6 mars 2026
Okap : konfli ant Valentine Prédestin ak Camitha Dorastin, ant verite, rimè ak pwosedi jidisyè
Actualités Kreyòl Société

Okap : konfli ant Valentine Prédestin ak Camitha Dorastin, ant verite, rimè ak pwosedi jidisyè

Reynoldson Mompoint

Okap, 06 mas 2026

Nan dènye jou sa yo, yon piblikasyon ki fèt sou rezo sosyal yo pa Ti Carry Mèt Vocal ap sikile anpil nan vil Okap. Piblikasyon sa a prezante yon seri akizasyon sou yon dosye ki ta opoze de fanm ki te trè pwòch : Valentine Prédestin ak Camitha Dorastin.

Men, selon enfòmasyon ki disponib yo, gen plizyè eleman nan narasyon sa a ki merite korije pou mete bagay yo nan kontèks yo epi respekte verite pwosedi jidisyè yo.

De zanmi ki vin gen dezakò

Daprè sa ki rapòte, Valentine Prédestin ak Camitha Dorastin te konn viv tankou de sè. Yo te zanmi pwòch, konn frekante menm espas sosyal yo nan vil Okap. Sepandan, relasyon sa a te vin deteryore apre yon ensidan ki ta rive 23 fevriye 2025, nan yon espas amizman ki sitiye sou boulva Okap la, yon ba ki rele Gwòg. Nan swaye sa a, daprè temwayaj ki parèt nan dosye a, de medam yo te antre nan yon diskisyon.

Pandan diskisyon sa a, Camitha Dorastin fè konnen Valentine Prédestin ta krache nan vizaj li. Aksyon sa a, menm si li pa yon zak vyolans grav nan sans penal la, kapab konsidere kòm yon ofans ki ta ka mennen yon plent devan tribinal konpetan.

Demach jidisyè a

Apre ensidan an, Camitha Dorastin, ak asistans avoka li, Me Samuel Lamour, ta deside chèche entèvansyon otorite jidisyè yo pou jwenn jistis.

Se konsa yo ta adrese yo ak Komisè Gouvènman Jacky Jean nan jiridiksyon Okap la pou mande arestasyon Valentine Prédestin.

Sepandan, daprè prensip pwosedi penal ayisyen an, Komisè Gouvènman pa toujou ka bay manda arestasyon nan nenpòt sikonstans. Nan ka kote pa gen flagrans deli, epi zak la pa konsidere kòm yon krim grav, dosye a kapab tonbe nan konpetans Tribinal de Pè.

Se egzakteman sou baz rezon sa yo KG Jacky Jean ta fè konnen li pa kapab desène manda arestasyon kont Valentine Prédestin, paske: pa t gen flagrans deli dosye a antre plis nan konpetans Tribinal de Pè.

Yon konvokasyon olye de arestasyon

Malgre refi sa a, selon enfòmasyon ki disponib yo, ensistans ta kontinye bò kote avoka pati ki plenyen an. Finalman KG Jacky Jean ta pran desizyon konvoke Valentine Prédestin pou li te kapab tande tou de pati yo epi chèche yon solisyon ki respekte lalwa.

Nan rankont sa a, daprè sous ki te prezan yo, KG Jacky Jean te tande tou de medam yo epi li te blame yo, sa vle di li te raple yo responsablite yo epi mande yo pou yo respekte limit yo youn ak lòt pou evite plis konfli.

Tantativ arestasyon ki pa t pase

Men dosye a pa t fini la. Daprè temwayaj ki sikile yo, apre rankont la te fini epi Valentine Prédestin t ap kite lokal la, Me Samuel Lamour ta bay yon polisye yon manda pou arete li.

Sepandan, sitiyasyon an ta pran yon lòt direksyon lè kestyon an rive devan KG Jacky Jean ankò.

Valentine Prédestin, ki te okouran ke KG Jacky Jean te deja pran pozisyon sou dosye a, ta mande pou yo mennen li dirèkteman devan komisè a. Lè dosye a rive ankò devan KG Jacky Jean, daprè enfòmasyon yo, li ta refize kite arestasyon an fèt, paske li te deja pran yon desizyon sou dosye a epi li te konsidere kestyon an kòm yon litij ki pa mande arestasyon.

Ant rezo sosyal ak reyalite

Ka sa a mete yon lòt fwa ankò an limyè yon pwoblèm ki vin de pli zan pli souvan nan sosyete a : piblikasyon sou rezo sosyal ki konn bay enfòmasyon san tout presizyon nesesè yo.

Nan piblikasyon Ti Carry Mèt Vocal la, narasyon an prezante sitiyasyon an tankou si te gen yon konplo oswa yon kestyon viktim ak agresseur klè. Men, lè yo gade dosye a pi prè, reyalite a parèt pi konplèks. Gen: yon konfli pèsonèl yon diskisyon sosyal ki dejenere, yon demach jidisyè ki suiv pwosedi legal yo. Sa montre enpòtans pou medya, jounalis ak itilizatè rezo sosyal yo verifye enfòmasyon yo avan yo prezante yo bay piblik la.

Enpòtans respè pwosedi legal yo

Nan nenpòt sosyete ki vle fonksyone ak lalwa, gen prensip ki dwe respekte: presompsyon inosans, konpetans tribinal yo, limit otorite jidisyè yo.

Nan dosye sa a, daprè enfòmasyon ki disponib yo, KG Jacky Jean te chwazi aplike prensip pwosedi yo olye li pran yon mezi prese ki pa t nesesè.

Sa montre tou kijan pafwa presyon sosyal oswa presyon sou rezo sosyal kapab eseye enfliyanse fonksyònman lajistis.

Yon dosye ki montre frajilite relasyon imen

Anplis kestyon legal la, dosye sa a raple yon verite senp: pi gwo konfli yo konn fèt ant moun ki te pi pwòch yo.

Valentine Prédestin ak Camitha Dorastin te zanmi pwòch. Yo te konn viv tankou de sè. Men yon diskisyon nan yon espas amizman rive kraze relasyon sa a epi mennen yo devan lajistis.

Sa se yon leson pou anpil moun nan sosyete a sou kijan emosyon, fyète ak move kominikasyon kapab detwi relasyon ki te bati pandan plizyè ane.

Pou moman an, dosye ki opoze Valentine Prédestin ak Camitha Dorastin rete yon konfli pèsonèl ki te rive nan espas piblik epi ki te eseye antre nan kad jidisyè a.

Sepandan, daprè enfòmasyon ki disponib yo, KG Jacky Jean te prefere trete kestyon an ak mezi ki respekte limit lalwa, san li pa tonbe nan presyon oswa nan eksè otorite.

Nan yon epòk kote rezo sosyal yo kapab fasilman vire nenpòt ensidan an eskandal piblik, ka sa a montre enpòtans verifikasyon enfòmasyon ak respè pwosedi legal yo. Paske, nan yon sosyete ki vle pwogrese, verite ak lalwa dwe toujou gen plis pwa pase rimè ak emosyon.

Reynoldson Mompoint, Avocat, Communicateur Social, Journaliste

mompointreynoldson@gmail.com

WhatsApp +50937186284

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.