Tapi wouj pou Akademisyen Christophe Philippe CHARLES nan 31èm edisyon Livres en folie
Se ak anpil chalè nou aprann, Ekriven, Editè, Pwofesè Akademisyen Christophe Philippe CHARLES se Envite donè 31èm edisyon Livres en folie ane 2025 lan. San di petèt, Christophe Philippe CHARLES, ki renmen yo rele l Cheche oubyen Christophélès tou, se yonn nan kreyatè ki pi pwolifik Ayiti konnen. Otè a deja depase yon santèn piblikasyon,
