James Romain : Ki sa k eksplike konfli ant Jovenel Moise ak Dimitri Vorbe

2
2831

POU NOU RIDE KONPRANN KONFLI JOVENEL MOÏSE/DIMITRI VORBE LA.

Dimanche 10 novembre 2019 ((rezonodwes.com))– Anvan nou rale mennen vini kesyon sa a li ta byen bon pou n wè akò SOGENER a nan dinamik fondalnatal Nasyon an. Tankou nou ta ka di : ki modèl ekonomik Ayiti chwazi? Eske yon akò piblik/prive pa koresponn ak modèl ekonomik peyi a?

Gen anpil save ki te tanmen yon latriye refleksyon sou ki tip ekonomi peyi a ye? Gen yon seri moun tankou J. Roumain, M. Hector ak G. Pierre Charles ki kalifye Ayiti peyi feyodal, peyi kapitalis ak peyi semi feyodal ak semi kapitalis. Tout deba sa yo se te nan mitan 20tyèm syèk la yo te fèt pou te ride wè ki makfabrik kriz estriktirèl peyi a pote. Nou menm ki di nap reflechi sou reyalite politik peyi a, nou rive wè depi modèl R. Reagan ak M. Thatcher yo nan lanne 1970 ak 1980 yo, peyi a tounen yon veritab peyi kapitalis, se vre ak tout konsekans neyoliberal li; kidonk eksklizyon l.

Alòs, depi nan tranzisyon demokratik ak pouvwa  Namphy yo aprè vag mouvman popilè lanne 1986 gen yon  seri pratik neyoliberal enstitisyon Bretton Woods yo enpoze peyi a pou yo fè manch demokrasi/depandans ekonomik la. Sepandan, malgre nou rekonèt feblès dirijan nou yo pou yo te abòde kesyon ekonomik majè yo, yo te kanmenm jwenn yon fòmil pou te pèmèt peyi a reziste.

Nan sans sa a, gen yon seri akò ekonomik peyi a te rive jwenn ak kèk sektè prive Nasyonal ak entènasyonal. Si nou pran egzanp VIETEL/TELECO; SOGENER, E-POWER, HAYTRACK/EDH, akò sa yo nan yon dinamik kapitalis e si nou gade peyi a tankou yon peyi « peripherie » kapitalis nou ta ka di poko gen twòp pwoblèm si prensip yo respekte. Sa nou dwe chache konprann nan kesyon sa a, Leta Ayisyen nan entelijans li antre nan PPP a sètadi patenarya piblik/prive, kidonk Leta kenbe yon pati nan men sektè piblik la. Sa ta vle di nan nenpòt moman ta rive gen yon rejim pwogresis li ta ka pi fasil pou reprann zafè l epi etatize l oswa Nasyonalize l. Se sèl yon rejim pwogresis popilè ki ka fè sa. Se pa ti tchoul k ap chache fè ni represyon sou advèsè politik li ni awogans nan bay manti.

Nou pa pral antre twòp nan dimansyon teknik kesyon an puiske se pa domèn nou. Men nan sa ki gen awè ak dimansyon politik ak etik aso gouvèlman fè sou konpayi enèji yo trè sispèk, sa a sanble ak yon regleman kont. Poukisa se kounye a mezi sa yo anonse? Kote rezolisyon palman an te pran sou kesyon sa a? Fòk nou pa jwe ak Leta a; paske Leta a pa yon moun! Si n ap antre nan yon dinamik revolisyonè, nou ta byen kontan Leta ranmase tout byen l yo, men kesyon pran l nan men yonn ki gen yon kontra legal pou bay yon lòt pou egzajere l la nan enterè kan politik pèsonèl ou, se katastwòf! Kouman pou yon sitwayen onèt ta kite pou yon endividi ap regle kesyon konfli pèsonèl li ak yon patikilye sou do enstitisyon nou yo. Sa a se nivo ki pi degradan peyi a ta ka desann aprè peryòd dikatiti Divalye yo. Nou dwe di non ak amatè, revanchè nan tèt Leta a.

Nou te pran san n tande tout aktè yo ki t ap entèvni sou dosye SOGENER / EDH la, patikilyèman 2 konsènen yo: Jovenel ak Dimitri. Jovenel nan yon kontèks kriz, san konsilte okenn sektè kle nan peyi a chwazi di tèt li nan enstrimantalize aparèy Leta a, l ap fè refòm. Nou wè sa gen yon gwo pwoblèm etik. Yon prezidan, yonn nan enstitisyon kle nan peyi a (Lakoudèkont), akize l nan yonn nan pi gwo eskandal koripsyon nan tout listwa peyi a, chwazi di l ap fè refòm. Ak ki kredibilite epi ki  legalite lè nou konnen depi 8 mwa rejim  sa a enkapab mete yon gouvènman sou pye. Eske tou yon senp rezolisyon nan yon konsèy minis defakto ka rive kase yon akò Leta angaje ak kèk antite?

Tout avi ekspè yo pa montre Jovenel Moïse ka angaje pèp ayisyen an kit sou plan etik ak administratif. Pou nou gade bagay la nan pwofondè li, se ki wout misye vle pran ak peyi a? Ki konsekans sa genyen lè yon sèl kou misye vle rezime sistèm ki nan tèt li a ak 2 moun: Reginald Boulos ak Dimitri Vorbe?

Pèp ayisyen an dwe konprann nan kouri fè demagoji, Jovenel Moïse vle lage peyi a nan yon gwo tèt chaje sosyal ak ekonomik. Poukisa?

Si nou konprann byen dènye diskou  ak ajisman Jovenel Moïse yo sou peyi a, n ap wè aklè dega misye yo. Jovenel plede di Leta pa gen ren pou sipòte kesyon gaz la. Li menm ak kèk pwòch li mache di nan tout medya yo Leta pa gen ren pou sipòte sibvansyon gaz la nan ponp yo Se yon seri diskou ki chita sou separe gato a nan divèsyon. Misye mennen yon estrateji kominikasyon ki chita sou pwopagann ak manipilasyon  pou fè pèp la vale l san okenn rezistans ,deresponsabilizasyon Leta a fas ak detrès popilasyon an. Finalman li rive bay mafya yo gaz la. Kounye a nan yon ti tan toukout li rive fè tout pwòch li yo miltipliye ponp gaz yo epi ranfòse yo ekonomikman nan fè koutay sou do pèp la. Chak moun gen ponp yo epi fè sa yo vle pandanstan sa a pèp la ap peye machin ak pri varye nan peyi a.

Desizyon rasis sa a montre jan Jovenel kont byennèt pèp ayisyen an. Dayè, depi nan kòmansman rejim nan , si se pat vijilans ak konviksyon senatè Kato, Jovenel tap fè yon sèl bouche ak yon bidjè kriminèl ki te vize kase ponyèt moun ki pi pòv yo. Antouka, konsekans diskou Leta defisitè sa a li pratikman bay yon kriz san parèy nan kesyon rate gaz nan peyi a. Sa ki pi mal la, nou wè se zanmi politik li ak fanmi l ki estoke gaz yo pou fè machenwa  a. Se 3000 goud nan kèk zòn, se 500 a 750 goud anba kèk ponp depi kriz sila a.
Bagay sa a riske antre nan kesyon kouran an tou lè n ap obsève konfli Jovenel/Dimitri a, men pouvwa a vle bay koulè EDH/SOGENER.

Si nou pran menm kad analiz sou zafè gaz la n ap rive wè se menm modèl diskou yo Jovenel tanmen konstwi. Misye ap mache di Leta defisitè, Leta pa gen ren. Misye menm monte batri jounalis li ak pòtpawòl li sou kesyon sa a. Se kòmkwa Jovenel tèlman renmen pèp la, l ap defann li. Nou konnenn byen se pa vre. An menm tan nou rekonèt swivan sa Dimitri te avanse nan mikwo laprès; Leta gen dwa, swa renegosye kontra l osnon rezilye kontra a san nou pa bliye rezolisyon palman an.

Tandiske, obsesyon Jovenel li menm, se pran kontra kouran/enèji a sou do pèp ayisyen an pou ta fè pwòch li yo fè menm sa l sot fè ak zafè gaz la. Pou jovenel tout bon ta defann Leta , fòk li ta nan yon dinamik pouvwa pwogresis. Nou pa menm bezwen panse sa.

N ap raple Sendika EDH yo depi kèk tan, patikilyèman sou gouvèlman Martelly/Lamothe la, ap denonse yon plan Leta genyen pou vann EDH totalman ak yon seri aktè prive. Nan sans sa a nou konnen rejim sa a pa vle wè lajan. E nan konjonkti sa, nan kriz sa a, kote nèg yo fè kado pi gwo sous richès peyi a ki se ladwàn ki pèmèt enstitisyon piblik yo rejenere tèt yo sitou nan peye fonksyonè l yo, poutèt se zanmi l yo ki kontwole sektè sa a; jovenel oblije al gade ki sa « advèsè » l yo genyen kòm privilèj pou l fè revanj. Nou panse sa a se desann Leta a nan yon kesyon otokrasi malsen.

Finalman, atak kont Dimitri a se yon mannigans pou pran kouran an separe l moso pa moso ak zanmi l yo. Nou pwobab  pou n tonbe sou yon machandizasyon ekstrèm nan sektè sa. Nou ka vin rann nou nan yon sitirasyon kote chak katye se yon bawon PHTK ki vin gwo machann kouran pou sa ki kapab peye. Se yon kokennchenn katastwòf sosyoekonomik si sa rive fèt lè nou konnen nivo revni pèp ayisyen an.  Nou konprann tou se yon veritab diskriminasyon tou lè moun ap di pèp ayisyen an pa gen kilti peye kouran. Se pito yon pwoblèm ki pi pwofon pase sa.

Youn nan pwen ki fondamantal pou pèp ayisyen an rive konprann ak mezire nan konfli Jovenel/Dimitri a; konfli sa enskri nan kad yon tantativ divèsyon/pwopagann rejim PHTK a popilasyon jete byen lwen deja. Sa vin pèmèt Jovenel ap tante bare yon seri kesyon chòk sosyete a soulve kont li ak tout rejim li an tankou: dosye petwokaribe, Agritrans, masak Lasalin , masak Kafoufèy, dosye dèmalòg, dosye SOFIDAI…. Se yon veritab machin manipilasyon ki tante monte pou detounen atansyon opinyon an, erezman vijilans sosyete a pa kite sa pase.

 Boutofen, lojik patenarya piblik/prive a se yon dosye sosyete a dwe gade ak anpil enterè puiske nenpòt lè yon rejim pwogresis pran direksyon Leta a; Leta dwe regade avèk anpil presizyon epi pridans relasyon l ap deplòtonnen ak kèlkilanswa patikilye nan enterè mas pèp ayisyen an. Li klè jodi a revandikasyon  chanje sistèm pèp ayisyen an se pote yon Leta ekilib pou rewè lavi mas yo kont enjistis sosyal la, koripsyon elatriye ki dwe pase san kondisyon nan demisyon Jovenel Moïse pou debarase peyi a ak tout rejim PHTK a.

James ROMAIN
Jenerasyon Ogou FERAY
#KOREKSYON

2 COMMENTS

  1. PA GEN KONFLI VRE NAN MITAN DEUX VOLO SA YO. SE YON STRATÉGIE POU KRAZE MOUVMAN VOYE JOVENEL ALE!
    SE YON WONT POU MESYE SA YO KI FIN RICH SOU DO HAÏTI E REFUZE BAY PEP LA YON TI CHANS MENM POU L MANGE ALE LEKOL E VIV NAN YON PAYS SAN GANG SAN VIOLANS!

  2. Romain mwen li tèks ou a paske ou ekri li nan langaj nèg gwo zòtey, kidonk se pou mwen ou ekri li e mwen konprann li byen, men, m’ tap konprann li pi byen toujou si ou te montre enpasyalite w’ la dan l’ antanke nèg zantray. Paske jan frape a ou montre nou klèman se enterè boujwa retrogradis, enpòtatè, antinasyonal yo ou ap defann.Sa lakoz m’ mal pou kwè ke tout sa ou avanse de Prezidan Jovenel yo se verite. Men antouka mèsi kanmenm paske ou voye nou al reflechi..

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.