se granmoun ki te soufri maladi tansyon, sik ak pwoblèm nan kè.Bò kote pa li, Minis Afè Sosyal ak Travay la anonse yo pran gwo mezi pou rive reyalize gwo travay pou netwaye biwo ONA ki nan Petyonvil ak Kominikasyon Delma a.

Minis Afè Sosyal ak Travay la, Marie Ghislaine Mompremier anonse enstitisyon lap dirije an ap travay nan tèt kole ak FAES, CAS pou pote bon jan asistans bay popilasyon an pou yo kapab rive kenbe fas ak difikilte tout kalite pandan ka kontaminasyon Kovid19 yo pa sispann ogmante.

Malgré ane eskolè a sanse rive nan bout li, sektè sa a se yonn pami lòt ki pi ekspoze a risk anpil kontaminasyon daprè Minis Pierre Josué Agénor Cadet.

Nan sa ki gen pou wè ak Ministè lap dirije a , li te anonse ke divès gwo mezi deja tanmen pran pou rive pwoteje tout elèv ak etidyan ki ap frekante lekòl ak inivèsite yo nan moman sa a. Minis Cadet raple malgre Kovid19 la ap vale teren, yo oblije kontinye ane lekòl la pandan yap swiv yon pwotokòl sanitè pou pwoteje elèv ak pwofesè yo se nan sans sa a, Ministè a te fè soti yon sikilè ki rive jwenn tout Direksyon Depatmantal yo pou swivi ak lekòl yo.

Nan kad konferans sa a ki dewoule nan sal orizon nan lotèl Montana jodi lendi 24 me an, Minis Kilti ak Kominikasyon an Pradel Henriquez fè yon pledwaye bò kote laprès pou akonpaye popilasyon an nan moman sa a. Nan menm sans lan, li pwofite felisite épi remèsye yo pou sipò yo te bay gouvènman an nan premye moman batay kont Kowonaviris la lanse a.

Nap fè tout moun sonje, depi 14 me 2021, otorite MSPP yo te anonse yo dekouvri yon varyant anglè ak yon varyant brezilyen sou tè peyi Dayiti e mande popilasyon an pran anpil prekosyon paske se mèt kó ki veye kó.Daprè dènye enfòmasyon otorite nan leta yo prezante, bilan an bay yon total 292 moun mouri ak 14 037 lòt ki enfekte ak Kovid19.

Pou fini Dekrè sou eta dijans sanitè an pibliye ofisyèlman nan jounal monitè, jou 24 me 2021 an. Nap raple pami divès mezi ki pran pou rive frennen Kowonaviris la nan peyi a, otorite yo dekrete kouvrefe nan tout peyi an chak swa soti 10zè nan aswè rive 5è nan maten.

1 COMMENT

  1. On doit penser au carnaval des fleurs! J’espere que c’est dans votre programme, messieurs dames les Tet Kale! Ne nous decevez pas, bande d’ignorants!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.