Roudy Stanley Penn : Batay politik la pa politik !

2
1979

Jeudi 19 septembre 2019 ((rezonodwes.com))– Pouki tout kache men voye wòch sa yo mezanmi ? Batay politik la pa politik. Batay la ekonomik. Anpil aktè politik ki viktim deja de sistèm sa a, fè chwa – pou koupe depandans lan, mennen batay politik la pou yo ka asire aryè yo ekonomikman, paske yo rann yo kont, yo mèt plede fè politik, pale nan radyo, ekri bèl liv – anfendkont, se nan salon nèg ki gen kòb yo y-al resevwa lòd.

Anpil, depi nan fen lane 90 yo, deside fè politik pou pataje gato ekonomik lan.

Yon bann nan jenerasyon moun sa yo – gen gwo dan kont Rene Preval. Se pou sa menm kant yo tal nan antèman l – men se pa yo ki tap kriye pou mò a. Yo kategorize Préval kòm tiboujwa kap kamoufle nèg nwè, paske tout avantaj (ekonomik) yo se yon ti ponyen byen patikilye li te bay yo. Pandan rejim Preval la, misye kadnase yon bò nan Leta a bay yon pati nan sektè prive a. Kanta ti nèg nwè ki te bò kote l yo, misye te itilize yo pou voye imaj ke pouvwa l la pa gen fòs kote, pa gen koripsyon. Kondisyon yo pa vrèman chanje, sinon de chanm kay nan yon bon katye yo ka genyen.

Preval te fè chwa l. Lojik pa l : olye l distribiye richès la nan pèmèt nouvo aktè ekonomik rantre sou mache a, li alye l ak yon ti sektè nan boujwazi a. Preval te pran nan konplo kout janm nan. Yon estrateji ti mesye po klè yo ap itilize lontan nan istwa politik peyi a, paske yo konnen tinèg renmen grimèl. Grimèl pa konn lèd – selon sa m konn tande.

Aristid pa kont, malgre tout erè l, te diferan de Preval lè n konsidere l te fasilite kèk moun nan klas mwayèn nan 2, 3 gwo pwojè finansye (UNIBANK pa ekzanp).

Mesyedam kap fè politik yo – sa fè lontan -, anpil nan yo deside fè politik la yon lòt jan. Nèg sektè ekonomik tradisyonèl yo fini pa konprann tijwèt anba anba ti mesyedam politik yo ap jwe a. Yo reyajiste jwèt la. Politisyen antreprenè yo fèb toujou politikman. Ann al eseye konprann koman laboujwazi a fonksyone nan jwèt politik la.

Gen yon pati nan yo, ki te fè move plasman nan eleksyon 2010 yo – sa ki vle di yo “pedi”. Yo antre otomatikman nan opozisyon. Yap finanse mesye dam kap fè manifestasyon tout jounen yo. Mobilizasyon yap finanse yo, se pou garanti gwo kontra yo gen ak Leta. Kapote rejim ki la a kap tante remete an kesyon kontra sa yo – pou mete ekip pa yo ki pral kase fèy kouvri sa.

Lòt sektè nan boujwazi a ki rejwenn opozisyon an, se boujwa ki te fè kanpay ak Jovenel ki fristre paske sa yo jwenn nan pa reponn ak atant yo. Gen lòt boujwa ki gen plis enfliyans pase yo (paske pwobableman yo gen plis mwayen pase yo), ajoute sou antreprenè politisyen ki deja pi byen kote nan rejim nan.

Batay opozisyon-ekonomik lan vin gen ladan l, opozan ekonomik tradisyonèl yo ak nouvo opozan ekonomik yo – yon nouvèl arivaj kap bouste destabilizasyon an apati mwayen l sot ranmase li menm nan pouvwa a nan pouvwa l di lap konbat la.

Konnya a ou gen boujwazi ki sou pouvwa l la ki li menm gen enterè pa l lap defann nan pouvwa a, keseswa atravè plasman l (moun li mete) sak pat janm konn fèt sou Duvalier – oubyen gwo kontra ak konsesyon l genyen. Diferans pou n fè pakont, sè ke sektè nan boujwazi a ki li menm sou pouvwa l la, pa inifòm. Pa al konprann son koral kap chante ansanm menm timizik la e ki ta atann li lè l fin chante yap aplodi l. Sa pa nan plan l. Nou ta ka wè l pito kòm yon enstrimantal kap jwe, kote chak aktè yo ap “free style”. Yap di pawòl pa yo sou ritm pa yo. Chak ap defann enterè pa yo, nan menm pouvwa a. Yo sifizaman konfòtab, kontrèman ak boujwazi lopozisyon an, yo pa nan politik aktif. Se boss yo ye. Se jwè yap plase. Se kòb yap bwase.

Nan moman teks sa ap ekri a, gen pa ekzanp yon gwo batay pou Premye minis. Dosye koripsyon. Dosye kabrit. Dosye sifaktirasyon, tripfaktirasyon. Mal sele kap foule. Se pa bon malad la yo mennen Kay doktè. Vrè dosye ki pou ta choke n, jiska rete kè n yo – pap janm deyò.

Pèmèt mwen di nou sa : batay pou Premye minis lan pa politik. Zafè kabrit tomazo/Tekzas la, se pou fè pèp la dodo. Paske sa kap pase la a se yon batay pou ki klan nan boujwazi kap sipòte pouvwa a, kap mete Premye minis la. Yon lòt etap nan nivo enfliyans boujwazi a nan politik.

Aktè politik kap pale yo se pyon aktè ekonomik yo ap deplase. Se moun de konfyans. Sa kap pase la, sitiyasyon enstabilite malere pa ka voye pitit yo lekòl, ti biznis ap fèmen, se konsekans movèz fwa aktè ekonomik ki pran peyi a an otaj.

Leta ki ta dwe “net” pou mete lòd nan jwèt la, asèvi, plen fòs kote. Sa lèse n kwè solisyon an pa pou demen e poblèm nou grav anpil.

Nan faz nou ye la a, sosyete amerikèn nan te ladan l tou nan yon peryòd. Yon seri gwo palto te pran ekonomi an yo plwaye l met nan poch yo. Yon seri nèg tankou Rockefeller, J. P. Morgan, Carnegie, fòtin 3 nèg sa yo te ekivo a 1000 milya dola, swat fòtin 40 moun ki gen plis kòb nan mond lan nan moman nap pale la a.

Jan nèg sa yo tap bay poblem e domine tout aparèy Leta meriken an, ta pral komanse revòlte kèk sitwayen. Sa eksplike pa ekzanp, kandidati a la prezidans yon nèg tankou William Jennings Bryan pou Pati demokrat la anfas yon kandida mesye sektè prive yo ki li menm se William Mc Kinley. Bryan fè tout kanpay li a anfas mesye monopòl yo, denonse mòd pratike mesye sa yo ap devlope nan ”soayete” a. Men kanpay elektoral nan peryòd la te gentan enfliyanse anpil pa lajan. Malgre popilarite misye li te pèdi anfas Mc Kinley ki te gen sipò gwo zotobre yo.

Triyo Rockefeller, Morgan, Carnegi a te met gwo lajan nan kanpay Kinley a. Chak nèg yo te fè yon don 200.000 dola a Mc Kinley (ekivalan 200.000.000 dola jodi a). Bryan pèdi, men nèg yo pat genyen. Rezon : te gen yon pasaje klandesten nan vwayaj la – vis prezidan Mc Kinley a, Theodore Roosevelt, ki li menm tou te kont “monopòl” la. Lè William Mc Kinley mouri Theodore Roosevelt monte kòm prezidan e misye fè yon gwo pase men nan sistèm nan. Se pase men sa ki ba w modèl sosyete amerikèn ou gen la.

Modèl Ayiti nou gen la a sanse pi mal ke sosyete amerikèn nan peryòd triyo (Rockefeller, Morgan, Carnegie) a. Se yon veritab jeng san okenn santiman apatenans, atachman ak peyi a. Men kote bagay la pi di a, se lè pèsonn pa ka pale. Se lè moun ki pou ta di verite yo pa ka di l. Yap kamoufle – yap pase plim pou l nan zorèy pèp la fè l kwè demen ka miyò.

Kote bagay la vin pi di a, se lè anpil moun ki ta ka sèvi altènativ pou pote limyè pou “popilasyon” an sou pewòl boujwazi monopòl la. Kote bagay la vin pi di a, se lè medya yo oblije bay tèt yo baboukèt pou yo pa pèdi espòt nan men menm boujwazi sa a nap pale la a. Bagay la di, li di, li santi di.

Poblèm nan pa ant Martelly ak Moise Jean Charles oubyen André Michel, Nenel Cassy, Don Kato, Beauplan ak Jovenel. Poblèm nan pa la e yo pa gen ase kouray pou di men kisa vrè batay la ye. Son “jwèt” echèk kap jwe, pyon yo se politisyen yo, “men” kap deplase pyon yo, se boujwa pa bò isit. Bagay la pi santi di toujou lè menm moun ki patwon pouvwa a, li patwon opozisyon an tou.

Roudy Stanley Penn
Konsiltan politik

L’image contient peut-être : 4 personnes, personnes debout et costume

2 COMMENTS

  1. Men yon bagay ke oter atik la di ki atire attention’m
    « Preval te pran nan konplo kout janm nan. Yon estrateji ti mesye po klè yo ap itilize lontan nan istwa politik peyi a, paske yo konnen tinèg renmen grimèl. Grimèl pa konn lèd – selon sa m konn tande ».

    Sa a se yon veye komante machosist raciste e antifanm!! Ki pa chita sou anyen!! Nou ta souwete ke fanm yo defend tet yo e mande Roudy Stanley Penn pou prezante exkiz li.

    Se pa tout Grimel ki raze ak ti-neg pou pouvwa politik e ekonomik. Anpil ladan yo al lekol e intellijan, yon ladan yo se alma mater ‘m.

  2. Ou Korek nan anpil pwen nan analiz la ! Rale sou nome Preval la bon Anpil !!! Kout plim sou Aristide pa tonbe daplon. Sa ta twò fasil, “Aristid pa kont, malgre tout erè l te diferan de Preval…” 2 marasa yo kreye KAO nan peyi a nan Bezwen imite Papa DOC an grenn chen nan epok “demokrasi.” Echek Aristide/Preval ak Alye l yo nan sekte yo rele demokratik la Mennen peyi a nan Banm Chawony Martelly ak neg Bannann popot Jovenel.

    Se yon Move LEKTI, “Kapote rejim ki la a kap tante remete an kesyon kontra sa yo – pou mete ekip pa yo ki pral kase fèy kouvri sa.” Dapre Youri LATORTUE (nan mikro yon jounalis radyo Kiskeya), depi 11 oktob 2017, Jovenel Moise gen yon Rezolisyon Sena a nan Men l poul Renegosye Kontra Blackout la, sa tap fe l mete 75 milyon dola meriken chak ane kes Leta. Kisa misye fe ak Rezolisyon an, jiska pwezan Anyen, sanble li Okabine sou li. Wa di m.

    Mwen salye Memwa tout Konpatriyot mwen yo ki te mouri nan Goudougoudou 12 janvye 2010 la. Se Mil Fwa Vre, se Leta santi di ki lakoz! Yo di nan yon mal konn gen byen tou, Goudougoudou a Sove peyi a tou, Anpi Preval ki tap boujonnen an, Bwe Lwil. Rive Martelly ak Jovenel la vin bon net, Sistem Apated la pran Gwo Soukous. Sou kesyon Medya a, bagay dwol net, genyen ki angaje tet bese nan Batay kont Jovenel la, epi konpayi Blackout anba Bwa yo. Si w kwe m manti mande Izolan ak kek lot avan l. Finalman nan jan w pale la a, ki kote n pwal jwenn Moun Tout Bon Yo pou n komanse ak ane I Nouvel Repiblik la, pou n soti nan “Shithole” la. Mwen pa divinò.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.