SUNRISE AIRWAYS LANSE YON KONEKSYON ISTORIK ANT OKAP AK BOSTON
Okap, Ayiti, 18 mas 2026 — Sunrise Airways lanse nouvo vòl dirèk li ant Okap (CAP) ak Boston (BOS), konsa li vin premye konpayi avyon ki etabli yon koneksyon dirèk ant Okap ak Etazini. Vòl inogirasyon sa a make yon gwo etap pou sektè avyasyon ayisyen an ansanm ak pou kominote ayisyèn ki etabli nan nòdwès Etazini.
Lansman liy sa a reprezante yon avanse enpòtan nan estrateji Sunrise Airways pou ranfòse konektivite ant Ayiti ak kominote dyaspora li yo nan Amerik di Nò, pandan l ap soutni devlopman ekonomik Okapak, pi lajman, rejyon nò peyi a.
«Vòl inogirasyon sa a se plis pase yon nouvo wout — se yon pon. Yon pon ant Okap ak dyaspora ki kenbe Ayiti vivan byen lwen lakay li. Sunrise Airways fyè pou li se konpayi ki ap bati koneksyon sa a.» — Gary Stone, Direktè Jeneral (CEO), Sunrise Airways –
Liy Okap – Boston an sèvi youn nan pi gwo kominote ayisyèn Ozetazini. Gran Boston ansanm ak tout koridò nòdwès la rasanble plizyè santèn milye Ayisyen ak Ayisyano-Ameriken, epi li bay yo aksè dirèk ak Okap, yon akse ki te rete limite depi lontan.
Avèk lansman CAP–BOS la, Sunrise Airways elimine nesesite pou fè eskal Pòtoprens oswa lòt sant koneksyon, epi li ofri vwayajè dyaspora yo yon vòl dirèk, pratik ak aksesib pou ale nan nò Ayiti.


