2 octobre 2025
Lettre ouverte de l’ancien sénateur Cheramy au peuple Haïtien
Actualités Cas d'assassinat Corruption Élections Société

Lettre ouverte de l’ancien sénateur Cheramy au peuple Haïtien

Mercredi 30 septembre 2020 ((rezonodwes.com))–L’ex-sénateur Antonio Cheramy jouant à l’avant-gardiste, attire l’attention du peuple haitien sur les multiples violations de la Constitution par le président Jovenel Moise.

M. Cherami rappelle que les jours de M. Moise sont comptés et n’a pas plus que 5 mois à passer au pouvoir au plus tard le 7 février 2021.

LÈT TOU LOUVRI, ANSYEN SENATÈ REPIBLIK LA, ANTONIO CHERAMY, POU PÈP AYISYEN AN

Mèkredi, 30 sektanm 2020

Nou pa Mabouya; nou pa ka Modere!

Depi lè mwen te antre nan Sena Repiblik la, mwen te sèmante pou m respekte konstitisyon an ki se manman lwa peyi a, ki se sèl bousòl ki dwe òganize lavi nan tout enstitisyon lakay nou an jeneral ak 3 pouvwa Leta yo an patikilye!

Sa lakoz chak lè m nan yon sitirasyon kote mwen wè youn nan pouvwa yo krache sou manman lwa peyi a, mwen toujou met kanson m nan tay mwen nan estrateji palmantè m pou m fè respekte sa lalwa di. Konsa, nou chire bidjè kriminèl egzekitif sansi an te vle fè pase kòm lwa finans pou te vin toupizi mas defavorize k ap kwoupi nan mizè chak jou pi plis la. Epi, nou te kanpe anfas kabinè malatchong ki te gen minis san dechaj ak minis ki te vyole dwa grandètmajè peyi a nan fè mèsènè kriminèl antre sou tèritwa a pou te vin bay sitwayen k ap revandike yon lòt kalte lavi bal nan tèt!

Pandan tout moman rezistans sa yo, pèp ayisyen an ak tout Sektè konsekan nan lavi nasyonal la ki te toujou pote sipò yo nan batay pou respekte konstitisyon peyi a.

Li enpòtan pou m raple nou, mwen se youn nan ansyen senatè ki te nan gwoup 4 senatè ki te konpoze blòk enstitisyonèl Sektè Demokratik ak Popilè a, konsa tou mwen se Kòdonatè Jeneral  ML ( MATRIS LIBERASYON ) an.

Depi aprè manda m te fini nan palman an kòm senatè repiblik la; mwen angaje m, kòm avangadis, pi plis toujou nan veye tout zak pouvwa Egzekitif la ap poze ki pa bobo ak manman lwa peyi a.

Depi lè rejim PHTK a pran pouvwa a ak konplisite kèk diplomat rasis ki nan entènasyonal kominotè a, rejim nan pa janm rate okazyon pou l manifeste pozisyon pwennfèpa li kont enterè pèp ayisyen an. Aprè tout zak reprezay rejim sa fè tankou: masak nan katye popilè yo ak lavi chè k ap pete fyèl kouch ki pi pòv yo e k ap koukouman nan malsite yo malgre nou wè dola meriken an ap plonje desann san kou lavi a pa janm bese, mete ak ensekirite pwograme a, nou kwè se sèl yon mabouya ki ka gen pozisyon modere nan konjonkti a.

Pwoblèm estriktirèl peyi a ap viv nan dènye tan sa yo, sitou ak koze pandemi ki frape prèske tout pèp sou latè yo, sa fè nou santi nan tout konpatiman kò nou konsekans 4.2 milya dola vèt rejim kòwonpi sa gagote a genyen sou lavi ak avni pèp ayisyen an!
Sa lakoz nou pa ka modere sou konviksyon nou pou pwosè masak yo ak petwokaribe a fèt jan pèp ayisyen an revandike sa.

Kòm avangadis ki se youn nan pèsonalite Sektè Demokratik ak Popilè a, ki se kòdonatè jeneral MATRIS LIBERASYON an, nou prè pou n kolabore ak tout gwoup ak pèsonalite pwogresis ki vle peyi a reprann dwa grandètmajè l kidonk sòti anba grif peyi enperyalis rasis yo; menm jan tou n ap kolabore ak tout aktè ki vle manman lwa peyi a respekte nan egzije demisyon san kondisyon Jovenel MOÏSE nan tèt peyi a, e derasinen rejim sanginè PHTK a aprè plizyè zak vyolasyon konstitisyon peyi a menm anvan manda l fini 7 fevrye 2021 k ap vini la pou peyi a definitivman pran wout pwogrè ak modènite nan Diyite!

Mwen pa Mabouya; sa lakoz mwen paka modere sou revandikasyon pèp ayisyen!

Antonio Cheramy,
ansyen senatè Repiblik Dayiti

https://youtu.be/rGNhY93Oo-c

2 Comments

  • Endijèn 2 octobre 2020

    Mwen se LA SCIERIE (Senmak 4 fevriye 2004)…

    Men pati ki pi Solid nan let tou louvri Don Kato a, “Nou pa Mabouya; nou pa ka Modere!” Tout SALOPRI kap pran Pozisyon kap pale de MODERE, sa pou Don Kato konnen se ZYE DOU y ap fe Blan an, pou yo di l pa Enkyete l yo pwal fe DOMESTIK tou nan fason pa yo. Ann we kote Don Kato pa di tout Verite yo. La a mwen pap pale de yon SALOPRI VERITE tipaskout Rene Preval te kreye. Depi Rapo Fos la pa bo kote Don Kato ak lot Salopri yo, Jovenel Moise pap kite Pouvwa a 7 fevriye 2021. Si 3 novanm 2020, pa pote BONBON ZIZI, Jovenel Moise pwal oblije KRAB ko l nan fe Je Dou nan mitan Salopri yo pou l we si l ka sove Lafas… Li ka byen tonbe nan rale yon zel kat fre Evans Paul oswa Jean Henri Ceant, sa rele AKO’ POLITIK pou Kontinye separe Gato sou do “Analfabet pa bet” ak Tet kanna” yo. Epi eleksyon…

    Don Kato soti nan yon Mouvans Politik ki pa janm respekte Konstitisyon ak sa lot Lwa nan peyi a di sou oganizasyon Leta. Nan sans sa a, tipaskout Rene Preval ki preske pase pou papa adoptif Don Kato li fe peyi anpil mal. Mwen konnen l pa gen twop Memwa, Rene Preval pat janm vle mete kantite jij LA COUR DE CASSATION te bezwen, li pat janm vle kreye yon CE PERMANENT… ak COUR CONSTITUTIONNELLE la. Lavalas pat renmen oganize Eleksyon jan konstitisyon a mande l, PHTK fe menm bagay la tou. E misye Don Kato te yon Benefisye PHTK, li te Asepte san di yon mo le Jovenel Moise te pwolonje manda l. PA GEN ESKIZ SOUPLE! Le sa a, sanble “MATRIS LIBERASYON” potko kreye. VEKELE.

    Ann di se domaj, soti nan Michel Joseph Martelly rive sou Jovenel Moise yo remet menm Espetak sansal lavalas la. Lavalas= KAO, PHTK=KAO. Pa gen yon moun ki ka soti nan vant manman l Britsoukou si yon Konyen pat fet ak si manman l pat Gwos. Il n’existe pas de génération spontanée. Marasa ARISTIDE/PREVAL paka menm ak Duvalier/Manigat. Yo t al Lekol pou sa…

    Nan lane 1994… ak 2006, le sa a pat gen “konplisite kèk diplomat rasis.” Don kato bliye se “Pwoblèm estriktirèl” yo ki patka rezoud pandan plizye manda konpaye l li yo, ki fe nan lane 2010-2011, yon pati nan elektora Lavalas la t al Vote miste Banm Chawony Mwen Martelly angranjan.

    Don Kato papka refe listwa, 4.2 milya dola vèt Kraze/Gagote sou PREVAL, MARTELLY, PRIVERT ak JOVENEL. Rapo karyeris ak lach ki nan CSCCA pa montre se Zagribay PHTK yo selman ki Anrichi tet yo ak Kob Petro Caribe a. Zagribay Lavalas yo fe Kob pa yo tou. Okonte Martelly te jwenn Kes Petro Caribe a tou Louvri. Sa pa dwe etone oken moun si Martelly fe plis Piyay nan KOB Petro Caribe a, li pa tap janm lot jan.

    Opouvwa, Martelly te gen 2 chwa, kontinye nan Rout MOVEZ GOUVENANS Lavalas la oswa fe YOURI LATORTUE, DANIELE SAINT-LOT… ak DANIEL SUPPLICE ede l fe yon lot peyi pou tout Ayisyen. Li te prefere chwazi Rout Mouvans Gouvenans Lavalas la ak KAO. Li pran Latortue… ak Supplice li fe yo tounen karyeris… Jovenel Moise fe menm kakatwe a. « Analfabet pa bet » ak « Tet kanna » yo fe Jou Bare l tou. Mesi Loa Dessalines!

    Temwen istorik

  • Endijèn 2 octobre 2020

    Mwen pa gen tan pou m fe kek Kritik sou kek pawol Jean Monard ak panelis yo. Mwen pa konprann koze kredi sa a, « sosyalizan. » M ap fe yo konnen se pa nan syel pwezidan Ameriken an soti li tonbe sou tet konpatriyot li yo. Yo sonje tou, se pa nan syel marasa Aristide/Preval ak kouzen sikonstans Martelly/Jovenel soti yo tonbe nan teritwa peyi d Ayiti…

    Epi yo pap janm ka Konprann peyi Etazini si yo pa viv ladann… Sou kesyon konsene Etazini pa gen yon Ekspe gen anpil lot Ekspe. E si yon Ekspe pap viv Etazini depi kek lane l ap bezwen bon jan Resiklaj pou konprann peyi sa a.

    Pou listwa, nan deba ki te fet la, chak kandida yo te rete egal a yon menm. Advese pwezidan an pat fe gaf jan yo te panse li te ka fe a. E pwezidan an pat desi baz li, « stand back, stand by. » Kritik ka di sa yo vle, men gen reyalite a… Pawol yo Anpil.

    Temwen istorik

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.