Le journaliste Konpè Filo est mort

4
2232

Vendredi 31 juillet 2020 ((rezonodwes.com))– Anthony Pascal, une des icônes de la presse haitienne, également un des symboles de la résistance contre la dictaure des Duvalier est décédé vendredi, jour anniversaire de la naissance de son célèbre confrère, Jean Léopold Dominique.

Plus connu sous le nom de Konpè Filo, le journaliste se plaignait de problèmes respiratoires et a rendu son dernier souffle avant d’avoir pu recevoir des soins à l’hopital de Mirebalais.

Konpè Filo avait évolué au sein de la radio Haiti Inter de Jean Dominique, aux cotés des fondateurs de Radio Kiskeya (Liliane Pierre Paul, Marvel Dandin, Sony Bastien) et a connu l’exil, avant d’offir ses services à Radio Télé Ginen.

4 COMMENTS

  1. Je suis Eddy LUC, je veux être su coursnt de tout ce qui se passe dans la une de l’actualité en Haïti qu’à l’étranger.

    • Mwen gen plizyè istwa ki konekte ak KONPÈ FILO…

      Mwen pa konn kijan pou m pale de KONPÈ FILO. Nan fin ane 80 yo se frè l JACQUES PASCAL, responsab « Zafè Elèv Lekol » (ZÈL) ki te zanmi m. Lè m te konn al Lakay misye nan Martissant, KONPÈ FILO pat janm la, sa vle di mwen pat janm konnen Konpè Filo. Men te Toujou renmen swiv Repotaj misye nan radyo Ayiti. Mwen te konn bay JACQUES anpil kout men nan domèn Oganizasyon/Mobilizasyon konn CNG. E menm kèk fwa mwen te Kache misye lakay mwen san Papa m ak yon Sè m pat janm konnen. Se konsa mwen pa konn ki dènye refleksyon Jacques te fè sou Avni peyi a, misye te mete te ZÈL nan do l, li fè vwè l pou Canada. Sanble Konba pou Liberasyon peyi pa zafè pal ankò…

      Se nan lane 1991, aprè Kou Deta betizè Raoul Cedras ak Michel François, mwen pwal resi konnen KONPÈ FILO. Misye ak GUY ALEXANDRE te vin abite bò lakay mwen. Se konsa nan yon Bar-Restaurant nan katye a, mwen t ap pale ak pwopriyetè a, nan moman an Konpè Filo t ap manje. Yon Dam te rele m pou mande m pou papa m. Aprè Konpè Filo pat ezite pou l di m, ou siyen Endijèn, menmsi se pa ou, men ou sanble yon zanmi ti frè m Jacques, men se nan foto mwen te konnen w. Frè m te toujou renmen pale lonmen non w kòm bon patriyòt. Mwen te kite misye finn pale, se konsa mwen di l, ou pa twonpe w non, ou sèvi bon Loa, se Endijèn wi.

      Se konsa, Konpè Filo te vin zanmi m. Nan frekante Filo, Guy Alexandre te vin zanmi m tou. Se te 2 nèg ki te SAN FASON. Pi devan, Alexandre te vin nome Anbasadè an Repiblik Dominiken, li te vle pou Filo ak mwen akonpaye l. Filo pat dakò. Mwen te di misye, san m pa fwase w, mwen pa gen menm IDEYOLOJI ak moun Lavalas yo mwen paka pran djob nan men yo. Alexandre te di m se peyi a ou pwal sèvi. Mwen te di misye, papa m, ansyen pwofesè m Shiloski ak zanmi m Jean Anil Louis-Juste, te aprann mwen, yon bon patriyòt pa gen dwa sèvi peyi l an MOVÈZ KONPAYI. Se Salarye mwen pwal tounen si moun yo ki nan tèt Leta a se Sanzazil, Patekwè… ak Rate. Pa gen anyen yo pwal fè pou peyi a. Mwen te di misye tout bagay sa yo devan Konpè Filo.

      Aprè kèk ane kòm anbasadè nan Saint-Domingue, Alexandre te retounen nan peyi a Dekouraje, Boulvèse ak anpil Lapèn. Anpil Desepsyon. Yo toujou fè konnen se Endiyasyon ki touye misye. Yo di menm bagay la tou pou GERARD PIERRE CHARLES. Mwen pap di se bon pou Alexandre ak Pierre Charles. Men papa m ak pwofesè Shiloski gen rezon sou yo. NÈG LESPWI paka bezwen fè peyi ak nèg RABI ki pa gen okèn Ideyoloji Nasyonal.

      Mwen konnen w pa gen Memwa. Nan pat vle fè peyi, tout moun sa yo MOURI menm jan: René Préval (2 Fwa Domestik), Thierry Gardère (RHUM BARBANCOURT), Michaelle Gédéon Amedée (karyeris deta). Se pa pwemye fwa mwen di sa, yo te Mouri pi mal ke Chen Fou nan Gran Ravin yo kreye pa politik sansal yo. Se Aristide/Preval mete ak Akolit yo nan sektè yo rele demokratik la ki fè m pèdi bon grenn konpatriyòt sa yo: Konpè FILO, Samba KESSY… ak Eric CHARLES nan kondisyon konsa, paske yo pat jwenn BON JAN SWEN DIJANS ka yo te merite. Nap wè sa pi devan.
      Mwen pap pale pou Konpè Filo, men misye te Tire Anpil Leson nan l’Homme Haitien. Se la misye te jwenn SAJÈS la. Li te vin wè, se pa DUVALIER yo ak FADH ki te pwoblèm nan. Se konsa misye pwal bay Lavi l yon lòt Direksyon. Tout moun vin moun pa l. Li pat bezwen konnen mak fabrik Sanzazil ou, nan mete peyi a nan « SHITHOLE. » E se nan menm sans sa a, pa gen dout, lè LILIANE PIERRE PAUL te di, « FILO ou pa sonje sa moun sa te Fè n? » Filo te reponn li, « SA PA ENPOTAN » (radyo Kiskeya, 1 out 2020). FILO pat vle kiltive eritaj kolonizasyon an (Mawonaj), nan PRAN POZ li pa byen ak X oswa Y pou Blofe « Analfabèt pa bèt » ak pou l fè Sosyete PAPAS plezi.

      San mwen pa pale de GLADYS LAUTURE… LESLY DELATOUR, gade se twouve CLAUDE ROUMAIN (#2 Mouvement pour la Restauration de la Démocratie en Haiti-MIDH et #1 Génération 2004) ki ta pwal siyen Lèt pou mete JEAN CHARLES MOISE deyò tankou kochon nan Fanmi Lavalas. Mwen pa gen pwoblèm Pasha Vorbe te siyen lèt la tou. Titidis/prevalis Jean Charles Moise te toujou konnen Vorbe yo t ap fè Kòb ak Lavalas nan fè « wout » pou 2 grenn Lapli kraze. Nan dat 17 novanm 2019, nan mikwo Marvel Dandin nan trè mal defann patwon l Rene Preval, nome Frantz VERELLA te fè konprann yon lè li te fè Vorbe yo refè yon wout. Mwen te voye yon plòt krache. Men se pat plòt krache Manno Charlemagne la. Vodouyizan Filo pa bezwen salye l pou mwen, pou tèt li pat rete Konsekan tout lavi l. Men li mèt di Preval nan Mèd nan non m. Nan 34 lane ki pase yo, se nèg rabi Preval ki papa Sistèm Rasis ak Antinasyonal la. Pirat ki nan « Groupe de Bourdon » pa fouti demanti m.

      Sa fè m Mal Anpil pou m Koute nan mikwo Liliane Pierre Paul se konsa FILO trepase san okèn asistans nan Anbilans lan. Se yon Kadav ki te rive lopital Mibalè.

      Mwen koute ankò nan mikwo Pierre Paul, « Sistèm sa a pou Afwonte l se pa ti bagay piti non… » Menmsi m pa mache nan logik konsa. Men sa fè m plis wè, se pa LAVODRI k ap Bat Chalbari dèyè JOVENEL MOISE ki ka chanje l. FILO, kèk Bon Patriyòt ki konn istwa yo tout, ap Kontinye Debafre yo pou jèn yo ki sou Rezo Sosyal yo ki pa twò konnen yo. Sou wout ou salye papa Dessalines, Chèf Soulouque, Maximilien Augustin, Salomon, papa Doc ak Manigat. Epi pa bliye di yo, KOKORAT/JWISÈ/DOMESTIK Lavalas ak PHTK pa kreye menm yon grenn lopital ki te ka vin yon Referans nan rejyon Karayib la, se Anrichi yo te Anrichi tèt yo (rapò nome Paul Denis sou fason JB Aristide te kraze Kòb Leta nan tout kalite konbinezon ak rapò CSCCA sou jan Preval, Martelly, Privert ak Jovenel kraze KOB PETRO CARIBE), di yo menm Lopital Jeneral ki te korèk sou DUVALIER yo preske pa egziste. Pandan 3 fwa, Lopital Jeneral te sove Lavi m avan KOKORAT Fo demokrat yo te rive sou pouvwa. Se nan lopital jeneral mwen ta pwal rankontre Bon Samaritin doktè RONALD GEORGES ak JEAN MARIE FRITZ HENRI (repoze nan lapè vye frè). Yo te kontan banm bon swen. E yo te vin bon zanmi m tou.

      Nan dat 1 Out, nan rann Omaj a Konpè Filo, Liliane Pierre Paul AFIME, « Mwen menm mwen ka di w sa, Filo te moun tout moun. Mwen menm mwen pa moun tout moun. » Li gen dwa di sa. Liliane Pierre Paul te rakonte tout peripesi li te pase lè yo te arete l ak Konpè Filo, 28 novanm 1980. Lè yon nome TIJE ta pwale ak yo nan direksyon Enkoni, yo ta pwal rankontre sou wout yo, ofisye PAUL CASIMIR li te fè libere yo. Nou wè, peyi a t ap Feraye sou rejim diktatoryal, men te gen bon Samaritin.

      Sou rèy moun yo te rele demokrat, yo SASINEN Jean Leopold Dominique, Brignol Lindor, Mireille Durocher Bertin, Fede D. Clerphond (Avoka ak Nomalyen, ansyen profesè Sciences Sociales mwen), polisyè Marie Christine Jeune (devan kamera jounalis li te deklare malandrin pwezidan ak Dilè Dwòg, li pap fè lapè ak kriminèl)…, Amiot « Cubain » Metayer, Jacques Florival ak Antoine Leroy. Tout konpatriyòt sa yo pat jwenn yon bon samaritin nan mitan Fo demokrat lavalas yo pou te sove yo anba eskadron lanmò.
      Sou diktatè Jean Claude Duvalier, pastè Antoine Leroy te nan Pwizon, misye te pran anpil Baton. Lè sa a, se doktè ROGER LAFONTANT (papa bon Coeur) ki te minis enteryè. Gen kèk zanmi doktè Lafontant ki te mande yon men leve pou pastè Leroy, kèk semèn aprè, misye te fè libere l. Avan yo te sasinen Leroy sou rèy Fo demokrat Lavalas yo, misye te rann Omaj a doktè Roger Lafontant. Sou marasa Aristide/preval, jounalis Dominique, pastè Leroy, avoka Mireille Bertin pat jwenn yon moun mande padon pou yo.

      Jèn gason, jèn fanm kap li PAWOL sa yo, mete nan tèt nou, pa gen okèn moun ki te nan tete lang ak Lavalas, ki te jwenn djòb nan men Sansal Lavalas kap di nou bagay sa yo. Y ap tante pito pou yo di nan radyo ak ekri listwa yo tankou Sansal/Kriminel pase yo te fè papa Dessalines. Nou pa wè, jiska pwezan gen SANSAL kap ekri sou Dessalines… ak papa Doc. Atansyon li pa ta yon pwoblèm non, depi yo respekte Fè Istorik yo ak kontèks epòk la.

      Sa ki fè tout Patriyòt tankou m mal, sèke menm moun sa yo pa fouti Pran Responsablite yo pou di nan radyo ak ekri se Malpwòpte Fo Demokrat Lavalas yo ki mennen peyi a nan kafou sa a, nan bezwen imite papa Doc an Sansal. Entèlektyel San Karaktè, San Diyite yo pè pou yo pa al jwenn Oriel Jean… ak Venel Joseph. Pou repete Dominique, asasen yo toujou nan vil la.

      Mwen menm depi se moun ki te menm okipe yon Pòs ki enpòtan nan Leta ki kont NASYON an, sòti 1986 rive jodi a, yo tout se VLEN. Mwen paka zanmi VLEN. Se pou tèt sa, si m pa nan Jovenel Moise pou tèt li se VLEN. Mwen paka nan VLEN ki kale l. Mwen pa nan Vlen resikle. Bon Chen bon ras pa janm nan manje Vlen. Fòk nou konnen, Vlen ki resikle Toujou rete Vlen. Filo, bon janbe.

      Temwen istorik

  2. Mes sympathies à tous led membres de la presse Haitienne, parents et alliés affectés par cette perte si tragique…

    Que la terre soit légère pour « konpè filo »

  3. Problemes respiratoires, mais surement pas Covid 19. En Haiti le Covid 19 n’existe pas. Les haitiens sont immunes au Covid!9 tout le Sida. Au fait c’est le seul peuple sur la terre a pas avoir de cas de Sida . Tout a coup, tout le monde meurt de problemes respiratores…depuis Fevrier 2020. Enfin. Je suppose que l’ignorance a ses avantages, sinon….

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.